Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fòtifye fanmi w ak “ pawòl ki agreyab ”

Fòtifye fanmi w ak “ pawòl ki agreyab ”

Fòtifye fanmi w ak “ pawòl ki agreyab ”

TANK tan t ap pase, se tank kòlè David t ap ogmante. Pandan l chita nan machin nan ap tann madanm li, tanzantan li voye je gad mont li. Lè finalman Diane, madanm li, sot nan kay la, li pa t ka kontwole kòlè l ankò.

Li fè yon sèl kout san sou madanm li, li di l : “ Kòman w fè kite m ap tann konsa ? Ou toujou anreta ! Kòman fè w pa janm ka pare atan ? ”

Diane mouri frèt. Li pete kriye, epi l kouri tounen nan kay la. Se lè sa a David reyalize li te fè yon erè. Sa l te di yo te agrave sitiyasyon an. Ki sa pou l fè kounye a ? Li etenn machin nan, li fè yon gwo soupi epi li rantre nan kay la tou dousman dèyè Diane.

Èske egzanp sa a pa dekri yon reyalite ? Èske sa pa janm rive ou fin di yon pawòl epi ou ta renmen efase sa w sot di a ? Lè nou pale san nou pa reflechi, souvan nou di bagay nou regrèt apre. Donk, se avèk rezon Labib di : “ Kè moun ki jis la ap medite anvan li bay repons. ” — Pwovèb 15:28.

Sepandan, li ka difisil pou nou byen reflechi anvan nou pale, sitou lè nou an kòlè, lè nou pè oswa lè nou santi yon moun ofanse nou. Lè se ak manm fanmi pwòch nou n ap eseye pale pou nou fè yo konnen santiman nou, li pi fasil pou konvèsasyon an tounen mal e pou youn vin ap blame lòt oswa youn vin ap kritike lòt. E lè sa rive, youn ka blese santiman lòt oswa sa ka pwovoke kont.

Ki sa nou ka fè pou nou jwenn pi bon rezilta ? Ki jan nou ka anpeche santiman nou yo fè nou aji mal ? Nou ka jwenn kèk konsèy k ap itil nan men Salomon, nan liv li te ekri ki nan Bib la.

Reflechi sou sa w ap di e sou fason w ap di l

Lè Salomon, ekriven liv Eklezyas la, te ekri konsènan lavi a ki pa gen sans, sa te parèt aklè li te gen yon opinyon kategorik sou sijè sa a. Men sa l te di : “ Mwen te rayi lavi. ” Li te menm rele lavi “ vanite tout vanite ”. (Eklezyas 2:17 ; 12:8, nòt anba paj.) Sepandan, liv Eklezyas la se pa yon lis bagay ki pa t fè Salomon plezi li ye. Li pa t twouve li apwopriye pou li ekri sèlman sou reyalite lavi a ki jeneralman negatif . Nan fen liv la, Salomon fè konnen li “ te fè efò pou l jwenn pawòl ki agreyab ak fason pou l ekri pawòl laverite ki kòrèk ”. (Eklezyas 12:10.) Gen yon lòt tradiksyon ki di li “ pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l’ la ”. — Bib la.

Pa gen dout nan sa, Salomon te rann li kont li te dwe kontwole santiman l. Anfèt, li te toujou ap mande tèt li : ‘ Èske sa m ap di a se verite oubyen èske l egzak ? Si m sèvi ak mo sa yo, èske lòt moun ap twouve yo agreyab e yo akseptab ? ’ Lefètke li te chèche pawòl verite “ ki agreyab ”, sa te ede l pou l pa t kite santiman l yo bwouye lespri l.

Kòm rezilta, sa Salomon te ekri yo se pa t tou senpleman yon chedèv nan domèn literati, men tou, se yon sous sajès ki sot nan Bondye ki gen rapò ak sans lavi a (2 Timote 3:16, 17). Èske fason Salomon te pale sou sijè sa a, yon sijè li te kategorik sou li, ka ede nou kominike pi byen ak moun nou renmen yo ? Ann konsidere yon egzanp.

