Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bay pitit ou ki adolesan fòmasyon pou l sèvi Jewova

Bay pitit ou ki adolesan fòmasyon pou l sèvi Jewova

“Jezi te kontinye gen plis sajès, li te kontinye grandi e li te kontinye jwenn favè nan men Bondye ak nan men lèzòm.” — LIK 2:52.

KANTIK: 41, 89

1, 2. a) Ki enkyetid kèk paran konn genyen lè pitit yo vin adolesan? b) Nan ki sans tout bagay ka byen mache pou jèn yo lè yo adolesan?

PARAN ki kretyen yo kontan anpil lè yo wè pitit yo ap batize. Men sa Berenice, yon manman ki gen kat pitit ki te rive batize anvan yo gen 14 an, fè konnen: “Se te yon eksperyans ki vrèman touche n. Nòmalman, nou te kontan dèske pitit nou yo te vle sèvi Jewova. Men, nou te konnen lè timoun nou yo vin adolesan, yo t ap jwenn anpil difikilte.” Si w gen pitit ki adolesan oswa ki prèske adolesan, ou ka konprann rezon ki fè Berenice te enkyete l la.

2 Men sa yon ekspè nan zafè devlopman timoun fè konnen aktout li admèt peryòd adolesans lan ka difisil anpil ni pou paran ni pou adolesan: “Peryòd adolesans lan pa yon peryòd pou moun aji tankou moun fou oswa sou kout tèt. Se yon peryòd ki enpòtan anpil pou yon moun aprann kontwole santiman l, pou l aprann pase tan ak lòt moun e pou l aprann fè imajinasyon l travay.” Pandan pitit ou yo adolesan, yo ka vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova, yo ka fikse objektif ki gen rapò ak travay predikasyon an epi pousuiv objektif sa yo, yo ka chèche fè plis toutpandan y ap vwe lavi yo bay Bondye epi viv ann amoni ak ve yo fè a. Yo ka wè peryòd adolesans lan se yon bon moman pou yo grandi nan domèn espirityèl menm jan Jezi te fè sa lè l te jèn. (Li Lik 2:52.) Antanke paran, ki wòl ou ka jwe nan ane enpòtan sa yo nan lavi pitit ou? Ann wè fason Jezi te montre l gen lanmou, imilite ak bon konprann toutpandan l t ap grandi. Ki jan kalite sa yo ka ede w bay pitit ou ki adolesan fòmasyon pou l sèvi Jewova?

DEMONTRE LANMOU POU PITIT OU KI ADOLESAN

3. Ki sa k fè Jezi te ka rele apot li yo zanmi l?

3 Jezi te yon zanmi ki gen lanmou e ki fidèl. (Li Jan 15:15.) Nan tan biblik yo, nòmalman, yon mèt pa t konn fè esklav li yo konnen sa k ap pase nan tèt li, ni l pa t konn di yo sa l santi. Epoutan, nonsèlman Jezi te yon mèt pou apot fidèl li yo, men, li te zanmi yo tou. Li te konn pase tan ak yo, li te konn fè yo konnen sa l santi epi l te konn pran san l pou l koute yo lè y ap di l sa k nan kè yo (Mak 6:30-32). Fason sa a Jezi te konn kominike ak apot li yo te fè yo vin gen yon relasyon sere sere avè l e sa te prepare yo pou responsablite yo t apral genyen nan sèvis Bondye a.

4. Ki jan w ka vin yon zanmi pou pitit ou san w pa pèdi otorite w? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Men sa Michael, yon papa ki gen de pitit, fè konnen: “Antanke paran, se vre nou pa pòy timoun nou yo, men, nou ka zanmi yo.” Moun ki zanmi toujou pase tan ansanm. Pran san w pou w egzamine kòman w ka fè ajisteman nan orè travay ou oswa lòt aktivite w genyen pou w ka pase plis tan ak pitit ou. Moun ki zanmi enterese nan menm bagay tou. Kidonk, fè efò pou w renmen sa pitit ou ki adolesan renmen, tankou mizik, fim oswa spò. Men sa Ilaria k ap viv nan peyi Itali fè konnen: “Paran m yo te enterese nan mizik m te konn tande. Anfèt, papa m te vin pi bon zanmi m e m te santi m alèz pou m pale avè l menm sou sijè ki delika.” Lè w vin zanmi pitit ou ki adolesan epi w ede yo vin ‘bon zanmi Jewova’, sa pa vle di w pèdi otorite w pou sa (Sòm 25:14). Okontrè, ou montre w renmen yo, ou respekte yo epi l vin pi fasil pou yo pwoche kote w. Kòm rezilta, l ap pi fasil pou yo di w sa yo santi.

