Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

Ki kèk bagay ki pap la ankò lè lafen an vini?

Pami bagay ki pap la ankò yo gen gouvènman lèzòm yo ki echwe, lagè ak enjistis, tout relijyon ki trayi Bondye ak lèzòm yo ak tout moun ki pa renmen Bondye yo. — 1/5, paj 3-5.

Kiyès ki Gòg ki sot nan peyi Magòg yo pale de li nan liv Ezekyèl la?

Olye pou se Satan, sanble Gòg ki sot nan peyi Magòg la gen rapò ak plizyè nasyon rasanble ki pral eseye detwi pèp Bondye a apre gwo tribilasyon an fin kòmanse. — 15/5, paj 29-30.

Ki sis bagay ki ka ede yon moun byen vyeyi?

Bib la di nou dwe 1) modès, 2) ekilibre, 3) pozitif, 4) renmen bay, 5) amikal, epi 6) rekonesan. Lè n demontre kalite sa yo, sa ka ede n byen vyeyi. — 1/6, paj 8-10.

Ki fason mirak Jezi te fè yo montre l renmen bay?

Nan yon maryaj ki te fèt nan vil Kana, Jezi te fè 100 galon dlo (380 lit) tounen diven. Yon lòt lè, li te fè yon mirak kote l te bay plis pase 5 000 moun manje (Mat. 14:14-21; Jan 2:6-11). Toule de fwa sa yo, li te imite Papa l ki renmen bay. — 15/6, paj 4-5.

Sa k fè n ka sèten nou ka fè Bondye plezi malgre n enpafè?

Gen kèk moun tankou Jòb, Lòt ak David ki te fè erè. Sepandan, yo te vle sèvi Bondye, yo te regrèt erè yo te fè yo e yo te chanje fason yo t ap viv. Bondye te fè yo favè e l ka fè n favè tou. — 1/7, paj 12-13.

Èske tout moun ki nan fo relijyon ap mouri lè yo detwi Gwo Babilòn nan?

Sanble se pa sa. Selon Zakari 13:4-6, sanble ap menm gen kèk chèf relijye ki pral vire do bay relijyon e ki pral di yo pa t janm fè pati fo relijyon sa yo. — 15/7, paj 15-16.

Poukisa Barak te di l pral nan lagè sèlman si Debora ale avè l?

Barak te yon moun ki gen lafwa. Olye pou l te mande Jewova fè l jwenn plis epe, li te vle pou Debora, ki te yon reprezantan Jewova, la ansanm avè l pou fòtifye li menm ak gason ki te avè l yo (Jij 4:6-8; 5:7). — 1/8, paj 13.

Sou ki bagay konsa yon kretyen ka medite?

Pami bagay sa yo gen kreyasyon Jewova a, Pawòl li te fè ekri a, privilèj pou n priye a ak ranson an ki se yon dispozisyon ki plen lanmou. — 15/8, paj 10-13.

Ki jan lè n evite move frekantasyon sa gen yon efè sou chwa n ap fè nan renmen?

Nou janti menm ak moun ki pap obeyi Jewova yo. Sepandan, nou pa t ap suiv konsèy Bondye yo si n ta renmen ak yon moun ki pap sèvi Bondye e ki pa fidèl ak prensip li yo (1 Kor. 15:33). — 15/8, paj 25.

Ki fason Pyè te pèdi lafwa epi l te vin gen lafwa ankò?

Grasa lafwa, apot Pyè te mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi (Mat. 14:24-32). Men, Pyè te vin pè lè l t ap gade jan van an fò. Apre sa, li te fikse lespri l sou Jezi ankò epi l te aksepte Jezi ede l. — 15/9, paj 16-17.

Selon Travay 28:4, moun Malt yo te panse Pòl te yon asasen. Ki sa k fè yo te panse sa?

Lè yon vipè te mòde Pòl, petèt yo te panse se Dike, deyès jistis la, ki t ap pini Pòl. — 1/10, paj 9.

Ki leson nou jwenn nan istwa kote Mat te okipe nan fè anpil travay la?

Yon lè, Mat te okipe anpil nan prepare anpil manje. Jezi te di sè Mat la te chwazi pi bon pati a lefètke l te chwazi koute ansèyman Jezi a. Nou bezwen fè atansyon pou n pa kite bagay ki pa nesesè yo pran pye sou aktivite espirityèl yo. — 15/10, paj 18-20.