Aprann metrize w

Imajine yon tigason ki sot lekòl e ki retounen lakay li tou tris avèk kanè l nan men l. Papa l gade nòt li fè yo e li remake gen yon matyè li pa fè mwayèn li pou li. Menm moman an papa a fache paske l sonje byen souvan tigason an te konn trennen ak devwa l yo. Papa a santi l ta annik di l : “ Parese ! Si w kontinye konsa, ou pap janm anyen nan lavi w ! ”

Men, anvan pou papa a ta kite santiman negatif li genyen pouse l bay yon repons, li ta dwe pran tan pou l mande tèt li : ‘ Èske sa m panse a se vre e èske l vrèman egzak ? ’ Si l poze tèt li kesyon sa a, sa ka ede l pou l pa kite santiman l fè l pa wè reyalite a (Pwovèb 17:27). Èske se vre pitit li a pap anyen nan lavi a lefètke l gen difikilte ak yon matyè ? Èske se yon timoun ki parese nan tout sa l ap fè, oswa èske se paske matyè sa a difisil pou li ki fè li konn ap trennen ak devwa yo ? Labib toujou mete aksan sou nesesite pou nou gen yon pwennvi ki rezonab e ki reyalis (Tit 3:2 ; Jak 3:17). Pou paran yo ankouraje pitit yo, yo bezwen di yo “ pawòl laverite ki kòrèk ”.

Chèche pawòl ki apwopriye yo

Yonfwa papa a fin deside sa pou l di, li ta ka mande tèt li : ‘ Ki jan m ka di sa m pral di a avèk pawòl k ap agreyab e k ap akseptab pou pitit gason m nan ? ’ Se vre, sa pa fasil pou yon moun jwenn pawòl ki apwopriye yo. Men, paran yo dwe sonje souvan adolesan yo gen tandans panse si yo pa fè tout bagay byen, sa vle di yo pa vo anyen. Yo ka egzajere enpòtans yon echèk oswa yon feblès yo genyen atèlpwen se bagay sa yo ki detèmine fason yo wè tèt yo. Pakonsekan, si yon paran reyaji yon fason ki egzajere, sa ka ranfòse panse negatif pitit li deja genyen. Men sa nou li nan Kolosyen 3:21 : “ Nou menm papa, pa irite pitit nou yo pou yo pa dekouraje. ”

Lè paran yo sèvi ak ekspresyon tankou “ toujou ” ak “ pa janm ”, sa ka fè yon pwoblèm pase pou yon bagay ki fèt toutan oswa sa ka egzajere pwoblèm nan. Lè yon paran di pitit li : “ Ou pap janm anyen nan lavi w ”, èske timoun sa a ap santi li gen diyite ankò ? Si nou toujou ap kritike timoun nou yo konsa, sa kapab fè yo vin gen santiman yo pa vo anyen. Nonsèlman sa ka dekouraje yo, men tou, sa nou di a pa vre ditou.

Dabitid, li toujou pi bon pou nou mete aksan sou aspè pozitif ki gen nan yon sitiyasyon. Papa ki nan egzanp nou te site pi wo a te ka di : “ Pitit gason m, mwen wè w tris poutèt ou pa t pase nan matyè a. Men, mwen konnen an jeneral ou fè anpil efò pou w fè devwa w yo. Donk, annou pale e annou wè ki jan nou ka rezoud pwoblèm ou genyen ak matyè sa a. ” Pou papa sa a ka wè pi bon fason pou l ede pitit gason l lan, li ka poze l tou kèk kesyon byen presi pou l ka wè si gen lòt pwoblèm ki kache anba anba.

Lè papa a abòde sitiyasyon an avèk jantiyès e avèk pawòl ki byen reflechi konsa, l ap jwenn pi bon rezilta pase si l te eksploze. Men asirans Bib la ban nou : “ Pawòl ki agreyab [...], dous pou nanm nan e se yon gerizon pou zo. ” ​(Pwovèb 16:24). Vrèmanvre, timoun yo, e tout manm fanmi an, ka jwenn anpil byenfè nan yon anviwònman ki pezib e ki gen lanmou.

