Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ‘renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou’?

Èske w ‘renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou’?

“Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” — MAT. 22:39.

KANTIK: 73, 36

1, 2. Ki jan Labib montre enpòtans lanmou genyen?

LANMOU se kalite ki pi fò lakay Jewova Dye (1 Jan 4:16). Jezi, premye moun Bondye te kreye a, te fè anpil ane ap viv ak Bondye nan syèl la e l te aprann nan fason Bondye demontre lanmou (Kol. 1:15). Pandan tout lavi Jezi, san wete lavi l sou tè a, li te montre l vrèman konprann jis nan ki pwen Jewova se yon Bondye lanmou e l te imite lanmou sa a. Se sa k fè n ka gen konfyans se lanmou k ap toujou enfliyanse fason Jewova ak Jezi ap dirije a.

2 Lè yon moun te mande Jezi ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa, li te di l: “‘Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.’ Sa a se pi gwo kòmandman an, e se premye a. Men dezyèm nan, ki menm jan avè l: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’” — Mat. 22:37-39.

3. Kiyès ki “pwochen nou”?

3 N ap remake Jezi te met lanmou pou pwochen tousuit apre lanmou pou Jewova. Sa montre jan l enpòtan pou n demontre lanmou nan relasyon nou ak tout moun. Men, kiyès ki “pwochen” nou? Si n marye, se moun nou marye avè l la ki premye pwochen nou. Epi, moun ki nan kongregasyon an se pwochen nou tou paske yo se moun k ap adore vrè Dye a menm jan avè n. Moun nou rankontre nan travay predikasyon an se pwochen nou tou. Ki jan moun k ap adore Jewova yo ak moun k ap suiv ansèyman Pitit gason l lan demontre lanmou pou pwochen yo?

DEMONTRE LANMOU POU MOUN OU MARYE AVÈ L LA

4. Ki sa k fè n ka reyisi maryaj nou malgre n enpafè?

4 Jewova te fè premye maryaj la lè l te kreye Adan ak Èv epi l te mete yo ansanm. Objektif li se te pou yo viv ak kè kontan, pou yo viv ansanm pou toutan e pou yo ranpli tè a ak desandans yo (Jen. 1:27, 28). Sepandan, rebelyon ki te fèt kont dwa Jewova genyen pou l dirije a te lakòz pwoblèm nan premye maryaj la e l te lakòz peche ak lanmò blayi sou tout moun (Wom. 5:12). Aktout sa, Ekriti yo esplike n ki jan nou ka reyisi maryaj nou. Ekriti yo ede n jwenn pi bon konsèy ki ka genyen sou sijè sa a paske se Jewova ki enspire yo e se li menm ki vin ak maryaj. — Li 2 Timote 3:16, 17.

5. Ki enpòtans lanmou genyen nan yon maryaj?

5 Pawòl Bondye a montre jan lanmou, ki se atachman oswa bonjan afeksyon moun gen youn pou lòt, enpòtan anpil pou yo ka gen kè kontan nan relasyon yo gen youn ak lòt. Se sèten l enpòtan nan maryaj tou. Men sa apot Pòl te di nan yon lèt li te ekri kongregasyon an: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li, li pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l, li pa fè kòlè fasil. Li pa note bagay mal yo fè l. Li pa pran plezi nan sa ki mal, men li pran plezi nan sa ki verite. Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.” (1 Kor. 13:4-8). Sandout, lè n reflechi ak pawòl enspire sa yo e n aplike yo nan lavi n, n ap gen plis jwa nan maryaj nou.

Pawòl Bondye a montre n fason pou n reyisi maryaj nou. (Gade paragraf 6, 7.)

6, 7. a) Ki sa Bib la di sou kesyon otorite a? b) Ki jan yon mari kretyen dwe trete madanm li?

6 Lanmou sitou enpòtan akoz prensip otorite Bondye tabli a. Pòl te di: “Mwen vle nou konnen chèf tout gason se Kris, chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye.” (1 Kor. 11:3). Men, aji antanke chèf pa vle di domine sou lòt moun. Pa egzanp, Jewova egzèse otorite l sou Kris avèk dousè san l pa chèche enterè, e Jezi byen reyaji devan otorite sa a. Li renmen fason Bondye egzèse otorite l avèk lanmou an paske l te di: “Mwen renmen Papa a.” (Jan 14:31). Petèt Jezi pa t ap santi l konsa si Jewova te montre l di oswa l te aji an diktatè nan fason l boule ak sèl Pitit Gason l lan.

7 Byenke yon mari se chèf madanm li, Bib la mande pou l “onore” madanm li (1 Pyè 3:7). Youn nan fason mari yo ka onore madanm yo se lè yo pran bezwen yo an konsiderasyon e lè yo pèmèt yo deside anvan nan kèk sitiyasyon. Se sa k fè Pawòl Bondye a di: “Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li.” (Efe. 5:25). Wi, Jezi te menm bay lavi l pou disip li yo. Lè yon mari imite fason Jezi egzèse otorite l avèk lanmou, l ap pi fasil pou madanm li renmen l, pou l respekte l e pou l soumèt devan l. — Li Tit 2:3-5.