5. Ki jan Jezi te ede disip li yo wè jan sa bay kè kontan lè yon moun ret okipe nan sèvis l ap bay Jewova a?

5 Jezi te vle pou disip li yo li te renmen anpil e ki te zanmi l tou rive wè jan sa bay kè kontan lè yon moun ret okipe nan sèvis l ap bay Jewova a. Se sa k fè l te vle pou yo chofe lè y ap patisipe nan aktivite espirityèl yo. Konsa, Jezi te vle pou yo chofe nan travay fè disip la. Epi, avèk lanmou, li te bay disip li yo asirans l ap ede yo reyisi. — Mat. 28:19, 20.

6, 7. Poukisa lè paran yo tabli yon bon woutin espirityèl e yo kenbe l sa montre yo gen lanmou?

6 Ou vle pou pitit ou ki adolesan kontinye gen bon relasyon ak Bondye, e Bondye vle pou w leve pitit ou nan “disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”. (Efe. 6:4.) Donk, sèvi ak responsablite Bondye ba w la pou w tabli yon bon woutin nan domèn espirityèl e pou w kenbe woutin sa a. Ann pran yon egzanp: Ou fè tout sa w kapab pou w anseye pitit ou paske w konnen edikasyon yo enpòtan e w espere sa ap fè yo vin renmen aprann. Menm jan an tou, paran ki gen lanmou yo fè tout sa yo kapab pou pitit yo jwenn byenfè nan ‘avètisman Jewova bay’ nan reyinyon kongregasyon an ak lòt aktivite espirityèl yo. Etandone edikasyon Jewova bay la enpòtan anpil, ou fè gwo efò pou w fè pitit ou vin renmen bagay espirityèl yo e pou yo rekonèt li bon pou yo gen sajès (Pwo. 24:14). Menm jan Jezi te ede disip li yo, ou chèche ede pitit ou ki adolesan pou yo reyisi nan travay predikasyon an lè w ede yo vin renmen anseye Pawòl Bondye a e pou yo vin gen yon bon woutin nan travay predikasyon an.

7 Ki fason yon bon woutin espirityèl ka ede adolesan yo? Men sa Erin k ap viv ann Afrik disid fè konnen: “Lè nou te timoun, byen souvan, nou te konn santi n pa alèz nan etid Labib yo, nan reyinyon yo ak nan travay predikasyon an e n te konn plenyen pou sa tou. Pafwa, nou te konn fè dezòd nan etid familyal la yon fason pou n ka kite etid la. Men, paran nou pa t janm bay legen.” Men sa Erin ajoute: “Fòmasyon sa a te ede m vin gen plis andirans. Kounye a, si yon bagay ta anpeche m kenbe woutin espirityèl mwen, mwen vin anvi retounen ladan l rapid rapid ankò. M panse m pa t ap gen anvi sa a si paran m yo pa t montre yo fèm nan fason yo te kontinye kenbe yon woutin espirityèl. Si yo te bay legen, mwen sèten mwen t ap twouve l pi fasil pou m rate reyinyon yo oswa lòt aktivite espirityèl yo.”

ANSEYE IMILITE GRASA EGZANP OU

8. a) Ki fason Jezi te montre l konn limit li? b) Ki efè imilite Jezi te gen sou disip li yo?

8 Byenke Jezi te yon moun ki pafè, avèk imilite, li te rekonèt limit li e l te konte sou Jewova. (Li Jan 5:19.) Lefètke Jezi te gen imilite, èske sa te fè disip li yo gen mwens respè pou li? Non, jamè! Anfèt, plis Jezi te konte sou Jewova, se plis disip li yo te gen konfyans nan li. Annapre, yo te demontre imilite menm jan ak Jezi. — Tra. 3:12, 13, 16.

9. Lè w mande eskiz avèk imilite e w rekonèt limit ou, ki efè sa ka gen sou pitit ou ki adolesan?

9 Nou gen anpil limit, epi, kontrèman ak Jezi, nou se moun ki enpafè e n konn fè erè. Kidonk, avèk imilite, montre w rekonèt limit ou, epi admèt erè w fè yo (1 Jan 1:8). Dayè, pou kiyès w ap gen plis respè? Èske se pou yon patwon ki admèt erè l fè oswa pou yon patwon ki pa janm mande eskiz? Lè pitit ou ki adolesan tande w k ap mande eskiz pou erè w fè, se sèten l ap gen plis respè pou ou. Anplis de sa, l ap admèt erè l fè. Men sa Rosemary, yon manman ki gen twa adolesan, fè konnen: “Nou te konn admèt erè n fè e sa te fè timoun yo santi yo alèz pou yo pale avè n lè yo gen yon pwoblèm. Piske n te rekonèt limit nou, nou te anseye timoun nou yo pi bon fason pou yo rezoud pwoblèm yo. Lè yo te bezwen èd, nou te toujou voye yo al gade nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la e n te konn priye ak yo.”

