Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen ?

Èske w te konnen ?

Èske w te konnen ?

Ki lè astwològ yo t al vizite Jezi ?

Nan Evanjil Matye a, yo di nou “ astwològ ki soti nan zòn lès yo te vin Jerizalèm ”, yo te vizite Jezi e yo te pote kado pou li (Matye 2:1-12 ; nòt anba paj). Men, yo pa di nou konbyen astwològ, oubyen “ maj ”, ki te vizite Jezi pandan l te timoun. Istwa biblik la pa bay non yo. E tradisyon ki fè kwè yo te twa a pa gen yon baz solid.

Men kòmantè yo fè nan yon Bib sou Matye 2:11 : “ Kontrèman ak tradisyon, maj yo pa t al vizite Jezi nan yon krèch pandan nuit li te fèt la tankou bèje yo te fè sa. Yo te rive kèk mwa apre e yo te vizite l antanke yon ‘ timoun ’ ki te ‘ lakay ’ li. ” ​(New International Version Study Bible). Gen yon enfòmasyon ki konfime sa : lè Ewòd t ap chèche touye Jezi a, li te bay lòd pou yo touye tout tigason ki gen dezan e ki gen mwens pase sa ki nan tout Betleyèm e ki nan tout distri Betleyèm yo. Li te chwazi laj sa a, paske l te kalkile l “ selon lè li te chèche konnen avèk swen nan men astwològ yo ”. — Matye 2:16.

Si astwològ yo te vizite Jezi nan nuit li te fèt la e yo te pote lò ak lòt kado enpòtan pou li, sandout Mari pa t ap ofri de ti zwazo sèlman lè l te prezante Jezi nan tanp Jerizalèm nan 40 jou apre nesans li (Lik 2:22-24). Lalwa te bay dispozisyon sa a pou moun ki malere ki pa t ka ofri yon jèn mouton (Levitik 12:6-8). Sepandan, petèt kado enpòtan sa yo te rive nan bon moman e yo te itil fanmi Jezi pou depans yo t apral fè lè yo t al ann Ejip la. — Matye 2:13-15.

Poukisa Jezi te pran kat jou anvan l rive nan tonm Laza a ?

Anfèt, sanble se Jezi ki te vle pou sa fèt konsa. Sa k fè nou kapab di sa ? Annou egzamine istwa nou jwenn nan Jan chapit 11 lan pou nou wè rezon an.

Lè Laza, zanmi Jezi a ki te abite Betani, te tonbe malad grav, sè l yo te voye moun al fè Jezi konn sa (Vèsè 1-3). Parapò ak kote Jezi te ye a, li t ap bezwen mache pandan 2 jou anviwon pou l rive Betani (Jan 10:40). Anfèt, sanble Laza te mouri apeprè lè yo te bay Jezi nouvèl la. Ki sa Jezi te fè ? Li te “ rete kote l te ye a pandan de jou ”, e annapre li te pran wout Betani (Vèsè 6, 7). Konsa, piske li te rete kote l te ye a pandan de jou e li te vwayaje pandan de jou, se sa k fè li te rive nan tonm kote yo te antere Laza a kat jou apre lanmò l. — Vèsè 17.

Anvan sa, Jezi te gentan fè de rezirèksyon. Li te fè youn tousuit apre moun nan te fin mouri. E sanble li te fè lòt la yon ti tan apre moun nan te fin mouri, men, nan menm jou moun nan te mouri a (Lik 7:11-17 ; 8:49-55). Men, kèk moun te ka ap mande tèt yo si Jezi kapab leve yon moun ki mouri depi kat jou, yon moun kò l te kòmanse dekonpoze (Vèsè 39). Gen yon ouvraj referans ki bay yon enfòmasyon enteresan. Dapre liv sa a, pami Juif yo, genyen ki te kwè pa gen espwa “ pou yon moun ki gen kat jou depi l mouri paske lè sa a, kò moun nan kòmanse dekonpoze e nanm nan yo panse ki ret ap flote bò kot kò a pandan twa jou gentan ale ”.

Si pami moun ki te rasanble bò tonm nan te gen ladan yo ki te gen dout sou sa, nan okazyon sa a yo t ap wè pouvwa Jezi genyen sou lanmò. Jezi kanpe devan bouch tonm nan, li rele byen fò : “ Laza, soti deyò ! ” Epi misye “ ki te mouri a sot deyò ”. (Jan 11:43, 44.) Pakonsekan, vrè esperans moun ki mouri yo genyen an se rezirèksyon, se pa yon esperans ki baze sou fo kwayans ki pretann nanm yo kontinye viv apre lanmò. — Ezekyèl 18:4 ; Jan 11:25.