DEMONTRE LANMOU POU FRÈ AK SÈ N YO

8. Ki jan moun k ap adore Jewova yo dwe wè kretyen parèy yo?

8 Toupatou sou tè a, gen plizyè milyon moun k ap adore Jewova e k ap bay temwayaj pou non l ak objektif li. Ki jan chak adoratè Jewova ta dwe wè Temwen parèy li yo? Men repons Pawòl Bondye a bay: “Annou fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki fanmi nou nan lafwa.” (Gal. 6:10; li Women 12:10.) Apot Pyè te ekri: “Piske kounye a nou pirifye tèt nou lefètke nou obeyi laverite, e sa fè nou gen yon afeksyon ki san ipokrizi pou frè yo, se pou nou youn renmen lòt anpil ak tout kè nou.” Mete sou sa, Pyè te di kwayan parèy li yo: “Anvan tout bagay, se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt.” — 1 Pyè 1:22; 4:8.

9, 10. Sa k fè pèp Bondye a gen inite nan mitan yo?

9 Piske n gen yon gwo lanmou pou moun k ap sèvi Jewova menm jan avè n yo, nou se yon òganizasyon ki san parèy sou tè a. Anplis de sa, piske n renmen Jewova e n obeyi lwa l yo, li ede n grasa fòs ki pi pisan ki gen nan linivè a, anpalan de lespri sen l, oswa fòs ki pouse l aji a. Sa pèmèt nou gen bonjan inite nan mitan nou antanke yon fanmi entènasyonal frè ak sè. — Li 1 Jan 4:20, 21.

10 Men sa Pòl te ekri pou l te montre jan l enpòtan pou kretyen yo gen lanmou nan mitan yo: “Se pou nou abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an. Men, anplis tout bagay sa yo, abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay.” (Kol. 3:12-14). Se pa ti kontan n kontan dèske se lanmou, “chenn ki ini moun yon fason ki san fay” la, k ap domine nan mitan nou kèlkeswa fason n te leve oswa nasyonalite nou!

11. Ki jan lanmou ak inite ede moun idantifye òganizasyon Jewova a?

11 Bonjan lanmou ak inite sèvitè Jewova yo genyen an idantifye yo kòm moun k ap pratike vrè relijyon an, paske Jezi te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:34, 35). Epi, apot Jan te ekri: “Men ki jan w ka rekonèt pitit Bondye yo ak pitit Dyab la: Yon moun ki pa pratike sa ki jis pa soti nan Bondye, ni moun ki pa renmen frè l. Paske, men mesaj nou te tande depi okòmansman an: Se pou nou youn renmen lòt.” (1 Jan 3:10, 11). Lanmou ki fè bèl inite sa a vin posib la pèmèt yo idantifye Temwen Jewova yo kòm vrè disip Kris yo, kòm moun Bondye ap itilize pou preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout tè a. — Mat. 24:14.

RASANBLEMAN “YON GWO FOUL MOUN”

12, 13. Ki sa “gwo foul moun” nan ap fè kounye a, e ki sa foul moun sa a pral viv talè konsa?

12 Pifò nan sèvitè Jewova yo fè pati “gwo foul moun [...] ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang” nan. Moun sa yo “kanpe devan twòn [Bondye a] ak devan Ti Mouton an [Jezi Kris]”. Kiyès yo ye? “Yo se moun ki soti anba gwo tribilasyon an. Yo lave wòb long yo, e yo blanchi yo nan san Ti Mouton an”, paske yo montre yo gen lafwa nan sakrifis ranson Jezi a. Moun ki fè pati “gwo foul moun” ki pa sispann ogmante a se moun ki renmen Jewova ak Pitit Gason l lan e “y ap [bay Bondye] yon sèvis sakre lajounen kou lannuit”. — Rev. 7:9, 14, 15.

13 Talè konsa, Bondye pral detwi monn mechan sa a nan “gwo tribilasyon an”. (Mat. 24:21; li Jeremi 25:32, 33.) Men, piske Jewova renmen sèvitè l yo, li pral pwoteje yo antanke gwoup e l pral pèmèt yo antre nan monn nouvo l la. Jan Bib la te di sa sa gen prèske 2000 an, Bondye “ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. Èske w pa anvi viv nan Paradi a apre “ansyen bagay yo disparèt”? — Rev. 21:4.

14. Jis nan ki pwen gwo foul moun nan ap ogmante?

14 Se kèk milye moun sèlman ki t ap sèvi Jewova sou tè a lè dènye jou yo te kòmanse an 1914. Grasa lanmou yon ti rès kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl te gen pou pwochen yo ansanm ak èd lespri sen Bondye te ba yo, yo te kontinye andire nan travay predikasyon an. Kòm rezilta, jodi a, yo kòmanse rasanble yon gwo foul moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Vin gen anviwon 8 000 000 Temwen k ap reyini nan plis pase 115 400 kongregasyon sou tout tè a, e kantite a kontinye ap ogmante. Pa egzanp, gen plis pase 275 500 nouvo Temwen ki te batize pandan ane sèvis 2014 la, sa vle di anviwon 5 300 moun chak semèn.

