Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon tradiksyon Labib ki vivan

Yon tradiksyon Labib ki vivan

“Pawòl Bondye a vivan.” — EBRE 4:12.

KANTIK: 37, 116

1. a) Ki travay Bondye te bay Adan? b) Ki fason pèp Bondye a ap sèvi ak kapasite l genyen pou l pale a depi lè sa a?

JEWOVA DYE te fè kreyati l yo ak kapasite pou yo kominike. Apre Bondye te fin met Adan nan jaden l te prepare pou li a, li te ba l asiyasyon pou l bay bèt yo non, yon travay ki te mande pou l sèvi ak yon lang. Adan te sèvi ak imajinasyon l ansanm ak entèlijans li pou l te bay chak bèt non ki al avè yo (Jen. 2:19, 20). Depi lè sa a, pèp Bondye a te kontinye sèvi ak kapasite yo genyen pou yo pale a, anpalan de lang, pou yo louwe Jewova e pou yo fè lòt moun konn volonte l. Nan dènye ane ki sot pase yo, pèp Bondye a te sèvi ak posiblite pou l tradui Labib nan lòt lang nan kòm yon bon fason pou l soutni vrè adorasyon an.

2. a) Ki prensip Komite Tradiksyon monn nouvo a te suiv lè yo t ap fè travay yo? b) Ki sa n pral wè nan atik sa a?

2 Gen plizyè milye tradiksyon Labib, men, yo tout diferan nan fason yo ret kole ak tèks orijinal la lè y ap transmèt mesaj ki ladan l lan. Nan ane 1940 yo, Komite Tradiksyon monn nouvo a te tabli yon seri prensip tradiktè Labib yo te suiv nan plis pase 130 lang. Men prensip yo: 1) Fè non Bondye vin sen lè n remete l nan plas li dwe ye nan Ekriti yo. (Li Matye 6:9.) 2) Lè sa posib, tradui mesaj ki nan tèks orijinal la yon fason literal, men, bay sans ki egzak la lè yon tradiksyon motamo ap fè n pèdi sans lan. 3) Itilize yon langaj ki fasil pou moun konprann e ki ankouraje moun li *. (Li Neyemi 8:8, 12.) Ann wè ki fason yo te aplike prensip sa yo nan edisyon revize 2013 Tradiksyon monn nouvo a ansanm ak lòt edisyon ki pa ann anglè yo.

LI ONORE NON BONDYE

3, 4. a) Ki ansyen maniskri ki gen Tetragram nan? b) Ki sa anpil tradiksyon Labib te fè anrapò ak non Bondye?

3 Moun ki etidye ansyen maniskri Labib ki ann ebre yo, tankou woulo yo te jwenn nan zòn Lanmè Mòt la, konn sezi wè kantite fwa Tetragram nan ki se kat lèt ki reprezante non Bondye a, parèt nan maniskri sa yo. Nonsèlman non Bondye parèt nan ansyen maniskri ebre sa yo, men l parèt nan kèk kopi Septant grèk la ki te ekri ant 2yèm syèk anvan epòk nou an ak 1ye syèk epòk nou an.

4 Byenke gen anpil prèv klè ki montre non pèsonèl Bondye fè pati Bib la, gen anpil tradiksyon ki retire non sakre Bondye a nèt. Anfèt, yo te pibliye tradiksyon Labib ki rele Revised Standard Version nan nan dezan sèlman apre Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo te fin parèt an 1950. Yo te retire non Bondye nan tradiksyon sa a e konsa yo pa t suiv menm prensip ak editè ki te travay sou American Standard Version ki te parèt an 1901 an. Pou ki rezon? Men sa nou li nan entwodiksyon an: “Zafè sèvi ak yon non pwòp pou pale de sèl Bondye ki egziste a [...] pa gen anyen pou l wè ak lafwa tout Legliz kretyen ki gen sou tè a.” Gen anpil lòt tradiksyon ki te vin fè menm jan an, ni ann anglè, ni nan lòt lang.

