Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen libere anba dezespwa mwen te santi lè m te jèn

Mwen libere anba dezespwa mwen te santi lè m te jèn

Mwen libere anba dezespwa mwen te santi lè m te jèn

Dapre Eusebio Morcillo

Nan mwa septanm, ane 1993, mwen te vizite yon prizon kote gen yon gwo sistèm sekirite ak yon siveyans maksimòm. Se te nan okazyon batèm ti sè m nan, Mariví, ki te yon prizonye. Kèk nan prizonye yo ak moun ki te responsab prizon an t ap gade avèk respè seremoni batèm mwen t ap fè a. Anvan mwen esplike ki jan li menm avè m nou te fè la, mwen pral pale de lavi nou lè nou te pi jèn.

MWEN fèt ann Espay, 5 me 1954. Mwen se premye pitit nan fanmi m ki te gen uit pitit. Mariví li menm te twazyèm. Granmè nou te leve nou antanke fran katolik. Mwen gen bèl souvni anfans mwen lè m te lakay li. Nan epòk sa a, mwen te santi m renmen Bondye toutbon. Sepandan, anviwònman ki te genyen lakay paran m yo pa t yon anviwònman espirityèl ditou. Papa m te konn bat ni manman nou ni nou menm regilyèman. Nou te toujou santi nou pè. E sa te fè m mal anpil pou m wè jan manman m ap soufri.

Lè m te lekòl, mwen te rankontre lòt sitiyasyon ankò ki te dekouraje m. Youn nan pwofesè yo, yon prèt, te konn frape tèt nou nan yon mi lè nou te mal reponn yon kesyon li te poze nou. Te gen yon lòt prèt ki te konn fè abi seksyèl sou elèv yo lè l t ap repase leson yo avèk yo. Anplis, kèk ansèyman katolik tankou dife lanfè te lage m nan konfizyon e yo te fè m pè. Sa pa t pran lontan pou m te pèdi lanmou mwen te genyen pou Bondye a.

Mwen t ap viv yon vi ki pa gen sans

Lefètke mwen pa t gen okenn direksyon espirityèl, mwen te kòmanse al nan disko kote mwen t ap frekante moun ki imoral e ki vyolan. Souvan, goumen te konn pete e yo te konn sèvi ak kouto, chenn, moso boutèy ansanm ak tabourè ki nan disko a pou yo batay. Menmsi mwen pa t patisipe dirèkteman nan vyolans yo, yon lè, mwen te pran yon kou e mwen te pèdi konesans.

Finalman, mwen te vin bouke ak disko sa yo e mwen te chèche lòt disko ki pa gen vyolans ladan yo e ki pi kalm. Men, menm nan sa yo tou, moun yo te konn pran dwòg. Olye pou dwòg yo te ban m satisfaksyon e pou yo te fè m santi m anpè, yo te fè m wè bagay ki pa la vre e yo te fè m vin angwase.

Byenke mwen pa t satisfè ak fason mwen t ap viv la, mwen te fè youn nan ti frè m yo, José Luis, ansanm ak yon bon zanmi m, Miguel, vin ap viv menm jan avè m. Menm jan ak anpil jèn ann Espay nan epòk sa a, nou menm ansanm ak yon bann lòt jèn te pran nan pyèj yon monn ki kòwonpi. Mwen te fè prèske nenpòt bagay pou m te ka jwenn kòb pou m achte dwòg. Mwen te pèdi tout diyite m.

Jewova vin pote m sekou

Nan moman sa yo, mwen te konn pale ak zanmi m yo konsènan egzistans Bondye e konsènan sans lavi a. Mwen te chèche yon moun pou m pataje santiman mwen te genyen yo avè l paske se konsa mwen te panse mwen t ap kapab kòmanse chèche Bondye. Mwen te remake gen youn nan kòlèg travay mwen yo, ki rele Francisco, ki te diferan parapò ak lòt moun ki te nan travay la. Li te sanble yon moun ki gen kè kontan, ki onèt e ki janti. Se sa k fè mwen te deside pou m ouvè kè m ba li. Li te Temwen Jewova e li te ban m yon Toudegad ki te gen yon atik ladan l ki pale sou dwòg.

