Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèvi ak pouvwa lang ou pou w fè byen

Sèvi ak pouvwa lang ou pou w fè byen

“Se pou pawòl ki sot nan bouch mwen [...] fè w plezi, o Jewova.” — SÒM 19:14.

KANTIK: 82, 77

1, 2. Poukisa egzanp dife a byen montre pouvwa lang nan genyen?

NAN kòmansman mwa oktòb 1871, gen yon gwo dife ki te pran nan forè sèch ki nan nòdès eta Wisconsin yo, Ozetazini, e yo dekri dife sa a kòm dife forè ki te touye plis moun nan tout listwa Etazini. Toutpandan dife a t ap fè raj, flanm yo ak kokenn chalè dife a te touye plis pase 1 200 moun e yo te boule anviwon 2 milya pyebwa. Sanble se kèk ti etensèl dife ki soti anba ray tren k ap pase yo ki te lakòz gwo dife sa a. Se pa ti verite ki gen pawòl sa yo nou jwenn nan Jak 3:5 lan: “Gade ki jan yon vyepti dife ka fè tout yon gwo forè pran dife!” Ki sa k te pouse disip Jak fè deklarasyon sa a?

2 Pwen kle nan egzanp Jak te pran an parèt byen klè nan vèsè 6 la ki di: “Lang nan se yon dife tou.” Lang nan reprezante kapasite n genyen pou nou pale. Menm jan ak dife, pawòl nou gen kapasite pou l lakòz gwo dega. Bib la menm di “lang yon moun gen pouvwa pou l lakòz lanmò e li gen pouvwa pou l bay lavi”. (Pwo. 18:21.) Nòmalman, menm jan nou pap sispann sèvi ak dife akoz nou pè pou domaj li ka lakòz yo, konsa tou, nou pap sispann pale tou senpleman paske n pè pou n pa di yon bagay ki ka blese lòt moun. Sa ki enpòtan an se aprann kontwole lang nou. Si n aprann metrize dife, nou ka sèvi avè l pou n kuit manje, pou n chofe kò nou epi pou n fè limyè lè gen fènwa. Si n donte lang nou, nou ka sèvi ak pouvwa l genyen an pou n onore Bondye epi pou n ede lòt moun. — Sòm 19:14.

3. Bay twa bagay ki gen rapò ak pawòl nou pral egzamine.

3 Kit nou sèvi ak son ki sot nan bouch nou oswa n fè siy ak men nou pou n kominike, kapasite n genyen pou n fè lòt moun konn sa n panse ak sa n santi a se yon bèl kado Bondye ban nou. Ki jan n ka sèvi ak kado sa a pou n ankouraje moun olye n kraze yo? (Li Jak 3:9, 10.) Nou pral egzamine twa pwen enpòtan ki gen rapò ak pawòl nou: ki lè pou n pale, ki sa pou n di e ki jan pou n pale.

KI LÈ POU N PALE?

4. Bay kèk egzanp ki montre gen “yon lè pou moun pa di anyen”.

4 Pale se yon bagay nou fè chak jou nan lavi a, men, nou pa oblije pale toutan. Bib la di gen “yon lè pou moun pa di anyen”. (Ekl. 3:7.) Lè n fè silans pandan lòt moun ap pale, sa ka montre nou respekte moun (Jòb 6:24). Lè n metrize lang nou pou n pa devwale sekrè moun fè n sou yon bagay konfidansyèl, sa bay prèv nou se moun yo ka fè konfyans e nou gen bon konprann (Pwo. 20:19). N ap montre n saj lè n metrize lang nou lè y ap pwovoke n. — Sòm 4:4.

5. Ki jan n ka montre nou rekonesan anvè Bondye pou kapasite l ban nou pou n pale a?

5 Yon lòt bò, Bib la di gen “yon lè pou moun pale” tou (Ekl. 3:7). Si yon zanmi fè nou yon bèl kado, sandout nou pap mete l yon kote pou pyès moun pa wè l. Olye de sa, n ap montre jan n renmen kado a lè n byen sèvi avè l. Nou montre nou rekonesan anvè Jewova pou kapasite l ban nou pou n pale a lè n sèvi avè l avèk sajès. Sa ka gen ladan l pou n di sa n santi, pou n fè konn sa n bezwen, pou n pataje kèk mo ankourajan e pou n bay Bondye louwanj (Sòm 51:15). Ki jan n ka rive konnen ki ‘lè ki pi bon pou n pale’?