5. Ki sa k fè l enpòtan pou yo kenbe non Bondye nan Bib la?

5 Pou ki rezon lè yo retire oswa yo mete non Bondye nan yon tradiksyon sa gen anpil enpòtans? Yon tradiktè ki konn sa l ap fè konn jan l enpòtan pou l konprann entansyon moun ki te ekri pawòl l ap tradui a paske yon konesans konsa ap gen efè sou anpil nan desizyon l ap pran nan tradiksyon an. Gen anpil vèsè nan Bib la ki montre enpòtans non Bondye ak jan l enpòtan pou non sa a vin sen (Egz. 3:15; Sòm 83:18; 148:13; Eza. 42:8; 43:10; Jan 17:6, 26; Tra. 15:14). Jewova Dye, Sila a ki fè ekri Bib la, te fè moun ki te patisipe nan ekri l yo sèvi ak non l san pwoblèm. (Li Ezekyèl 38:23.) Lè yon moun retire non Bondye nan Bib la, yon non ki parèt plizyè milye fwa nan ansyen maniskri yo, moun sa a montre l pa gen okenn respè pou Moun ki te fè ekri Bib la.

6. Poukisa yo met non Bondye sis lòt kote anplis nan edisyon revize Tradiksyon monn nouvo a?

6 Nou kontinye jwenn plis prèv ki montre l enpòtan pou n kite non Bondye nan Bib la. Non Bondye parèt 7 216 fwa nan edisyon revize 2013 Tradiksyon monn nouvo a, sa ki fè l parèt 6 lòt kote anplis pase edisyon 1984 la. Senk nan kote sa yo se 1 Samyèl 2:25; 6:3; 10:26; 23:14, 16. Rezon prensipal ki fè yo remete l nan vèsè sa yo se paske gen non an nan vèsè sa yo nan woulo yo te jwenn nan Lanmè Mòt yo, yon seri woulo ki egziste depi plis pase 1 000 an anvan tèks Masorèt ebre a. Mete sou sa, rezilta kèk etid nou fè nan ansyen maniskri yo pèmèt nou remete non an nan Jij 19:18.

7, 8. Ki enpòtans non ki vle di “Li fè vin tounen” an genyen?

7 Non Jewova gen yon kokenn enpòtans pou vrè kretyen yo. Gen enfòmasyon ajou konsènan sijè sa a nan apendis edisyon revize 2013 Tradiksyon monn nouvo a. Komite Tradiksyon monn nouvo a te konprann non an soti nan vèb ebre hawa a ki vle di “Li fè vin tounen” *. Anvan sa, piblikasyon nou yo te konn fè yon lyen ant siyifikasyon sa a ak Egzòd 3:14 ki di: “M ap tounen sa m chwazi tounen.” Se sa k fè yo te vin ak ide ki nan edisyon 1984 la kòmkwa non an vle di Li “fè tèt li vin tounen Sila a ki akonpli pwomès li fè yo” *. Sepandan, men ki esplikasyon nou jwenn nan apendis A4 edisyon revize 2013 la: “Menm lè non Jewova a gen sans sa a ladan l, sans non sa a pa gen rapò sèlman ak sa li menm li chwazi vin tounen. Li gen rapò tou ak sa Jewova fè kreyasyon l lan vin tounen pou l kapab reyalize objektif li.”

8 Jewova fè kreyasyon l vin tounen nenpòt sa l vle. Jan siyifikasyon non l montre sa, Bondye te fè Noye vin tounen yon moun ki konn konstwi lach, li te fè Betsalèl vin yon moun ki maton nan fè travay ak men l, li te fè Jedeyon vin yon gèrye ki konn pot laviktwa e l te fè Pòl vin yon apot pou nasyon yo. Vrèmanvre, non Bondye gen yon gwo siyifikasyon pou pèp li a. Se sa k fè Komite Tradiksyon monn nouvo a pap janm retire non sa a nan Bib la, sa ki t ap fè l minimize enpòtans non sa a.

