Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Wayòm Bondye a ye ?

Ki sa Wayòm Bondye a ye ?

Ki sa Wayòm Bondye a ye ?

KI SA k te tèm prensipal predikasyon Jezi a ? Selon sa Jezi te di, se te Wayòm Bondye a (Lik 4:43). Moun ki te konn koute l yo te konn tande l pale de Wayòm nan souvan. Èske yo pa t fin byen konprann sa l t ap di yo ? Èske yo te mande l ki sa Wayòm nan ye ? Non. Evanjil yo pa di sa. Donk, èske moun yo te deja abitye ak kesyon Wayòm Bondye a ?

Anfèt, Ekriti ki la lontan Juif yo konsidere kòm Ekriti sakre yo pale konsènan Wayòm sa a, yo dekri l yon fason ki vivan e kòm yon bagay ki reyèl, yo di ki sa l ye e ki sa l pral akonpli. Menm jan ak Juif yo, jodi a nou ka aprann plis bagay toujou sou Wayòm nan. Ki jan ? Pa mwayen Labib. Annou konsidere sèt verite nou aprann nan Bib la konsènan Wayòm nan. Twa premye yo te disponib ni pou Juif nan epòk Jezi a ni pou Juif avan epòk li a. Twa sa k vin apre yo, se Jezi oswa apot li yo ki te revele yo nan premye syèk la. Dènye a vin parèt klè nan epòk pa nou an.

1. Wayòm Bondye a se yon vrè gouvènman, yon gouvènman k ap la pou toutan. Premye pwofesi ki nan Bib la fè nou konnen Bondye t ap gen pou l voye yon sovè pou moun ki fidèl yo. Moun sa a, yo rele “ semans ” lan, t ap gen pou l efase tout malè rebelyon Adan, Èv ak Satan an te lakòz (Jenèz 3:15). Yon bon tan apre sa, yo te di wa David, yon wa ki te fidèl, yon bagay ki enteresan konsènan “ semans ” sa a, sètadi Mesi a. Li t ap gen pou l dirije yon Wayòm. Gouvènman sa a t ap diferan parapò ak tout lòt gouvènman yo. Li t ap egziste pou toutan. — 2 Samyèl 7:12-14.

2. Wayòm Bondye a pral mete fen nan tout gouvènman lèzòm yo. Pwofèt Dànyèl te resevwa yon vizyon kote l te wè yon seri pisans mondyal k ap pase youn apre lòt atravè listwa pou rive jis nan epòk pa nou an. Gade sa k te rive nan fen vizyon sa a : “ Nan jou wa sa yo [dènye wa imen yo], Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp. Li pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap mete yon fen nan yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” Konsa, tout wayòm yo, sètadi tout gouvènman ki gen nan monn sa a, ansanm ak gè yo fè, zak maspinay yo fè ak koripsyon yo gen ladan yo, yo tout ap detwi pou toutan. Jan pwofesi Dànyèl la montre sa, talè konsa Wayòm Bondye a pral gouvène tout tè a nèt (Dànyèl 2:44, 45). Nonsèlman tout moun pral ka wè Wayòm Bondye a reyèl, men se li menm sèl ki pral egziste *.

3. Wayòm Bondye a pral mete yon fen nan lagè, maladi, grangou, e menm nan lanmò. Gen yon seri pwofesi pasyonan ki fè nou konnen sa Wayòm Bondye a pral fè pou tè a. Li pral akonpli bagay okenn gouvènman ni òganizasyon lèzòm pa t janm rive fè ni yo pa t ap janm ka fè. Imajine sa : tout zam fann fwa pral detwi pou toutan ! “ Li fè lagè sispann jis nan dènye bout tè a. ” ​(Sòm 46:9). Pap gen doktè ankò ni lopital ni okenn maladi ankò. “ Pa gen moun ki abite la k ap di : ‘ Mwen malad. ’ ” ​(Izayi 33:24). Pap gen grangou ankò, pap gen rate manje, pap gen moun ki soufri malnitrisyon ni moun k ap mouri grangou. “ Pral gen anpil manje angren sou tè a. ” ​(Sòm 72:16). Pap gen antèman ankò, pap gen vèy ankò, pap gen ni simityè ni mòg, ni pap gen soufrans ki akonpaye bagay sa yo ankò. Alafen, yo pral detwi lanmò, gwo ènmi nou an. Bondye “ pral anglouti lanmò pou toutan. Wi, Jewova Souvren Seyè a pral siye dlo nan tout figi ”. — Izayi 25:8.