6. Ki jan Bib la montre enpòtans pou n chwazi bon moman pou n pale?

6 Pawòl nou jwenn nan Pwovèb 25:11 yo montre jan l enpòtan pou n chwazi bon moman pou n pale. Men sa l di: “Tankou pòm annò nan kabare ki fèt ann ajan, se konsa pawòl moun di nan bon moman ye.” Pòm annò yo poukont yo bèl anpil. Si yo ta mete yo nan yon kabare ki fèt ann ajan, sa t ap fè yo pi bèl toujou. Menm jan an tou, lè n pran san n pou n chwazi bon moman pou n pale, sa ka bay pawòl nou plis fòs e yo ka vin pi bèl. Kòman sa?

7, 8. Ki fason frè nou yo nan peyi Japon te imite egzanp Jezi lè yo te chwazi bon moman pou yo pale konsènan rezirèksyon an?

7 Gendwa se egzakteman pawòl n ap di yo moun k ap koute n yo bezwen tande toutbon, men, si n pa chwazi bon moman pou n pale, moun yo ka pa konprann sans sa n di yo. (Li Pwovèb 15:23.) Pa egzanp, nan mwa mas 2011, yon tranblemanntè ak yon sounami te ravaje kèk pati nan lès peyi Japon. Gen plizyè vil ki te kraze e plis pase 15 000 moun te pèdi lavi yo. Byenke Temwen Jewova nan zòn nan t ap soufri menm jan ak pwochen yo, yo te pwofite tout okazyon pou yo sèvi ak Bib la pou yo rekonfòte moun ki nan lapenn yo. Men, gen anpil moun nan zòn nan ki te gen kwayans ki byen anrasinen nan relijyon Boudis la ki pa t konn anpil bagay sou Bib la oswa yo ki pa t konn anyen ditou sou li. Frè nou yo te wè li pa t ap bon pou yo pale ak moun ki viktim yo de esperans rezirèksyon an tousuit apre sounami an. Olye de sa, yo te sèvi ak kapasite yo genyen pou yo pale a pou yo ede moun yo nan domèn afektif e yo itilize Labib pou yo esplike yo rezon ki fè malè konsa rive moun ki inosan.

8 Jezi te konn ki lè pou l pa pale, men tou, li te konn ki lè ki bon moman pou l pale (Jan 18:33-37; 19:8-11). Men sa l te di disip li yo yon lè: “Mwen gen anpil bagay pou m di nou toujou, men, nou pa ka konprann yo kounye a.” (Jan 16:12). Temwen ki nan lès peyi Japon yo te suiv egzanp Jezi. Dezan edmi apre sounami an, yo te patisipe nan yon kanpay ki t ap fèt sou tout tè a pou distribye Nouvèl Wayòm n38 la ki gen tit: “Èske moun mouri ka leve vre?” Nan moman sa a, pifò moun te pare pou yo jwenn rekonfò nan bèl mesaj rezirèksyon an e gen anpil moun ki te kouri aksepte feyè a. Nòmalman, kilti moun yo ak kwayans yo diferan anpil, se sa k fè n bezwen chèche wè ki lè ki pi bon pou n pale.

9. Nan ki sitiyasyon lè n chwazi bon moman pou n pale sa ap fè pawòl nou yo gen plis efè sou moun yo?

9 Sa klè, gen moman kote n bezwen chèche wè ki lè ki pi bon pou n pale. Pa egzanp, yon moun ka fè n fache ak tout bon entansyon l. N ap montre n pridan lè n pran tan pou n reflechi pou n wè si sa k pase a enpòtan ase pou n di yon bagay. Si n dwe pale, nou pa t ap montre n saj si n ta al pale ak moun ki ofanse n nan pandan nou kontrarye a e petèt pou n ta pale yon ti jan di avè l. (Li Pwovèb 15:28.) Menm jan an tou, nou bezwen chèche konn ki lè pou n pale ak manm fanmi nou ki pa kwayan sou laverite. Se vre nou vle pou yo vin konnen Jewova, men, nou dwe montre nou pasyan epi n gen bonsans. Lè n di bon pawòl nan bon moman, sa ka pèmèt moun yo ouvri kè yo.

KI SA POU N DI?

10. a) Poukisa n dwe fè atansyon pou n chwazi bon pawòl? b) Bay egzanp yon pawòl ki blesan.