9. Bay youn nan rezon ki fè yo te pran dispozisyon pou yo tradui Bib la nan lòt lang.

9 Edisyon Tradiksyon monn nouvo a onore non Bondye nan plis pase 130 lang paske yo mete l kote l dwe ye nan tèks sakre a. (Li Malachi 3:16.) Yon lòt bò, moun k ap tradui Labib yo gen tandans ranplase non Bondye ak lòt tit tankou “Seyè” oswa non yon dye nan zòn yo rete a. Se pou rezon sa a menm Kolèj santral Temwen Jewova yo te pran dispozisyon pou gen yon bib ki onore non Bondye e ki disponib pou pi plis moun posib.

YON TRADIKSYON KI KLÈ E KI EGZAK

10, 11. Bay kèk difikilte moun k ap tradui Tradiksyon monn nouvo a nan lòt lang konn rankontre.

10 Etap yo suiv pou yo tradui tèks sakre a nan yon pakèt lang nan bay anpil pwoblèm tradiksyon. Pa egzanp, anvan sa, Tradiksyon monn nouvo ann anglè a te konn sèvi ak mo “Cheyòl” la nan kèk vèsè tankou Eklezyas 9:10 menm jan ak kèk lòt Bib anglè. Men ki jan moun te konn li vèsè sa a: “Pa gen ni travay, ni pwojè, ni konesans, ni sajès nan cheyòl la, kote w prale a.” Men pwoblèm anpil moun k ap tradui nan lòt lang ki pa anglè te jwenn: Pifò nan moun ki pral li tradiksyon sa yo pa konn mo “Cheyòl” la, li pa nan okenn diksyonè yo genyen epi l sanble ak non kèk zòn. Se sa k fè, yo te jwenn pèmisyon pou yo tradui sans mo “Cheyòl” la ak mo grèk “Adès” la ki koresponn avè l la yon fason ki klè e yo mete “Tonm” nan plas yo.

11 Nan kèk lang, lè yo toujou itilize yon mo ki sanble ak mo “nanm” nan pou yo tradui mo ebre nèfèch ak mo grèk sikè a, sa konn bay pwoblèm. Sa k fè sa? Se paske mo ki koresponn ak mo sa yo ka fè moun panse “nanm” nan se yon pati nan kò yo ki pa ka mouri. Sa ka fè yo vin gen yon move pwennvi kòmkwa nanm nan tankou yon fantom e l pa moun nan. Se poutèt sa, yo te bay tradiktè yo pèmisyon pou yo tradui mo “nanm” nan selon kontèks li e yo fè sa ann amoni ak esplikasyon yo te deja bay nan apendis ki nan Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — avec notes et références lan. Li klè, objektif tradiktè yo se pèmèt moun yo konprann tèks la kou yo li l, e byen souvan, yo met kèk nòt anba paj ki esplike lòt fason yo ta ka tradui tèks la.

12. Bay kèk chanjman yo fè nan edisyon revize 2013 Tradiksyon monn nouvo a. (Gade atik Edisyon revize 2013 Tradiksyon monn nouvo a tou.)

12 Kesyon tradiktè yo poze yo te ede Kolèj santral la vin rann li kont li posib pou gen kèk konfizyon. Pou rezon sa a, an septanm 2007, Kolèj santral la te dakò pou yo revize tèks anglè a. Pandan yo t ap prepare edisyon revize a, yo te reegzamine plizyè milye kesyon tradiktè Labib yo te poze. Yo te ranplase ekspresyon anglè ki la lontan yo e yo te fè bonjan efò pou yo tradui tèks la yon fason ki klè, ki fasil pou moun konprann e anmenmtan ki egzak. Tradiksyon Labib ki te deja fèt nan lòt lang yo te ede Komite a rafine tèks anglè a. — Pwo. 27:17.

YO RENMEN L ANPIL

13. Ki reyaksyon moun yo te genyen lè yo te resevwa edisyon revize 2013 la?

13 Ki efè edisyon revize Tradiksyon monn nouvo ann anglè a te gen sou moun yo? Plizyè milye moun te ekri Syèj mondyal Temwen Jewova yo ki nan Bwouklin pou yo eksprime apresyasyon yo. Men kòmantè yon sè te fè ki montre jan anpil moun santi yo: “Bib la se yon bwat trezò ki chaje ak bijou ki gen anpil valè. Lè yon moun sèvi ak edisyon revize 2013 la pou l li pawòl Jewova byen klè, se kòmsi l ap egzamine chak bijou, l ap admire plizyè fasèt ki nan bijou yo, ekla yo, koulè yo ak bote yo. Lefètke Ekriti yo nan yon langaj ki senp, sa ede m vin pi byen konnen Jewova, ki tankou yon papa ki pase men l nan kou m toutpandan l ap li pawòl li yo ki bay rekonfò pou mwen.”