10. Ki jan Jezi te montre l gen imilite lè l t ap bay disip li yo lòd?

10 Jezi te gen otorite pou l bay disip li yo lòd. Sepandan, avèk imilite, byen souvan li te konn di yo rezon ki fè l ba yo yon lòd. Pa egzanp, li pa t annik di disip li yo pou yo chèche Wayòm nan an premye epi pou yo chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, men, li te di yo tou: “[Bondye] ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” Apre Jezi te fin di yo “sispann jije”, men rezon li te ba yo: “Pou yo pa jije nou. Paske, jan nou jije a, se konsa y ap jije nou.” — Mat. 6:31–7:2.

11. Lè sa apwopriye, poukisa li saj pou paran yo esplike rezon ki fè yo tabli yon règ oswa yo pran yon desizyon?

11 Nan yon moman ki apwopriye, esplike pitit ou rezon ki fè w tabli yon règ oswa w pran yon desizyon. Si yon adolesan konprann sa w panse sou sijè a, l ap pi dispoze obeyi w ak tout kè l. Men sa Barry, yon papa ki te leve kat pitit, fè konnen: “Lè w fè pitit ou ki adolesan konn rezon ki fè w pran yon desizyon, sa ede yo fè w konfyans paske yo konprann desizyon w pran yo se pa desizyon w pran ak gwo ponyèt oswa sou kout tèt, men, se desizyon ki rezonab.” Anplis de sa, yon adolesan bezwen sèvi ak ‘kapasite l genyen pou l rezone a’ yon fason pou l gen matirite pou l vin granmoun (Wom. 12:1). Men sa Barry fè konnen: “Adolesan yo bezwen aprann kòman pou yo pran bonjan desizyon ki rezonab e ki pa baze sou santiman.” (Sòm 119:34). Lè w fè pitit ou ki adolesan konn rezon ki fè w pran yon desizyon e w fè sa avèk imilite, timoun nan ka santi w konprann l ap vin gen plis matirite e l ap aprann kòman pou l sèvi ak ‘kapasite l genyen pou l rezone a’ pou l pran pwòp desizyon pa l.

MONTRE W GEN BON KONPRANN EPI CHÈCHE KONPRANN PITIT OU

12. Ki fason Jezi te sèvi ak bon konprann pou l ede Pyè?

12 Jezi te montre l gen bon konprann e l te konn ki kote disip li yo te bezwen èd. Pa egzanp, apot Pyè te gen bon entansyon lè l t ap ankouraje Jezi pou l pa di l pral mouri a. Sepandan, Jezi te konnen ankourajman Pyè a te baze sou fo rezònman. Pou Jezi te ede Pyè ansanm ak lòt apot yo, li te ba yo yon konsèy ki klè lè l te montre yo ki konsekans sa genyen lè yon moun toujou ap rale kò l dèyè e l te atire atansyon yo sou byenfè yon moun ap jwenn lè l demontre lespri sakrifis (Mat. 16:21-27). Pyè te aprann leson an. — 1 Pyè 2:20, 21.

13, 14. a) Ki sa k ka fè w konnen si lafwa pitit ou ki adolesan ap febli? b) Ki jan w ka sèvi ak bon konprann pou w ka konprann pitit gason w oswa pitit fi w e pou w ede yo toutbon?

13 Priye Jewova pou l ede w gen bon konprann yon fason pou w ka konn ki kote pitit ou ki adolesan bezwen èd (Sòm 32:8). Pa egzanp, ki sa k ka fè w konnen si lafwa pitit ou ap febli? Petèt li kòmanse ap pèdi jwa l, l ap pale frè ak sè yo mal oswa l kòmanse kenbe sekrè pou ou. Pa kouri panse bagay sa yo se siy ki montre pitit ou ap mennen yon lòt vi e l ap fè gwo peche *. Yon lòt bò, pa fèmen je w sou siy sa yo oswa pa annik panse li nòmal pou l izole tèt li.

Kreye okazyon pou w ede pitit ou vin gen zanmi nan kongregasyon an. (Gade paragraf 14.)