10 Pawòl nou di gen pouvwa pou blese moun e yo gen pouvwa pou geri moun tou. (Li Pwovèb 12:18.) Pifò moun nan monn Satan an gen abitid di pawòl ki pou blese moun. Pakèt divètisman ki gen nan monn nan pouse anpil moun “file lang yo byen file tankou epe” e “yo vize moun ki inosan [yo] ak move pawòl tankou si se te flèch”. (Sòm 64:3.) Yon kretyen dwe evite move pratik sa a. Kòm egzanp pou “move pawòl”, nou ka pran pawòl blesan yo ki se yon seri remak yon moun fè nan objektif pou rabese lòt moun oswa pou fè yo esplikasyon. Byen souvan, yo konn di pawòl blesan yo nan blag, men, byen rapid, pawòl sa yo ka vin tounen pawòl derespektan. Pawòl blesan yo se move pawòl kretyen yo ta dwe “retire” nan bouch yo. Lè n pale yon fason ki pou fè moun ri, sa ka ajoute piman sou pawòl nou yo, men, nou dwe fè atansyon pou n pa pran nan pyèj pou n ap di pawòl ki ka fè moun fache, pou n ap fè blag ki blesan oswa k ap imilye lòt moun nan entansyon pou n fè moun ri. Men ki avètisman Bib la ban nou: “Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou, men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo.” — Efe. 4:29, 31.

11. Ki fason kè nou gen rapò ak chwa n ap fè konsènan pawòl ki apwopriye yo?

11 Jezi te fè konnen se “pawòl ki sot nan bouch yon moun [ki] montre sa k ranpli kè l”. (Mat. 12:34.) Kidonk, se depi nan kè nou nou ka kòmanse chwazi pawòl ki apwopriye. Dabitid, pawòl nou di yo montre jan nou vrèman wè lòt moun. Si n chaje lanmou ak konpasyon nan kè nou, se sèten n ap di pawòl ki pozitif e k ap fòtifye lòt moun.

12. Ki jan nou ka vin pi maton nan chwazi bon pawòl pou n di?

12 Pou n rive chwazi bon pawòl pou n di, sa mande pou n reflechi epi pou n gen bon jijman tou. Menm wa Salomon, yon wa ki te saj, te pran tan l pou l “reflechi, [e l] te fè bonjan rechèch” pou l te ka “jwenn bèl pawòl e [pou l] te rasanble pawòl ki verite e ki egzak”. (Ekl. 12:9, 10.) Èske byen souvan w konn twouve l difisil pou w di “bèl pawòl”? Si se wi, konnen w ka bezwen ogmante vokabilè w. Youn nan fason pou w fè sa se chèche note ki fason yo sèvi ak mo yo nan Bib la ak nan piblikasyon nou yo. Chèche konn sans ekspresyon w pa konnen yo. Sa k pi enpòtan an, chèche aprann ki fason w ka sèvi ak pawòl yo pou w ede lòt moun. Men sa n li nan Bib la konsènan relasyon ki egziste ant Jewova ak premye Pitit Gason l lan: “Jewova [...] ban m [Jezi] fòmasyon pou m ka konn ki jan pou m di pawòl ki kòrèk pou m reponn moun ki fatige a.” (Eza. 50:4). Lè n pran tan pou n medite sou sa n pral di yo, sa ka ede n jwenn bon pawòl pou n di (Jak 1:19). Nou ka mande tèt nou: ‘Èske pawòl sa yo ap vrèman montre sa m vle di a? Ki efè pawòl mwen chwazi di yo ap gen sou moun k ap koute m nan?’

13. Poukisa l enpòtan pou n di pawòl ki fasil pou konprann?

13 Ann Izrayèl, yo te konn sèvi ak twonpèt pou rasanble pèp la, pou fè yo gaye e yo te konn fè sa tou pou fè lame a prepare l pou batay. Se sa k fè Bib la gen rezon sèvi ak son twonpèt pou l montre jan l enpòtan pou n di pawòl ki fasil pou moun konprann. Yon kout twonpèt moun pa konprann ka lakòz gwo dega pou yon lame ki pral nan lagè. Menm jan an tou, si n pa fin klè nan sa n ap di yo, sa ka lage moun nan konfizyon. Nòmalman, menm lè n ap fè efò pou n di pawòl ki klè e ki presi, nou pa dwe parèt twò kare oswa pou n manke tak. — Li 1 Korentyen 14:8, 9.

14. Bay yon egzanp ki montre Jezi te konn sèvi ak pawòl ki fasil pou konprann.

14 Jezi kite yon bon egzanp pou nou antanke moun ki te konn chwazi bon pawòl pou l di. Ann konsidere diskou tou kout men ki gen anpil fòs li te bay nou jwenn nan Matye chapit 5 rive nan chapit 7. Jezi pa t sèvi ak pawòl pou l enpresyone moun, ni l pa t itilize yon langaj ki di oswa ki blesan. Olye de sa, li te chwazi ekspresyon ki klè, ki senp pou l te ka touche kè moun ki t ap koute l yo. Pa egzanp, pou l te soulaje moun yo anba enkyetid yo genyen pou manje yo bezwen pou jounen an, li te pale sou fason Jewova pran swen zwazo nan syèl la. Apre sa, li te konpare moun k ap koute l yo ak zwazo yo e l te di yo: “Èske nou pa gen plis valè pase yo?” (Mat. 6:26). Vrèmanvre, avèk lanmou, Jezi te sèvi ak pawòl ki senp, ki fasil pou moun konprann pou l te touche kè moun yo. Kounye a, ann egzamine twazyèm bagay enpòtan ki gen rapò ak pawòl nou.