14, 15. Ki efè pozitif Tradiksyon monn nouvo a gen sou moun ki pale lòt lang yo?

14 Se pa sèlman edisyon revize Tradiksyon monn nouvo ann anglè a ki te gen efè sou moun yo. Men ki sa yon mesye aje k ap viv nan vil Sofia nan peyi Bilgari te di konsènan edisyon nan lang bilga a: “M gen plizyè ane depi m ap li Bib la, men, m potko janm li yon tradiksyon ki tèlman fasil pou moun konprann e ki touche kè moun konsa.” Menm jan an tou, men sa yon sè nan peyi Albani te di apre l te fin resevwa Tradiksyon monn nouvo a ann antye: “Se pa ti bèl Pawòl Bondye a bèl ann albanè! Se pa ti privilèj sa ye pou n tande Jewova k ap pale avè n nan lang pa nou!”

15 Nan anpil peyi, bib yo koute chè anpil e yo pa toujou disponib, donk, jis resevwa yon bib vle di anpil bagay. Men sa yon rapò ki sot nan peyi Wannda fè konnen: “Pandan anpil tan, anpil nan moun frè yo te konn etidye Labib avè yo pa t konn fè pwogrè paske yo pa gen Bib. Yo pa t ka achte bib legliz nan zòn nan. Epi, byen souvan, yo pa t ka byen konprann sans kèk vèsè e sa te anpeche yo pwogrese.” Bagay yo te vin chanje lè Tradiksyon monn nouvo a te vin disponib nan lang pa yo. Men sa yon fanmi nan peyi Wannda ki gen kat pitit ki adolesan te di: “Nou vle di Jewova ak esklav fidèl ki prevwayan an yon gwo mèsi pou Bib sa a. Nou pòv anpil e n pa gen lajan pou n achte yon bib pou chak moun nan fanmi an. Men, kounye a, nou chak gen bib pa nou. Pou n montre jan n rekonesan anvè Jewova, nou li Bib la an fanmi chak jou.”

16, 17. a) Ki sa Jewova vle pou pèp li a? b) Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

16 Pi devan, edisyon revize Tradiksyon monn nouvo a ap disponib nan plis lang toujou. Satan ap eseye fè tout sa l kapab pou l anpeche sa fèt, men, nou gen konfyans Jewova vle pou tout pèp li a koute l lè l ap pale avè yo nan yon langaj ki klè e ki fasil pou konprann. (Li Ezayi 30:21.) Pa gen dout nan sa, lè a pral rive kote “tè a pral plen konesans sou Jewova menm jan lanmè a plen dlo”. — Eza. 11:9.

17 Se pou n pran detèminasyon pou n pwofite tout kado Jewova ban nou yo san wete tradiksyon sa a ki onore non l. Kite Jewova pale avè w chak jou pa mwayen Pawòl li a. Kapasite san limit li genyen yo pèmèt li koute priyè nou yo avèk atansyon. Kalite kominikasyon sa a ap ede n vin pi byen konnen Jewova toujou toutpandan lanmou n gen pou li a ap kontinye grandi. — Jan 17:3.

“Se pa ti privilèj sa ye pou n tande Jewova k ap pale avè n nan lang pa nou!”

^ § 2 Gade Apendis A1 nan edisyon revize Tradiksyon monn nouvo a ak atik “Comment choisir une bonne traduction de la Bible?” la nan Toudegad 1ye me 2008.

^ § 7 Gen kèk liv referans ki bay menm esplikasyon sa a byenke se pa tout biblis yo ki dakò avè l.

^ § 7 Gade apendis 1A nan paj 1561 Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — avec notes et références lan ki gen tit “Le nom divin dans les Écritures hébraïques”.