Apre mwen te fin li atik la, men ki jan mwen te priye Bondye pou l ede m : “ Seyè, mwen konnen ou egziste, mwen vle konnen w e mwen vle fè volonte w. Silvouplè, ede m ! ” Francisco ak lòt Temwen Jewova ankò te sèvi ak Bib la pou yo ankouraje m e yo te ban m kèk piblikasyon pou m li. Mwen te vin reyalize yo t ap ban m èd mwen te mande Bondye a. Sa pa t pran lontan pou m kòmanse pale ak zanmi m yo e ak José Luis konsènan bagay mwen t ap aprann yo.

Yon jou, pandan mwen te sot nan yon konsè mizik wòk avèk kèk zanmi, mwen te separe m de yo. Mwen te gade yo byen e mwen te rann mwen kont jan konduit nou te vin kòwonpi akoz enfliyans dwòg te genyen sou nou. Se lè sa a mwen te deside m ap sispann viv jan m ap viv la e m ap vin Temwen Jewova.

Mwen te mande Francisco yon Bib. Li te ban m youn ansanm ak liv La vérité qui conduit à la vie éternelle la *. Lè m te li pwomès Bondye fè pou l siye tout dlo nan je nou e pou menm lanmò pa la ankò, mwen pa t gen dout mwen te jwenn verite ki kapab libere lèzòm nan (Jan 8:32 ; Revelasyon 21:4). Apre sa, mwen te asiste yon reyinyon nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo. Yo te tèlman janti e yo tèlman byen akeyi m, sa te enpresyone m anpil.

Mwen pa t ka tann pou m rakonte lòt moun eksperyans mwen te fè nan Sal Wayòm nan, e san pèdi tan, mwen te reyini José Luis ak zanmi m yo e mwen te rakonte yo sa. Kèk jou apre sa, nou tout t al asiste yon reyinyon. Yon jèn fi ki te nan ranje ki devan nou an te vire pou l gade nou. Sa te evidan li te sezi wè yon gwoup moun konsa ak cheve long nan Sal la, men li te fè atansyon pou l pa vire tèt gade nou ankò. Sa te dwe etone l pou l wè nou tounen nan Sal Wayòm nan semèn apre a, paske fwa sa a, nou te kostime e nou te gen kravat nan kou nou.

Yon ti tan apre sa, Miguel avèk mwen te asiste yon asanble sikonskripsyon Temwen Jewova yo te òganize. Nou pa t janm wè yon bagay konsa : yon bann moun tout laj ki fè pati yon vrè kominote frè ak sè espirityèl. Asanble sa a te fèt nan yon lokal kote nou te fèk asiste yon konsè mizik wòk. Sepandan, nan okazyon sa a, anbyans lan ak mizik yo te pase yo te ankouraje nou e yo te fè kè nou kontan.

Nou tout te kòmanse etidye Labib. Anviwon uit mwa apre, 26 jiyè 1974, Miguel avè m te batize. Nou toule de te gen ventan. Kèk mwa apre sa, kat lòt moun ki te fè pati gwoup nou an te batize. Fòmasyon mwen te resevwa nan Bib la te pouse m kòmanse ede manman m, yon fi ki te gen anpil pasyans, nan travay k ap fèt nan kay la, e mwen te kòmanse pataje lafwa m avè l. Sa te fè nou vin pwòch. Mwen te pase anpil tan tou ap ede ti frè m yo ak ti sè m yo.

Avèk letan, manman m ansanm ak sis nan frè m ak sè m yo te aprann verite ki nan Bib la e yo te vin Temwen Jewova batize. An 1977, mwen te marye ak Soledad, jèn fi ki te sezi wè nou premye fwa nou te vin nan Sal Wayòm nan. Nan espas kèk mwa nou toule de te vin pyonye. Se konsa Temwen Jewova yo rele moun k ap preche bon nouvèl Wayòm nan aplentan.

Yon moun mwen te renmen anpil te chanje lavi l

Mariví, ti sè m nan, te viktim abi seksyèl lè l te timoun, e move eksperyans sa a te gen yon gwo efè sou li. Lè l te vin adolesan, li te vin ap viv yon fason ki imoral. Li te konn pran dwòg, li te konn vòlè e li te tonbe nan pwostitisyon. Lè l te gen 23 an, yo te mete l nan prizon kote li te kontinye ap mennen yon move vi.

