Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou montre nou donan tankou Jewova

Annou montre nou donan tankou Jewova

JEWOVA se yon Dye ki donan (Jak 1:17). Soti nan zetwal ki nan syèl la rive nan plant ki kouvri tè a, kreyasyon Jewova a montre l donan. — Sòm 65:12, 13; 147:7, 8; 148:3, 4.

Salmis lan te tèlman rekonesan anvè Kreyatè l la sa te pouse l konpoze yon chante pou l fè louwanj pou travay Jewova yo. Li Sòm 104, epi gade si w pa santi w menm jan ak salmis lan. Men sa l te di: “M ap chante pou Jewova pandan tout vi m. Toutotan m vivan, m ap chante louwanj pou Bondye m nan.” (Sòm 104:33). Èske se sa w anvi fè tou?

PI BÈL EGZANP LAN

Jewova vle pou n suiv egzanp li antanke moun ki donan. Li bay bonjan rezon ki fè n dwe renmen bay. Gade ki sa li te pouse apot Pòl ekri: “Anseye moun ki rich nan sistèm ki la kounye a pou yo pa awogan, pou yo pa met espwa yo nan richès ki pa sèten, men pou yo mete l nan Bondye, ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka jwi yo. Di yo pou yo travay pou sa ki byen, pou yo rich nan fè bèl aksyon, pou yo donan e pou yo dispoze pataje ak lòt moun, e konsa, y ap sere yon trezò pou yo menm, sa vle di yon bon baz pou lavni, dekwa pou yo ka kenbe lavi toutbon an fèm.” — 1 Tim. 6:17-19.

Lè apot Pòl te ekri dezyèm lèt li te voye bay kongregasyon Korent lan, li te mete aksan sou bonjan atitid moun dwe genyen nan kesyon bay la. Men sa l te di: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” (2 Kor. 9:7). Apre sa, apot Pòl te pale de moun ki jwenn byenfè grasa don lòt moun fè. Li te pale de moun ki resevwa don sa yo paske yo rive jwenn sa yo bezwen e l te pale de moun ki fè don yo kòm moun ki jwenn anpil benediksyon nan men Bondye. — 2 Kor. 9:11-14.

Apot Pòl te pale de pi gwo prèv ki montre Bondye donan an nan fen pati sa a nan lèt li a. Men sa l te ekri: “N ap di Bondye mèsi pou kado l bay la, yon kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l.” (2 Kor. 9:15). Kado Jewova bay la gen ladan l tout bon bagay Bondye fè pou pèp li a pa mwayen Jezi Kris. Yo tèlman anpil, moun pa jwenn mo pou yo esplike tout valè yo genyen.

Ki jan n ka montre n rekonesan pou tout sa Jewova ak Pitit Gason l lan fè pou nou e pou sa yo pral fè pou nou? Youn nan fason nou ka fè sa se lè n bay tan nou, fòs nou, ak lòt bagay nou genyen pou vrè adorasyon n ap bay Jewova a ka kontinye pwogrese, kit sa nou bay la piti, kit li anpil. — 1 Kwo. 22:14; 29:3-5; Lik 21:1-4.