14 Menm jan ak Jezi, poze kesyon w yo yon fason ki janti e fè sa ak respè. Lè w rale yon so dlo twò vit nan yon pi, sa ka lakòz ou pèdi enpe nan dlo a. Menm jan an tou, si w sèvi ak twòp fòs lè w ap pale ak pitit ou ki adolesan, sa ka fè w pèdi yon bon okazyon pou w aprann konnen panse l ak entansyon l. (Li Pwovèb 20:5.) Men sa Ilaria, sè nou te pale de li talè a, fè konnen: “Lè m te adolesan, mwen te vle mache nan laverite epi m te vle pase plis tan ak kamarad lekòl mwen yo anmenmtan. Lit sa a m t ap mennen an te gen efè sou mwen e paran m yo te wè sa. Yon jou swa, yo te annik di m yo wè m yon ti jan dekouraje e yo te mande m sa m genyen. Mwen te tonbe kriye, m te esplike yo sitiyasyon an epi m te mande yo èd. Yo te sere m nan bra yo, yo te di m yo konprann mwen e yo te pwomèt y ap ede m.” San pèdi tan, paran Ilaria yo te kòmanse ede l chèche gen nouvo zanmi ak pi bon zanmi nan kongregasyon an.

15. Esplike fason Jezi te montre l gen bon konprann nan relasyon l ak lòt moun.

15 Jezi te montre l gen bon konprann tou lè l te wè ki kote disip li yo te bezwen èd e ki kote yo te fò. Pa egzanp, lè yon mesye ki rele Natanayèl te tande Jezi se moun Nazarèt, li te di: “Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt?” (Jan 1:46). Lè w konsidere kòmantè sa a, ki kalite moun ou ta gendwa di Natanayèl ye? Yon moun ki renmen kritike lòt moun? Yon moun ki gen prejije? Yon moun ki manke lafwa? Jezi te montre l gen bon konprann epi l te chèche wè sa ki bon lakay Natanayèl. Jezi te di Natanayèl se “yon Izrayelit ki vrèman pa gen riz nan li”. (Jan 1:47.) Jezi te ka li nan kè moun e l te sèvi ak kapasite sa a pou l chèche wè sa ki bon lakay lòt moun.

16. Ki jan w ka ede pitit ou ki adolesan pou l devlope bèl kalite l genyen yo?

16 Se vre w pa ka li nan kè moun, men, Bondye ka ede w aji ak bon konprann. Èske w ap sèvi ak kapasite sa a pou w chèche wè sa ki bon lakay pitit ou ki adolesan? Pa gen okenn moun ki ta renmen yo di l se yon moun k ap bay pwoblèm. Kit se nan sa w panse, kit se nan pawòl ou, pa janm konsidere pitit gason w oswa pitit fi w ki adolesan kòm yon pitit ki rebèl oswa kòm yon moun ki chaje defo. Menmsi pitit ou ki adolesan ap fè fas ak anpil difikilte, fè l konnen w wè kapasite l genyen ak bonjan anvi l genyen pou l fè sa ki dwat. Note nenpòt ti siy li bay ki montre l ap grandi e l ap pwogrese, epi, felisite l pou sa. Ba l plis responsablite lè sa posib pou w ka ede l devlope bèl kalite l genyen yo. Jezi te fè sa pou disip li yo. Anviwon ennan edmi apre Jezi te fin rankontre Natanayèl la (yo te konn rele l Batèlmi tou), Jezi te chwazi l kòm apot e Natanayèl te pwouve l se yon kretyen ki zele (Lik 6:13, 14; Tra. 1:13, 14). Lè w felisite pitit ou epi w ankouraje l, sa ka fè l santi l se yon kretyen ki gen matirite, yon kretyen Jewova ka itilize e l pa yon moun ki pa janm ka fè sa yo atann de li.

YON FÒMASYON KI BAY ANPIL KÈ KONTAN

17, 18. Ki rezilta gwo efò w ap fè pou w ede pitit ou ki adolesan pou l sèvi Jewova ka bay?

17 Toutpandan w ap leve pitit ou, pafwa, ou ka santi w menm jan ak apot Pòl ki te vin yon papa espirityèl pou anpil moun. Li te tèlman “renmen” pitit espirityèl li yo ki te nan vil Korent, sa te fè l ‘boulvèse anpil e kè l te sere anpil’. (2 Kor. 2:4; 1 Kor. 4:15.) Men sa Victor, yon papa ki te leve de pitit gason ak yon pitit fi, fè konnen: “Ane timoun nou yo te adolesan pa t fasil ditou. Sepandan, nou te konn pase plis bon moman lontan pase kantite difikilte n te rankontre yo. Grasa èd Jewova, nou te gen bon relasyon ak pitit nou yo.”

18 Pa janm sispann fè efò pou w bay pitit ou fòmasyon pou l sèvi Jewova. Toutpandan w ap montre jis nan ki pwen w renmen yo, nou swete pou w jwenn kokennchenn jwa sa bay lè w wè yo vin nan laverite epi yo kontinye rete pami tout pitit espirityèl ki “kontinye ap mache nan laverite” yo! — 3 Jan 4.

^ § 13 Paran yo ka anvi egzamine liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques volim 1 an, paj 317 ak volim 2 a, paj 136-141.