Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki lè Wayòm Bondye a ap vini ?

Ki lè Wayòm Bondye a ap vini ?

Ki lè Wayòm Bondye a ap vini ?

“ SEYÈ, èske se nan tan sa a w ap retabli wayòm nan pou Izrayèl ? ” ​(Travay 1:6). Apot yo te anvi konnen ki lè Jezi ta gen pou l etabli Wayòm li an. Jodi a, anviwon 2 000 an apre, moun toujou anvi konnen repons kesyon sa a : Ki lè Wayòm Bondye a ap vini ?

Piske Wayòm nan se te tèm prensipal predikasyon Jezi a, li nòmal pou nou panse li te pale sou kesyon sa a. An reyalite, li te fè sa. Li te pale plizyè fwa konsènan yon peryòd tan byen presi, yon peryòd li te rele “ prezans ” li (Matye 24:37). Prezans sa a gen yon rapò etwat ak lè Wayòm Mesi a ta etabli. Ki sa prezans li a ye ? Annou egzamine kat verite Labib revele konsènan prezans Kris la.

1. Prezans Kris la ta gen pou l kòmanse yon bon tan apre lanmò l. Jezi te bay yon egzanp kote li te konpare tèt li ak yon mesye ki te “ vwayaje al nan yon peyi ki lwen pou l fè yo ba l pouvwa wayal ” oswa pou l “ fè yo ba l yon wayòm ”. (Lik 19:12 ; nòt anba paj.) Ki jan egzanp sa a ki te yon pwofesi te reyalize ? Ebyen, Jezi te mouri e li te resisite, apre sa li te vwayaje al nan “ yon peyi ki lwen ”, sètadi syèl la. Jan Jezi te predi sa nan yon egzanp ki sanble ak egzanp sa a, se “ apre yon bon tan ” li t ap gen pou l tounen antanke Wa. — Matye 25:19.

Kèk ane apre Jezi te fin monte nan syèl la, apot Pòl te ekri pawòl sa yo : “ Nonm sa a [Jezi] te ofri yon sèl sakrifis pou peche, ki valab pou toutan, e li chita adwat Bondye, depi lè sa a l ap tann jiskaske Bondye mete ènmi l yo tankou yon tabourè pou pye l. ” ​(Ebre 10:12, 13). Donk, gen yon peryòd tan ki long kote Jezi t ap tann ki te pase apre l te fin monte nan syèl la. Finalman, tan sa a te rive nan bout li lè Jewova Dye te fè Pitit li a vin Wa nan Wayòm sa a li te pwomèt depi lontan an. Se lè sa a prezans Kris la te kòmanse. Èske moun sou tè a t ap wè evènman estrawòdinè sa a ?

2. Se pa yon prezans moun ka wè ak je yo. N ap sonje Jezi te pale konsènan siy prezans li a (Matye 24:3). Si moun te ka wè lè l t ap prezan an, èske l t ap nesesè pou l bay yon siy ? Annou pran yon egzanp : ann sipoze w ap fè yon vwayaj pou w al wè lanmè a. Petèt ou ka wè kèk pano ki endike w wout pou w fè, men yonfwa w fin rive bò lanmè a e ou kanpe bò dlo a, w ap gade tout dlo sa a ki devan w lan ki rive jis nan orizon an, èske w ap atann pou w wè yon gwo pano ki gen gwo flèch sou li ki pwente sou lanmè a e ki make “ lanmè ” an gran lèt ? Jamè ! Poukisa pou w ta bezwen yon pano ki pou endike w yon bagay ou kapab wè sa l ye ak je w ?

Jezi pa t dekri siy prezans li a pou l endike yon bagay moun t apral wè ak je yo, men li te fè sa pou l te ka ede yo konprann yon bagay ki t apral fèt nan syèl la. Se sa k fè Jezi te di : “ Wayòm Bondye a pap vini yon fason k ap atire atansyon moun. ” ​(Lik 17:20). Men, kòman siy lan t ap montre moun ki sou tè a lè prezans Kris la kòmanse ?

3. Prezans Jezi se yon peryòd kote t ap gen anpil pwoblèm sou tè a. Jezi te di lagè, grangou, tranblemanntè, maladi ak ilegalite t ap endike prezans li antanke Wa nan syèl la (Matye 24:7-12 ; Lik 21:10, 11). Ki sa k t ap fè gen tout kalamite sa yo ? Bib la fè nou konnen Satan, “ chèf monn sa a ”, fache anpil paske l konnen tan ki rete l la kout anpil, piske prezans Kris la kòmanse (Jan 12:31 ; Revelasyon 12:9, 12). Nan epòk pa nou an, nou gen yon pakèt prèv ki fè nou kapab wè aklè Satan an kòlè anpil e prezans Kris la kòmanse. Men, se espesyalman nan ane 1914, yon ane istoryen yo rekonèt kòm yon ane ki make yon gwo chanjman nan listwa, prèv sa yo te parèt aklè sou tout tè a nèt yon fason sa pa t janm fèt anvan.

