Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova, Bondye ki konn kominike a

Jewova, Bondye ki konn kominike a

“Tanpri, koute, mwen pral pale.” — JÒB 42:4.

KANTIK: 113, 114

1-3. a) Ki sa k fè panse Bondye yo ak fason l kominike siperyè pa lèzòm yo lontan ? b) Ki sa n pral wè nan atik sa a?

BONDYE ki la pou toutan an te fè yon seri kreyati entèlijan pou yo te ka gen lavi ak kè kontan menm jan avè l (Sòm 36:9; 1 Tim. 1:11). Apot Jan te rele premye moun ki te ansanm ak Bondye a “Pawòl la”, e l te di moun sa a se “kòmansman kreyasyon Bondye a”. (Jan 1:1; Rev. 3:14.) Jewova Dye te fè premye Pitit Gason sa a konnen panse l ak santiman l (Jan 1:14, 17; Kol. 1:15). Apot Pòl te pale de “lang zanj” yo ki se yon mwayen kominikasyon ki pi siperyè lontan ak fason moun pale. — 1 Kor. 13:1.

2 Jewova byen konnen plizyè milya kreyati entèlijan li fè yo, kit se sa ki nan syèl la kit se sa ki sou tè a. Yon pakèt moun nou pa ka konte ka priye l nan anpil lang nenpòt lè yo vle. Toutpandan Jewova ap koute moun k ap priye l yo, l ap bay zanj yo ki nan syèl la direksyon e l ap kominike avè yo. Pou Jewova rive fè sa, panse l yo, fason l pale ak fason l kominike dwe siperyè pa lèzòm yo lontan. (Li Ezayi 55:8, 9.) Vrèmanvre, lè Jewova ap kominike ak lèzòm, li fè yo konn panse l yon fason ki senp pou yo ka rive konprann yo.

3 Kounye a, nou pral wè ki sa Bondye sa a ki gen anpil sajès te fè pou l asire l li byen kominike ak sèvitè l yo pandan tout listwa. Mete sou sa, nou pral wè ki jan l adapte fason l kominike selon bezwen lèzòm ak sitiyasyon yo.

BONDYE FÈ LÈZÒM KONN PAWÒL LI

4. a) Nan ki lang Jewova te konn pale ak Moyiz, Samyèl ak David? b) Ki enfòmasyon Bib la gen ladan l?

4 Jewova te itilize lang lèzòm pale pou l te kominike ak Adan nan jaden Edenn. Sanble se nan ansyen fòm lang ebre a li te fè sa. Annapre, li te fè kèk moun ki te pale ebre e ki te patisipe nan ekri Bib la tankou Moyiz, Samyèl ak David konn panse l yo, e moun sa yo te ekri panse sa yo nan pwòp mo pa yo. Moun sa yo te konn ekri deklarasyon Bondye te fè yo, yo te konn rakonte fason l te konn boule ak pèp li a, sa ki gen ladan l istwa ki montre fason sèvitè sa yo te demontre lafwa ak lanmou yo gen pou li, erè yo te konn fè ak kèk aksyon ki montre yo pa fidèl. Tout enfòmasyon sa yo gen anpil valè pou nou jodi a. — Wom. 15:4.

5. Èske Jewova te egzije pou sèvitè l yo pale ebre sèlman? Esplike.

5 Toutpandan sitiyasyon lèzòm t ap chanje, Bondye pa t sèlman sèvi ak lang ebre a pou l kominike ak yo. Apre pèp Bondye a te sot ann egzil nan peyi Babilòn, lang arameyen an te vin tounen lang kèk nan yo te konn pale chak jou. Petèt se pou Jewova te ka montre ki sa k pral rive ki fè l te fè pwofèt Dànyèl, Jeremi ak prèt Esdras ekri kèk pati nan Bib la nan lang arameyen. — Gade nòt ki pou Esdras 4:8; 7:12; Jeremi 10:11; ak Dànyèl 2:4.

6. Ki jan Pawòl Bondye a te fè vin egziste nan lòt lang apa lang ebre a?

6 Piske Aleksann Legran te pot laviktwa sou pifò nan tèritwa monn nan tan lontan an, konsa, lang koyinè, ki se lang grèk pifò moun te konn pale, te vin tounen yon lang entènasyonal. Gen anpil Juif ki te vin kòmanse pale lang sa a, se sa k fè yo te vin tradui liv biblik ki te ekri ann ebre yo nan lang grèk. Etandone anpil moun panse se 72 tradiktè ki te fè tradiksyon sa a, yo te vin rele l Septant. Li se premye tradiksyon Bib ki egziste e se youn nan tradiksyon ki gen plis valè *. Piske se yon pakèt tradiktè ki te fè tradiksyon sa a, sa fè l gen plizyè stil, genyen ki tradui yon fason literal e genyen ki tradui jan yo vle. Aktout sa, Juif ki pale grèk yo ak moun ki te vin kretyen annapre yo te konsidere Septant lan kòm Pawòl Bondye.

