Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bay pitit ou fòmasyon pou l sèvi Jewova

Bay pitit ou fòmasyon pou l sèvi Jewova

“Ou menm vrè Dye a, [...] voye [sèvitè w la] kote nou ankò pou li ka di nou sa pou n fè pou timoun ki pral fèt la.” — JIJ 13:8.

KANTIK: 88, 120

1. Ki jan Manowa te reyaji lè l te aprann li t apral gen yon pitit?

MADANM Manowa pa t ka ba l yon nouvèl ki te ka fè l pi sezi pase sa. Dayè, yo toule de te konnen madanm nan pa t ka fè pitit. Sepandan, zanj Jewova a te parèt devan madanm nan, e sa k te parèt enposib la te vin yon reyalite: Manowa ak madanm li t apral gen yon pitit gason! Se sèten Manowa te kontan, men, li pa t fèmen je l sou kokenn responsablite ki te sou zepòl li a tou. Ki jan li menm ak madanm li t ap ka bay pitit gason yo a fòmasyon pou l sèvi Bondye nan yon nasyon ki chaje ak mechanste? Manowa te “sipliye Jewova”, li di: “Gen yon sèvitè w [zanj lan], ou menm vrè Dye a, ou fèk sot voye vin pale ak nou, tanpri, voye l kote nou ankò pou li ka di nou sa pou n fè pou timoun ki pral fèt la.” — Jij 13:1-8.

2. Ki sa sa mande pou w bay pitit ou fòmasyon? (Gade kare “ Etidyan Labib ou genyen ki pi enpòtan yo” tou.)

2 Si w se yon paran, ou ka konprann sa k fè Manowa te sipliye Bondye konsa. Ou gen yon gwo responsablite tou pou w ede pitit ou vin konnen Jewova epi renmen l (Pwo. 1:8). Se sa k fè, paran kretyen yo pran dispozisyon pou yo gen yon bon pwogram adorasyon an fanmi k ap ede fanmi yo pwogrese. Nòmalman, pou w fè laverite antre nan kè pitit ou, li pa sifi pou w annik fè adorasyon an fanmi chak semèn. (Li Detewonòm 6:6-9.) Ki jan w ka rive fè fas ak difikilte ki genyen pou w fè laverite antre nan kè pitit ou? Atik sa a ak atik ki vin apre a pral montre ki jan paran yo ka suiv egzanp Jezi. Byenke Jezi pa t gen pitit, paran yo ka aprann nan fason l te anseye disip li yo, paske l te demontre lanmou, imilite ak bon konprann lè l t ap anseye yo e lè l t ap fòme yo. Ann egzamine kalite sa yo youn apre lòt.

MONTRE W GEN LANMOU POU PITIT OU

3. Ki jan Jezi te montre l renmen disip li yo?

3 Jezi pa t pè di disip li yo li renmen yo. (Li Jan 15:9.) Li te montre yo li renmen yo tou lè l te toujou dispoze pase tan avèk yo (Mak 6:31, 32; Jan 2:2; 21:12, 13). Jezi pa t twò serye avèk yo. Konsa, yo pa t bezwen ap mande tèt yo si l renmen yo vre. Ki jan w ka imite fason Jezi anseye?

4. Ki jan w ka rive fè pitit ou gen konviksyon ou renmen l? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Fè pitit ou konnen ou renmen yo, e toujou dispoze montre yo tout valè yo gen pou ou (Pwo. 4:3; Tit 2:4). Men sa Samuel k ap viv ann Ostrali di: “Lè m te toupiti, papa m te konn li nan Liv istwa biblik mwen an pou mwen chak swa. Li te konn reponn kesyon m poze yo, li te konn ban m akolad, li te konn bo m anvan m dòmi. Se pa ti sezi m te sezi aprann papa m pa t leve nan yon fanmi kote moun te konn bo moun oswa bay moun akolad! Malgre sa, li te fè anpil efò pou l montre m li renmen m. Kòm rezilta, mwen te renmen papa m anpil, mwen te santi m kontan e m te alèz.” Ede pitit ou santi yo menm jan an lè w toujou di yo: “M renmen w pitit mwen.” Montre w gen afeksyon pou pitit ou. Pale avè yo, manje avè yo epi jwe avè yo.