“ Selon sa ki nan kè a ann abondans ”

Annou reflechi sou mari nou te site nan kòmansman atik la. Èske l pa t ap pi bon si l te pran tan pou l chèche pawòl verite “ ki agreyab ” pou l di madanm li olye pou l te eksploze sou li ? Yon mari ki nan yon sitiyasyon konsa ap fè byen si l di tèt li : ‘ Menmsi se vre madanm mwen bezwen fè efò pou l kapab alè, èske li toujou anreta vre ? Èske moman an apwopriye pou m pale de sa ? Èske si m pale avèk kòlè e mwen kritike l, sa ap fè l anvi fè efò pou l amelyore ? ’ Lè nou pran yon ti tan pou nou poze tèt nou kesyon konsa, sa ka ede nou pou nou evite fè moun nou renmen ditò alòske se pa sa nou vle. — Pwovèb 29:11.

Men, e si souvan lè n ap eseye pale an fanmi, sa fini nan chirepit ? Nan ka sa a, nou ka bezwen ale pi lwen, nou ka bezwen egzamine ki santiman ki pouse nou chwazi pawòl nou di yo. Sa nou di, sitou lè nou tris anpil oswa lè nou sou tansyon, ka revele anpil bagay sou moun nou ye pa anndan an. Jezi te di : “ Se selon sa ki nan kè a ann abondans bouch la pale. ” ​(Matye 12:34). Sa vle di, byen souvan, sa nou di yo reflete santiman pwofon nou, dezi nou ak etadespri nou.

Èske nou reyalis, nou optimis e nou viv avèk espwa ? Si wi, sa ap parèt nan fason nou pale e nan sa nou di lè n ap pale ak lòt moun. Èske nou gen tandans pou nou strik, pou nou negatif e pou nou jije lòt moun ? Si se konsa nou ye, nou ka dekouraje yo ak sa nou di e ak fason nou di l la. Nou ka pa menm rann nou kont nan ki pwen panse nou ak pawòl nou negatif. Nou ka menm panse fason nou wè bagay yo kòrèk. Men, nou bezwen veye pou nou pa twonpe tèt nou. — Pwovèb 14:12.

Erezman nou gen Pawòl Bondye a ! Paske Labib ka ede nou egzamine panse nou e li ka ede nou wè kiyès ladan yo ki kòrèk e kiyès ladan yo nou bezwen korije (Ebre 4:12 ; Jak 1:25). Kèlkeswa fason nou ye tou natirèlman e kèlkeswa fason nou te leve, nou tout nou ka chwazi chanje fason nou panse ak fason nou aji si vrèman nou vle fè sa. — Efezyen 4:23, 24.

Gen yon lòt bagay nou ka fè tou, apa sèvi ak Labib, pou nou evalye fason nou kominike ak lòt moun. Nou ka mande lòt moun. Pa egzanp, mande konjwen w oswa pitit ou pou yo di w franchman ki jan yo wè w nan domèn sa a. Ou ka pale ak yon zanmi w ki gen matirite e ki konnen w byen. W ap bezwen imilite pou w aksepte sa y ap di w la e pou w fè kèlkeswa chanjman ki nesesè a.

Reflechi anvan w pale

Finalman, si vrèman nou pa ta renmen blese lòt moun nan fason nou pale, nou ta dwe fè sa nou jwenn nan Pwovèb 16:23 a. Vèsè sa a di : “ Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz. ” ​(Bib la). Li ka pa toujou fasil pou nou metrize santiman nou. Sepandan, si nou chèche konprann lòt moun olye nou akize yo oswa nou imilye yo, l ap pi fasil pou nou jwenn pawòl ki apwopriye pou n di sa nou santi.

Natirèlman, pa gen yon moun ki pafè (Jak 3:2). Pafwa, nou tout konn pale san nou pa reflechi (Pwovèb 12:18). Men, grasa Pawòl Bondye a, nou ka aprann pou nou reflechi anvan nou pale e pou nou mete enterè lòt moun avèk santiman yo anvan enterè pa nou ak santiman pa nou (Filipyen 2:4). Annou pran detèminasyon pou nou chèche pawòl verite “ ki agreyab ” pou nou di, sitou lè n ap pale ak manm fanmi nou. Konsa, pawòl k ap sot nan bouch nou pap blese moun nou renmen yo ni yo pap imilye yo, men, y ap geri yo e y ap fòtifye yo. — Women 14:19.

[Foto nan paj 12]

Kòman w ka evite di yon bagay w ap regrèt apre ?