7. Ki lang petèt Jezi te konn itilize pou l anseye disip li yo?

7 Lè premye Pitit Bondye a te vin sou tè a, sanble l te konn pale nan lang Bib la rele ebre a e l te konn anseye moun nan lang sa a (Jan 19:20; 20:16; Tra. 26:14). Lang arameyen te enfliyanse fason moun te konn pale ebre nan premye syèk la, kidonk, sanble Jezi te konn itilize kèk mo arameyen. Mete sou sa, li te konn pale ansyen lang ebre Moyiz ak lòt pwofèt yo te konn pale a, ebre moun yo te konn li chak semèn nan sinagòg yo (Lik 4:17-19; 24:44, 45; Tra. 15:21). Anplis de sa, yo te konn pale grèk ak laten ann Izrayèl. Bib la pa di si Jezi te konn pale lang sa yo.

8, 9. Tank Krisyanis la t ap gaye toupatou, poukisa lang grèk te vin lang pèp Bondye a te plis itilize, e ki sa sa anseye nou sou Jewova?

8 Premye disip Jezi yo te konn pale ebre, men apre lanmò l, yo te vin aprann lòt lang. (Li Travay 6:1.) Toutpandan Krisyanis la t ap gaye toupatou, lang grèk la te vin tounen lang pifò kretyen yo pale. Anfèt, Evanjil Matye, Mak, Lik ak Jan te ekri ki rakonte sa Jezi te anseye ak sa l te fè yo, te gaye toupatou nan lang grèk. Kidonk, se grèk ki te lang pifò disip Jezi yo te pale, se pa ebre *. Lèt apot Pòl te ekri yo ak lòt liv Bondye te fè ekri yo te vin disponib nan lang grèk tou.

9 Li enteresan pou n konnen lè ekriven ki te patisipe nan redaksyon liv ki te ekri an grèk yo te konn site pasaj ki sot nan liv ki ekri ann ebre yo, an jeneral, yo te konn pran pasaj sa yo nan Septant lan. Kounye a pasaj sa yo fè pati Pawòl Bondye te fè ekri a byenke pafwa konn gen kèk ti diferans nan mo oswa ekspresyon yo itilize lè y ap tradui yo. Konsa, travay tradiktè sa yo ki te enpafè te fè a vin fè pati Pawòl Bondye a, yon Bondye ki pa bay yon kilti oswa yon lang plis enpòtans pase yon lòt. — Li Travay 10:34.

10. Ki sa n ka di sou fason Jewova fè Pawòl li a disponib pou tout moun?

10 Ti egzamen nou sot fè la a montre Jewova kominike ak lèzòm selon bezwen yo ak sitiyasyon yo. Li pa oblije nou aprann yon lang espesyal pou n ka rive konnen l oswa konn objektif li. (Li Zakari 8:23; Revelasyon 7:9, 10.) Se vre se Jewova ki te fè ekri Bib la, men, li te pèmèt moun ki t ap ekri l yo fè sa nan stil ki diferan.

FASON BONDYE TE PWOTEJE PAWÒL LI

11. Poukisa diferans ki gen nan lang yo pa anpeche Bondye kominike ak lèzòm?

11 Lefètke yo tradui Pawòl Bondye a nan plizyè lang e gen kèk ti diferans nan tradiksyon yo fè yo, èske sa anpeche Bondye kominike ak lèzòm? Non. Pa egzanp, petèt se sèlman kèk nan mo Jezi te konn itilize nan lang li te pale a nou konnen (Mat. 27:46; Mak 5:41; 7:34; 14:36). Sepandan, Jewova te asire l yo byen ekri mesaj Jezi a nan lang grèk, e pi devan, nan lòt lang ankò. Annapre, Juif yo ansanm ak kretyen yo te fè kopi sou kopi nan maniskri biblik yo yon fason pou yo te rive pwoteje Ekriti sakre yo. Epi, yo te vin tradui yo nan pi plis lang toujou. Selon sa John Chrysostom ki t ap viv ant 4yèm oswa 5yèm syèk epòk nou an fè konnen, nan epòk li a, yo te tradui ansèyman Jezi yo nan lang siryen yo, ejipsyen yo, endyen yo, moun peyi pès yo, etyopyen yo ak lang anpil lòt pèp pale.