5, 6. a) Ki sa Jezi fè pou moun li renmen yo? b) Esplike ki jan bonjan disiplin ede timoun yo santi yo an sekirite epi paran yo renmen yo.

5 Jezi te fè konnen l ‘reprimande epi l disipline tout moun li gen afeksyon pou yo’ *. (Rev. 3:19.) Malgre disip Jezi yo te toujou ap diskite pou yo konn kiyès ki gen plis enpòtans pami yo, Jezi pa t janm bouke avè yo. Mete sou sa, li pa t fèmen je sou sa lè yo pa t suiv konsèy li. Li te demontre lanmou ak dousè nan fason l te reprimande yo nan yon lè ak yon kote ki te apwopriye pou sa. — Mak 9:33-37.

6 Montre pitit ou yo ou renmen yo lè w disipline yo. Pafwa w ka sèlman bezwen esplike rezon ki fè yon konduit bon oubyen l pa bon. Sa ka rive yon timoun gendwa pa fè sa w di l fè (Pwo. 22:15). Lè konsa, imite Jezi. Nan yon moman ak yon kote ki apwopriye pou sa, montre w gen lanmou, dousè ak pasyans lè w ap bay pitit ou enstriksyon, fòmasyon ak koreksyon. Men sa Elaine, yon sè ann Afrik disid, fè konnen: “Paran m yo te montre yo fèm nan fason yo te konn bay disiplin. Si yo ta fè m konnen sa k ap rive m si m ta fè yon move bagay, y ap toujou kenbe pawòl yo. Men, yo pa t janm an kòlè lè y ap disipline m ni yo pa t janm pa di m rezon ki fè y ap disipline m nan. Kòm rezilta, m te santi m an sekirite, m te konn limit mwen e m te konn sa y ap atann de mwen.”

MONTRE W GEN IMILITE

7, 8. a) Ki jan Jezi te montre l gen imilite lè l ap priye? b) Ki jan priyè w fè kapab aprann pitit ou konte sou Bondye?

7 Imajine jan disip Jezi yo te dwe santi yo lè yo te tande oswa yo te vin aprann sa Jezi te di nan youn nan dènye priyè li te fè antanke moun: “O Papa [“Abba”], Papa, tout bagay posib pou ou. Retire koup sa a devan m. Men, se pa jan mwen vle, men se jan ou vle *.” (Mak 14:36, nòt). Sandout siplikasyon sa a te fè disip Jezi yo konprann si Pitit Gason Bondye a ki pafè te priye Bondye avèk imilite pou l mande l èd, yo menm tou yo dwe fè menm jan an.

8 Ki sa timoun ou yo aprann nan priyè w fè yo? Se vre w pa priye Jewova toudabò pou w anseye pitit ou. Men, lè w priye avèk imilite devan pitit ou, y ap aprann konte sou Jewova. Men sa Ana k ap viv nan peyi Brezil di: “Lè te gen pwoblèm, tankou lè granparan m yo malad, paran m yo te konn mande Jewova fòs pou yo ka fè fas ak sitiyasyon an e yo te konn mande l sajès pou yo pran bon desizyon. Menm lè yo te anba gwo presyon yo te konn kite pwoblèm yo nan men Jewova. Sa te vin fè m aprann konte sou Jewova.” Lè w ap priye ak pitit ou, pa annik priye pou yo sèlman. Mande Jewova pou l ede w tou, petèt pou l ede w konn ki jan pou w pale ak patwon w yon fason pou l ba w konje pou w al asiste kongrè. Mande Jewova kouraj pou w ka preche vwazen w yo oswa pou l ede w lòt fason ankò. Avèk imilite, konte sou Jewova e pitit nou ap aprann fè sa tou.