15. Esplike jis nan ki pwen travay predikasyon k ap fèt kounye a ap gaye.

15 Fason travay predikasyon an ap gaye a se yon bagay ki estrawòdinè. Kounye a, nou pibliye piblikasyon n yo ki baze sou Bib la nan plis pase 700 lang. Toudegad se peryodik ki plis pibliye nan monn nan. Yo enprime plis pase 52 000 000 Toudegad chak mwa nan 247 lang e yo enprime plis pase 200 000 000 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a, ki se liv nou etidye Labib ak moun yo nan plis pase 250 lang.

16. Ki sa k fè gwo akwasman espirityèl nou wè nan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a posib?

16 Gwo akwasman nou wè k ap fèt kounye a se rezilta lafwa nou nan Jewova ak aksepte nou aksepte Bib la kòm Pawòl li te fè ekri grasa yon mirak (1 Tes. 2:13). Sa vrèman estrawòdinè pou n wè jan pèp Bondye a rich nan domèn espirityèl malgre Satan, “dye sistèm sa a”, rayi yo e l opoze ak yo. — 2 Kor. 4:4.

TOUJOU DEMONTRE LANMOU POU LÒT MOUN

17, 18. Ki jan sèvitè Bondye yo dwe boule ak moun ki pap sèvi vrè Dye a?

17 Ki jan sèvitè Jewova yo dwe boule ak moun ki pap adore sèl vrè Dye a? Lè n ap preche, moun yo reyaji plizyè fason. Genyen ki byen reyaji e gen lòt ki mal reyaji. Men, kèlkeswa fason moun yo reyaji, Pawòl Bondye a montre n ki prensip sèvitè Jewova yo dwe suiv. Men sa l di: “Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun.” (Kol. 4:6). Lè n ap defann nou devan nenpòt moun ki mande n rezon ki fè n gen esperans nou genyen an, nou fè sa “avèk dousè e avèk gwo respè” paske n renmen pwochen nou. — 1 Pyè 3:15.

18 Nou demontre lanmou pou pwochen nou menmsi gen kèk nan yo ki an kòlè, ki rejte mesaj nou an e ki pale di ak nou. Nou imite Jezi paske: “Lè yo te joure l, li pa t joure tou. Lè li t ap soufri, li pa t fè menas, men, li te remèt tèt li nan men Sila a ki jije avèk jistis la.” (1 Pyè 2:23). Kit nou ak kwayan parèy nou, kit nou ak lòt moun, nou aji ak imilite e n suiv konsèy ki di: “Pa rann mal pou mal, pa joure moun poutèt yo joure nou. Men okontrè, se pou nou pale avèk konsiderasyon.” — 1 Pyè 3:8, 9.

19. Ki prensip Jezi te bay k ap ede n byen boule ak opozan yo?

19 Piske pèp Jewova a kontinye aji ak imilite, yo obeyi yon prensip enpòtan Jezi te bay nan Diskou li te fè sou Mòn nan, lè l te di: “Nou tande yo te di: ‘Nou dwe renmen pwochen nou, men nou dwe rayi ènmi nou.’ Men mwen menm, men sa m di nou: Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou, pou nou ka montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la, piske l fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon e li fè lapli tonbe ni sou moun ki jis ni sou moun ki pa jis.” (Mat. 5:43-45). Wi, antanke sèvitè Bondye, nou dwe aprann “renmen ènmi nou” yo kèlkeswa fason yo boule avè n.

20. Ki sa k pral pèmèt lanmou pou Bondye ak pou pwochen nou blayi nan monn nouvo a?

20 Nan tout domèn nan lavi a, pèp Jewova a dwe montre yo renmen Jewova ak pwochen yo nan konduit yo ak nan aksyon yo. Pa egzanp, menm lè gen kèk moun ki mal reyaji devan mesaj Wayòm nan, nou demontre lanmou pou pwochen nou lè yo nan bezwen. Men ki sa apot Pòl te ekri: “Pinga nou dwe pèsonn anyen, sof lanmou nou dwe genyen youn pou lòt. Paske, yon moun ki renmen pwochen l obeyi Lalwa kòrèkteman. Paske, Lalwa di: ‘Nou pa dwe fè adiltè, nou pa dwe asasinen moun, nou pa dwe vòlè, nou pa dwe gen tanta’, e li gen lòt kòmandman ankò. Men, pawòl sa a ki di: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou’ an rezime tout sa ki nan Lalwa. Yon moun ki gen lanmou pa fè pwochen l mal. Donk, yon moun ki gen lanmou obeyi Lalwa kòrèkteman.” (Wom. 13:8-10). Antanke Temwen Jewova, nou demontre bonjan lanmou nan monn Satan ap dirije a, yon monn ki pa gen inite, ki vyolan e ki chaje ak mechanste (1 Jan 5:19). Se sèten, se lanmou ki pral pouse tout moun sou tè a aji nan monn nouvo a apre Bondye fin detwi Satan, demon l yo ansanm ak tout rebèl yo. Se pa ti benediksyon sa pral ye lè tout moun sou tè a pral demontre lanmou pou Bondye ansanm ak pwochen yo!