12. Ki jan kèk moun te eseye anpeche yo distribye Bib la?

12 Lefètke yo te tradui Bib la nan plizyè lang, sa te kontrekare efò kèk moun te fè pou yo detwi l. Pa egzanp, nan ane 303 epòk nou an, Dyokletyen, yon anperè women, te bay lòd pou yo detwi tout kopi Bib ki te egziste nan epòk la. Te gen anpil atak ki te fèt kont Pawòl Bondye a, kont moun ki t ap tradui l yo ak moun ki t ap distribye l yo. Nan 16yèm syèk la, men sa William Tyndale, ki te deside tradui Bib la ann anglè apati lang ebre ak grèk, te di yon mesye ki te gen gwo fòmasyon: “Si Bondye pèmèt mwen viv, nan kèk ane ankò, m ap fè yon tigason k ap pouse yon chari vin pi byen konn Bib la pase w.” Tyndale te oblije kouri kite Angletè pou l al ann Ewòp pou l te ka fè tradiksyon l lan e pou l te fè enprime l. Malgre chèf relijye yo te fè yon kanpay pou yo te boule tout bib yo te ka jwenn devan je tout moun, te vin gen anpil bib ki gaye toupatou. Finalman, yo te trayi Tyndale, yo te pann li epi yo boule l sou yon poto, men, tradiksyon Labib li a la jiska prezan e yo te itilize l anpil lè yo t ap prepare vèsyon Labib ki rele Wa Jak la, yon tradiksyon yo te distribye toupatou nan monn nan. — Li 2 Timote 2:9.

13. Ki sa etid yo fè sou ansyen maniskri yo montre?

13 Nòmalman, n ap jwenn kèk ti erè ak kèk enfòmasyon ki diferan nan ansyen kopi Labib yo pa t rive detwi yo. Sepandan, biblis yo te konpare plizyè milye moso papiris, plizyè maniskri ak plizyè ansyen tradiksyon Labib e yo te byen egzamine yo. Etid sa a vin pèmèt yo fè pifò pasaj ki gen nan Bib la konfyans. Gen kèk vèsè yo gen dout sou yo, men, sa pa chanje mesaj ki nan Bib la. Etid ki fèt sou ansyen maniskri yo konvenk etidyan Labib ki sensè yo Bib nou gen jodi a se Pawòl Bondye te fè ekri a. — Eza. 40:8 *.

14. Jis nan ki pwen mesaj ki nan Bib la vin disponib?

14 Malgre Pawòl Bondye a te jwenn gwo opozisyon nan men ènmi yo, Jewova te fè yon fason pou Pawòl li a se liv moun plis tradui nan tout listwa limanite. Menm nan yon epòk kote pa gen anpil moun ki gen lafwa nan Bondye, Bib la se liv yo plis distribye, e kounye a, li disponib ann antye oswa an pati nan plis pase 2 800 lang. Pa gen okenn lòt liv yo distribye e ki disponib tankou Bib la. Se pa tout tradiksyon Labib ki klè oswa ki fyab. Malgre sa, li posib pou n aprann mesaj ki bay espwa ak delivrans nou jwenn nan Bib la nan prèske tout tradiksyon Labib ki disponib yo.

YO VIN BEZWEN YON NOUVO TRADIKSYON LABIB

15. a) Ki fason esklav la rive kontrekare pwoblèm lang lan nan epòk nou an? b) Ki sa k fè lang anglè se lang ki pi pratik pou esklav la bay manje espirityèl la?

15 Nan kòmansman syèk ki sot pase a, an jeneral, se nan lang anglè ti gwoup etidyan Labib Jewova te chwazi pou sèvi kòm “esklav fidèl ki prevwayan an” te konn kominike ak “sèvitè” l yo (Mat. 24:45). “Esklav” sa a fè gwo efò pou pèmèt manje espirityèl la vin disponib nan plis lang toujou, e kounye a, yo tradui manje espirityèl la nan plis pase 700 lang. Menm jan ak lang grèk koyinè a nan premye syèk la, lang anglè a se lang ki pi pratik pou fè tradiksyon paske yo itilize l toupatou nan monn nan pou zafè komès ak edikasyon.

16, 17. a) Ki sa pèp Bondye a te wè ki vin nesesè? b) Ki jan yo te konble bezwen sa a? c) Nan ane 1950, ki sa yo te swete anrapò ak Tradiksyon monn nouvo a?