9. a) Ki fason Jezi te bay disip li yo fòmasyon pou yo sèvi lòt moun avèk imilite? b) Si w dispoze ede lòt moun, ki sa pitit ou yo ap aprann fè tou?

9 Kit se nan pawòl kit se nan egzanp, Jezi te bay disip li yo fòmasyon pou yo sèvi lòt moun avèk imilite. (Li Lik 22:27.) Li te anseye apot li yo pou yo demontre lespri sakrifis nan sèvis y ap bay Jewova a ak nan relasyon yo gen ak kwayan parèy yo. Grasa egzanp ou bay ak lespri sakrifis ou demontre avèk imilite, ou ka aprann montre pitit ou fè menm jan an. Men sa Debbie, yon manman ki gen de pitit, te di: “M pa janm santi m jalou akoz tan mari m konn pase ak lòt moun antanke ansyen. M konnen nenpòt lè fanmi an bezwen l, l ap la pou nou.” (1 Tim. 3:4, 5). Men sa Pranas, mari Debbie a, te ajoute: “Pi devan, pitit nou yo te vin chofe pou yo patisipe nan asanble yo ak nan lòt aktivite espirityèl. Yo te fè bonjan pwogrè, yo te vin gen zanmi e yo te santi yo lakay yo!” Kounye a, tout fanmi an ap sèvi Jewova nan sèvis aplentan. Timoun ou yo ap ka aprann sèvi lòt moun lè yo wè fason w montre w gen imilite ak lespri sakrifis.

MONTRE W GEN BON KONPRANN

10. Ki jan Jezi te montre l gen bon konprann lè yon foul moun te vin kote l?

10 Jezi te montre l gen bon konprann nan fason l te konn chèche wè pi lwen pase sa k parèt devan l ak lè l te konn chèche wè rezon ki fè moun yo te konn aji tèl ou tèl fason. Yon lè, gen kèk nan moun Galile ki t ap koute l yo ki te montre yo chofe pou yo suiv li (Jan 6:22-24). Men, piske Jezi te konn li sa k nan kè moun, li te wè sa k te pi enterese yo se manje fizik, men se pa sa l t ap anseye yo (Jan 2:25). Li te wè move panse yo te genyen an, li te korije yo avèk pasyans, epi l te esplike yo sa pou yo fè pou yo chanje. — Li Jan 6:25-27.

Èske travay predikasyon an enteresan pou pitit ou e yo kontan fè l? (Gade paragraf 11.)

11. a) Bay yon egzanp ki montre kòman lè w montre w gen bon konprann sa ka ede w wè si pitit ou renmen travay predikasyon an. b) Ki jan w ka fè travay predikasyon an vin pi enteresan pou pitit ou?

11 Byenke n pa ka li kè moun, nou menm tou nou ka montre n gen bon konprann epi n ka rive konnen ki fason pitit nou yo konsidere travay predikasyon an. Gen anpil paran ki renmen pran yon ti poz pandan y ap preche pou pèmèt pitit yo fè yon ti kanpe pou yo manje. Men w ka chèche wè pi lwen pase sa k devan w epi w ka mande tèt ou: ‘Èske timoun mwen yo pi renmen predikasyon an oswa yo pi renmen ti moman poz yo?’ Si w rann ou kont travay predikasyon an ka vin pi enteresan pou timoun ou yo, ede yo fikse kèk objektif. Fè tèt ou travay pou w wè fason w ka ede yo preche ak tout kè yo kòm patnè predikasyon w.

12. a) Ki jan Jezi te montre l gen bon konprann lè l t ap avèti disip li yo kont imoralite? b) Sa k fè avètisman Jezi a te byen tonbe?