KI JAN POU N PALE?

15. Poukisa n dwe sèvi ak bèl pawòl lè n ap pale?

15 Menm jan sa n ap di a enpòtan, fason nou di l la enpòtan tou. Lè Jezi t ap pale nan sinagòg ki te nan vil Nazarèt kote l te grandi a, moun yo te “sezi pou bèl pawòl ki t ap sot nan bouch li”. (Lik 4:22.) Pou pawòl nou di yo ka bèl, yo dwe sot nan kè nou, e nan okenn fason, yo pap retire nan pouvwa lang nou. Anfèt, lè n di bèl pawòl, sa ka fè n konvenk moun yo pi byen (Pwo. 25:15). Nou ka imite bèl pawòl Jezi te di yo lè n montre n se moun ki janti, ki gen bon jan e ki pran santiman lòt moun an konsiderasyon. Lè Jezi te wè tout efò yon foul moun te fè pou vin koute l k ap pale, li te vin gen pitye pou yo e l te “kòmanse anseye yo anpil bagay”. (Mak 6:34.) Menm lè yo te joure Jezi, li pa t janm sèvi ak pawòl ki blesan. — 1 Pyè 2:23.

16, 17. a) Ki jan n ka imite Jezi lè n ap pale ak manm fanmi nou ansanm ak bon zanmi nou nan kongregasyon an? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Bay yon egzanp ki montre byenfè bèl pawòl nou di ka genyen.

16 Li ka difisil pou n pale avèk dousè epi pou n veye sou sa n ap di lè moun k ap koute n nan se yon moun nou konnen byen. Nou ka santi n lib pou n di tout sa k sou kè n. Sa kapab vre kit n ap pale ak yon manm fanmi nou kit n ap pale ak yon bon zanmi nan kongregasyon an. Èske Jezi te panse relasyon sere li te gen ak disip li yo te ba l dwa pou l pale byen di ak yo? Non, jamè! Lè disip ki te pi pwòch li yo te kontinye ap bay tèt yo pwoblèm konsènan kiyès nan yo ki pi enpòtan, Jezi te sèvi ak pawòl ki dous ansanm ak egzanp yon timoun piti pou l te korije yo (Mak 9:33-37). Ansyen yo ka suiv egzanp Jezi lè yo bay konsèy “avèk dousè”. — Gal. 6:1.

17 Menm lè yon moun di n yon bagay ki ofanse nou, si n chwazi bèl pawòl pou n reponn li, sa ka bay bon rezilta (Pwo. 15:1). Pa egzanp, gen yon manman selibatè ki gen pitit gason l ki adolesan k ap mennen yon vi doub. Gen yon sè nan kongregasyon an ki te di manman an ak tout bon entansyon l: “Sa vrèman fè m mal pou m wè jan w echwe nan edikasyon pitit ou a.” Manman an te fè yon ti reflechi epi l di l: “Se vre bagay yo pap mache byen kounye a, men, m poko fin fè edikasyon l. Vin pale avè m apre Amagedon, lè sa a, n ap konn kòman sa ye toutbon.” Repons dous sa a te pèmèt sè yo kontinye viv anpè e l te ankouraje pitit gason an ki t ap koute konvèsasyon an. Pitit gason an te rann li kont manman l te toujou gen konfyans nan li. Sa te pouse l koupe kontak ak move zanmi l yo. Pi devan, li te vin batize epi, annapre, li t al sèvi nan betèl. Kit nou nan mitan frè ak sè n yo, kit nou nan mitan fanmi nou oswa etranje, nou ta dwe toujou fè yon fason pou pawòl nou toujou “bèl, [...] pou l sizonnen ak sèl”. — Kol. 4:6.

18. Lè n suiv egzanp Jezi bay nan fason l te konn pale, ki jan sa ap ede n sèvi ak pouvwa lang nou pou n fè byen?

18 Vrèmanvre, kapasite nou genyen pou n di sa n panse ak sa n santi a se yon mèvèy. Donk, ann suiv egzanp Jezi lè n chwazi bon moman pou n pale, lè n fè gwo efò pou n chwazi bon pawòl pou n di ak lè n fè tout sa n kapab pou n di bèl pawòl. Lè sa a n ap rive geri moun ak pouvwa lang nou e n ap fè Jewova plezi, li menm ki se Sila a ki ban nou bèl kado sa a, anpalan de kapasite nou genyen pou n pale a.