4. Wayòm Bondye a gen yon Chèf Bondye chwazi. Se pa Mesi a ki mete tèt li Chèf, ni tou se pa lèzòm enpafè ki chwazi l. Se Jewova pèsonèlman ki chwazi l. Tit Mesi a ak tit Kris la montre sa. Toule de mo sa yo vle di “ wen ”. Konsa, Jewova wenn Wa sa a, sètadi li nome l nan pozisyon espesyal sa a. Men sa Jewova di konsènan Wa sa a : “ Gade ! Sèvitè m mwen kenbe fèm nan ! Li menm mwen chwazi a e li menm nanm mwen apwouve a ! Mwen mete lespri m sou li. Jistis pou nasyon yo se sa li pral pote. ” ​(Izayi 42:1 ; Matye 12:17, 18). Èske se pa Kreyatè nou an ki pi byen konnen ki kalite Chèf nou bezwen ?

5. Chèf Wayòm Bondye a demontre devan tout limanite li gen kapasite pou l Chèf. Se Jezi moun Nazarèt ki Mesi yo te pwomèt la. Li te fèt nan liy fanmi Bondye te chwazi a (Jenèz 22:18 ; 1 Kwonik 17:11 ; Matye 1:1). Pandan l te sou tè a, li te akonpli yon bann pwofesi yo te bay konsènan Mesi a, pwofesi ki te ekri plizyè syèk alavans. Detan nan syèl la, yo te fè konnen li se Mesi a. Ki jan ? Ebyen, Bondye te pale detan nan syèl la pou l fè konnen se Pitit li l ye. Gen zanj ki te fè konnen se Jezi ki Mesi yo te pwomèt la. Anplis, Jezi te konn fè mirak tou pa mwayen pisans Bondye, e souvan li te fè yo devan plizyè santèn moun oswa menm plizyè milye moun *. Jezi te toujou montre ki kalite dirijan li t ap ye. Nonsèlman li te gen pouvwa pou l ede moun, men, li te gen dezi tou pou l fè sa (Matye 8:1-3). Li pa t egoyis, li te gen konpasyon, li te gen kouraj e li te enb. Nenpòt moun kapab li istwa lavi l lè l te sou tè a nan Bib la.

6. Wayòm Bondye a gen 144 000 moun ki pral dirije ansanm ak Kris. Jezi te di gen lòt moun, apot li yo ladan l tou, ki ta gen pou yo dirije nan syèl la ansanm avèk li. Li te rele gwoup moun sa yo “ ti twoupo ”. (Lik 12:32.) Apre sa, yo te di apot Jan ti twoupo sa a t ap gen 144 000 moun antou ladan l. Yo t ap gen yon travay estrawòdinè pou yo fè nan syèl la ansanm ak Kris, yo t ap gen pou yo dirije antanke wa e pou yo sèvi antanke prèt. — Revelasyon 5:9, 10 ; 14:1, 3.

7. Wayòm Bondye a k ap dirije nan syèl la kounye a pare pou l kòmanse reye sou tout tè a. Dènye verite sa a, se youn nan verite ki pi enteresan nou te ka aprann. Labib ban nou anpil prèv ki montre Jezi resevwa otorite nan syèl la antanke Wa. L ap dirije nan syèl la kounye a nan epòk pa nou an, men talè konsa li pral dirije tout tè a nèt e li pral akonpli bèl pwofesi nou te mansyone deja yo. Men, ki jan nou ka fè sèten Wayòm Bondye a ap dirije aktyèlman ? E ki lè l pral kòmanse dirije tè a ?

[Nòt anba paj]

^ § 5 Menm jan ak pwofesi sa a, gen lòt pwofesi ki sanble avè l ki montre nou Wayòm Bondye a se pa yon bagay ki nan kè nou, jan yo fè anpil moun konprann sa. Gade atik “ Lektè nou yo ta renmen konnen ” ki nan paj 13.