12 Jezi te montre l gen bon konprann tou lè l te idantifye erè ki ka mennen nan peche yo. Pa egzanp, disip li yo te konnen imoralite seksyèl pa bon. Aktout sa, Jezi te avèti kont tout sa k ka mennen nan imoralite seksyèl yo. Men sa l te di yo: “Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l. Se sa k fè, si se je dwat ou k ap fè w peche, rache l, voye l jete byen lwen w.” (Mat. 5:27-29). Pawòl sa yo te byen tonbe pou kretyen ki t ap viv anba dominasyon women yo. Gen yon istoryen ki fè konnen, nan sèn teyat women yo, “moun yo te konn wè e yo te konn tande vye bagay e yo te konn plis bat bravo pou sèn ki pi chokan yo”. Se pa ti lanmou ak bon konprann Jezi te demontre lefètke l te ankouraje disip li yo pou yo evite bagay ki ka fè l difisil pou yo ret pwòp nan domèn moral!

13, 14. Ki jan w ka pwoteje pitit ou kont divètisman ki pa pwòp?

13 Bon konprann ka ede w pwoteje pitit ou kont tout sa k ka met relasyon l ak Bondye an danje. Jodi a, kontrèman ak jan sa te ye anvan, se depi timoun yo toupiti yo gen posiblite wè pònografi. Nòmalman, paran ki kretyen yo fè pitit yo konnen divètisman imoral pa bon. Sepandan, bon konprann ka ede w wè rezon ki fè pitit ou ka anvi gade pònografi. Mande tèt ou: ‘Ki sa k ka fè pitit mwen anvi gade pònografi? Èske l konn rezon ki fè se yon gwo danje sa ye? Èske l ap santi l alèz pou l vin kote m pou m ede l si l ta anvi gade pònografi?’ Menm lè timoun ou yo piti anpil, ou ka di yo: “Si yon jou je n tonbe sou yon sit imoral e nou santi n anvi gade sa k sou li, tanpri, vin pale avè m. Nou pa bezwen wont, m vle ede n.”

14 Bon konprann ap ede w byen chwazi kalite divètisman w ap pran tou. Men sa Pranas, nou te pale de li talè a, fè konnen: “Antanke paran, chwa nou fè nan domèn mizik, fim oswa liv ap montre fanmi an sa l dwe chwazi. Ou ka pale sou anpil bagay, men, se sa pitit ou wè w fè y ap imite.” Si pitit ou wè w pran san w pou w chwazi divètisman ki pwòp, se sèten y ap anvi fè menm jan avè w. — Wom. 2:21-24.

VRÈ DYE A AP KOUTE W

15, 16. a) Ki sa k fè w ka gen asirans Bondye ap ede w bay pitit ou fòmasyon? b) Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

15 Ki sa k te rive lè Manowa te mande Bondye montre l ki jan pou l leve pitit gason l lan? “Vrè Dye a [te] koute Manowa.” (Jij 13:9). Paran, Jewova ap koute w tou. L ap reponn priyè w yo e l ap ede w bay pitit ou fòmasyon. Ou ka reyisi lè w demontre lanmou, imilite ak bon konprann.

16 Menm jan Jewova ede paran yo bay timoun yo fòmasyon, li ka ede yo bay adolesan yo fòmasyon tou. Atik ki vin apre a pral montre ki jan w ka imite Jezi nan fason l te demontre lanmou, imilite ak bon konprann toutpandan w ap bay pitit ou ki adolesan fòmasyon pou yo vin sèvi Jewova.

^ § 5 Selon Labib, disipline gen ladan l bay enstriksyon, fòmasyon, koreksyon e pafwa pinisyon avèk lanmou, men, jamè ak kòlè.

^ § 7 Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Nan konvèsasyon moun yo te konn genyen nan epòk Jezi a, toudabò, yo te konn sèvi ak mo ‘abba’ a [‘abbā’] pou yo montre entimite ak respè yon pitit gen pou papa l.” — The International Standard Bible Encyclopedia.