16 Se ak Bib la yo sèvi pou bay manje espirityèl la. Nan mitan 20yèm syèk la, tradiksyon Bib anglè yo te plis itilize nan monn nan se Labib Wa Jak ki te parèt an 1611 lan. Sepandan, yo te prèske pa pale anglè yo te ekri l la ankò. Epi, se kèk kote sèlman non Bondye te parèt nan tèks la alòske non Bondye parèt plizyè milye fwa nan ansyen maniskri yo. Tradiksyon sa a te gen kèk erè e l te gen kèk lòt vèsè yo pa jwenn nan okenn ansyen maniskri yo rekonèt yo. Menm jan an tou, gen lòt tradiksyon Labib ann anglè ki gen fot ladan yo.

17 Li te vin nesesè pou gen yon bib ki ekri nan lang moun pale kounye a e ki bay mesaj ki nan tèks orijinal yo yon fason ki egzak. Komite Tradiksyon monn nouvo a te vin fòme, epi, nan yon peryòd ki yon tikras plis pase dizan, soti 1950 pou rive 1960, tradiksyon yo a te parèt nan sis volim. Lè premye volim nan t ap parèt nan dat 2 out 1950, men sa frè N. H. Knorr te di nan yon kongrè: “Tank jou ap pase, nou vin santi l nesesè pou gen yon tradiksyon nan lang moun pale kounye a, yon tradiksyon ki ann amoni ak verite ki nan Bib la e ki ban nou yon baz k ap pèmèt nou rive jwenn plis verite lefètke l rete kole ak sans tèks orijinal yo. Yon tradiksyon ki fasil pou lektè nan epòk nou an konprann menm jan sa disip Kris yo te ekri yo te fasil pou moun ki t ap viv nan epòk yo a konprann, menm moun pami pèp la ki pa t fè gwo klas.” Frè Knorr te fè konnen li swete pou tradiksyon sa a pèmèt plizyè milyon moun jwenn èd nan domèn espirityèl.

18. Ki desizyon kolèj santral la te pran ki te akselere travay tradui Bib la?

18 Sa frè Knorr te swete a te reyalize nèt nan ane 1963, lè liv ki te ekri an grèk yo te parèt nan sis lòt lang ki se: neyèlandè, fransè, alman, italyen, pòtigè ak espayòl. Nan ane 1989, Kolèj santral Temwen Jewova yo te ouvè yon depatman nan Syèj mondyal la pou pèmèt yo tradui Labib san pwoblèm. Annapre, nan ane 2005, yo te vin fè sa tounen yon priyorite pou yo tradui Labib nan lang yo deja pibliye Toudegad yo. Se sa k fè kounye a, Tradiksyon monn nouvo a disponib ann antye oswa an pati nan plis pase 130 lang.

19. Ki evènman istorik ki te gen nan ane 2013 la, e ki sa n pral wè nan atik ki vin apre a?

19 Tank tan yo t ap pase, sa te vin klè yo te bezwen mete Tradiksyon monn nouvo a ajou nan lang anglè yon fason pou l reflete chanjman ki gen nan fason moun pale anglè jodi a. Nan wikenn 5 ak 6 oktòb 2013 la, te gen 1 413 676 moun, nan 31 peyi, ki te swa prezan kote 129yèm reyinyon anyèl Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania a t ap fèt la oswa ki te suiv reyinyon sa a sou Entènèt. Tout moun te kontan anpil lè yo te tande yon manm kolèj santral la k ap prezante edisyon revize Tradiksyon monn nouvo a ki parèt ann anglè. Anpil moun te kriye pandan plasè yo t ap distribye tradiksyon Labib revize a. Toutpandan yo t ap li kèk vèsè nan tradiksyon revize a, moun nan asistans lan te vin rann yo kont yo pa t janm tradui Pawòl Bondye a klè konsa ann anglè. Atik ki vin apre a pral bay plis detay sou tradiksyon revize sa a e sou fason yo tradui l nan lòt lang.

^ § 6 Septant vle di “Swasanndis”. Selon kèk moun, yo te kòmanse tradiksyon an ann Ejip nan 3yèm syèk anvan epòk nou an, e petèt yo te fini l nan ane 150 anvan epòk nou an. Tradiksyon sa a toujou enpòtan, paske l ede biblis yo konprann kèk mo ebre ak kèk pasaj nan Bib la ki pa fin klè.

^ § 8 Gen kèk moun ki panse se ann ebre Matye te ekri evanjil ki pote non l lan, epi apre sa, petèt se li menm ki te tradui l an grèk.

^ § 13 Gade apendis A3 nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a ak bwochi Un livre pour tous la, p. 7-9, “Un survivant de l’Histoire”.