Tout bagay sa yo ka sanble yon move nouvèl, poutan, se pa sa ditou. Yo demontre Wayòm Mesi a ap dirije nan syèl la aktyèlman. Talè konsa, gouvènman sa a pral egzèse dominasyon l sou tout tè a. Men, ki jan moun t ap fè konnen Wayòm sa a yon fason pou yo aksepte dominasyon l e pou yo soumèt yo anba l ?

4. Travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a endike prezans Jezi. Jezi te di prezans li a t ap menm jan ak “ jou Noye yo ”. * (Matye 24:37-39). Se pa konstwi sèlman Noye te konstwi lach la, men tou, li te “ yon nonm ki t ap preche sa ki jis ”. (2 Pyè 2:5.) Li te fè moun yo konnen Bondye t apral egzekite yon jijman kont yo. Jezi te di disip li yo ki sou tè a t apral fè yon travay ki sanble ak travay Noye a pandan prezans li a. Men sa l te anonse : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” — Matye 24:14.

Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, Wayòm Bondye a pral detwi tout gouvènman ki nan monn sa a. Travay predikasyon an fè moun yo konnen gouvènman selès sa a pral aji talè konsa, li ba yo posiblite pou yo chape anba destriksyon k ap vini an e pou yo viv anba dominasyon Wayòm sa a. Kounye a, kesyon ki enpòtan pou nou poze a se : ki jan w ap reyaji ?

Èske Wayòm Bondye a ap pote byenfè pou ou ?

Mesaj Jezi te konn preche a se te yon mesaj ki te pote yon espwa san parèy. Apre rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan, sa gen plizyè milye ane, Jewova Dye te vin gen objektif pou l fòme yon gouvènman ki ta gen pou l mete bagay yo nan plas yo, pou l fè lèzòm retounen jwenn sa Bondye te vle pou yo okòmansman an, sètadi lavi etènèl nan yon paradi sou tè a. Èske sa pa fè kè nou kontan lefètke nou konnen gouvènman sa a Bondye te pwomèt depi lontan an ap dirije aktyèlman nan syèl la ? Vrèman, gouvènman sa a se pa jis yon lide moun pa ka konprann, men se yon bagay ki reyèl.

Kounye a, Wa Bondye mete anplas la ap dirije nan mitan ènmi l yo (Sòm 110:2). Nan monn kòwonpi sa a, yon monn ki lwen Bondye, Mesi a ap akonpli volonte Papa l genyen ki se chèche tout moun ki vle konnen Bondye toutbon e ki vle adore l “ avèk lespri ak laverite ”. (Jan 4:24.) Moun tout ras, tout laj, tout nivo sosyal kapab gen espwa pou yo viv pou toutan anba dominasyon Wayòm Bondye a (Travay 10:34, 35). Nou ankouraje w pou w pwofite opòtinite sa a. Chèche aprann plis bagay konsènan Wayòm Bondye a depi kounye a yon fason pou w ka viv ak kè kontan anba dominasyon jis li a pou toutan. — 1 Jan 2:17.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Pawòl Jezi te di yo ede nou korije move ide kèk tradiksyon Labib bay sou mo “ prezans ” lan paske yo pa byen tradui l. Gen kèk tradiksyon ki mete “ vini ”, “ avènman ” oswa “ retou ” pou yo tradui l. Tout mo sa yo fè referans ak yon bagay k ap fèt pandan yon ti tan. Sepandan, n ap remake Jezi pa t konpare prezans li a ak delij nan epòk Noye a, ki se yon evènman, men li te konpare l ak “ jou Noye yo ”, sètadi yon peryòd tan. Menm jan sa te fèt nan tan sa a, prezans Kris la se t ap yon peryòd kote moun yo t ap tèlman okipe nan aktivite y ap mennen chak jou, sa t ap fè yo pa prete atansyon ak avètisman y ap bay la.

[Foto nan paj 8, 9]

Move nouvèl nou tande chak jou yo pwouve gen bon bagay k ap vini talè konsa.

[Liy kredi]

Kanno anti-ayeryen : U.S. Army photo