Lè sa a, mwen t ap sèvi antanke siveyan sikonskripsyon, yon minis pami Temwen Jewova yo ki deplase al vizite yon seri kongregasyon. An 1989, Soledad avèk mwen te jwenn asiyasyon pou nou vizite kongregasyon ki nan zòn kote Mariví te nan prizon an. Otorite yo te fèk pran pitit gason l lan nan men l. Li te santi l dezole. Li pa t anvi viv ankò. Yon jou, mwen t al wè l epi mwen te pwopoze l pou nou etidye Labib ansanm. Li te aksepte. Apre yon mwa etid, li te sispann pran dwòg e li te sispann fimen. Sa te fè m kontan pou m wè jan Jewova te ba l kouraj pou l fè chanjman sa yo nan lavi l. — Ebre 4:12.

Yon ti tan apre etid la te kòmanse, Mariví te kòmanse pale de verite ki nan Bib la ak lòt prizonye yo e ak responsab prizon yo. Malgre yo te deplase l sot nan yon prizon al nan yon lòt, li te kontinye preche. Nan youn nan prizon li te pase yo, li te menm preche sot nan yon chanm prizon al nan yon lòt chanm prizon. Pandan ane Mariví te pase nan prizon yo, li te etidye Labib ak anpil prizonye.

Yon jou, Mariví fè m konnen li vle vwe lavi l bay Jewova e li vle batize. Men, yo pa t pèmèt li kite prizon an ni yo pa t pèmèt okenn moun vin nan prizon an pou yo batize l. Li te andire pandan kat lòt ane nan anviwònman kòwonpi ki te gen nan prizon sa a. Ki sa ki te pèmèt lafwa l ret solid ? Ebyen, nan egzakteman menm moman kongregasyon nan zòn nan te gen reyinyon, li te egzamine menm pwogram nan pandan li nan chanm prizon an. Anplis, li te konn etidye Labib regilyèman e li te konn priye regilyèman.

Avèk letan, yo te voye Mariví nan yon prizon ki gen yon kokenn sistèm sekirite ak yon siveyans maksimòm e ki te gen yon pisin. Li te panse li t ap kapab batize nan prizon sa a. E vrèmanvre, finalman yo te ba l pèmisyon pou sa. Se konsa mwen te vin ap bay diskou batèm li. Mwen te avè l nan moman sa a, moman ki te pi enpòtan pou li nan lavi l.

Akoz fason Mariví te konn viv anvan, li te vin gen sida. Sepandan, lefètke li te gen bon konduit, yo te pèmèt li kite prizon an anvan lè, an mas 1994. Li te viv nan kay la ansanm ak manman nou e li te yon kretyèn ki aktif jiskaske li te mouri dezan apre li te sot nan prizon an.

Sa ki ede m ak santiman negatif mwen yo

Mwen menm tou, mwen pa chape nèt anba konsekans fason m te konn viv anvan an. Move tretman mwen te sibi nan men papa m ansanm ak fason mwen te konn viv lè mwen te yon adolesan te make pèsonalite m. Pandan m granmoun nan, souvan, konsyans mwen konn ap bat mwen e mwen konn santi mwen pa vo anyen. Pafwa, mwen konn santi m dekouraje anpil. Men, Pawòl Bondye a ede m anpil pou m konbat vye santiman sa yo. Lefètke mwen medite souvan sou kèk vèsè tankou Izayi 1:18 ak Sòm 103:8-13, ofiramezi ane yo ap pase, sa ede m diminye santiman negatif mwen genyen akoz konsyans mwen ki kontinye ap bat mwen detanzantan.

Lapriyè se yon lòt zam espirityèl mwen itilize pou m konbat santiman mwen konn genyen kòmkwa mwen pa vo anyen. Souvan, mwen priye Jewova ak dlo nan je m. Sepandan, mwen jwenn fòs nan pawòl ki nan 1 Jan 3:19, 20 ki di : “ Se konsa n ap konnen nou soti nan laverite, e n ap asire kè nou devan li konsènan nenpòt ki bagay kè nou ta kondane nou pou li, paske Bondye pi gran pase kè nou e li konnen tout bagay. ”

Lefètke m pwoche bò kote Bondye avèk senserite e avèk “ yon kè ki brize, ki kraze ”, mwen rann mwen kont mwen pa mechan jan mwen te konn panse sa. Bib la bay tout moun k ap chèche Jewova asirans li pa meprize moun ki regrèt sensèman fason yo te konn viv anvan e k ap fè volonte l kounye a. — Sòm 51:17.

Chak fwa santiman negatif anvayi m, mwen eseye ranpli lespri m ak panse ki pozitif, tankou panse espirityèl ki mansyone nan Filipyen 4:8 yo. Anplis, mwen aprann Sòm 23 ak Sèmon sou montay la pakè. Lè mwen gen move panse k ap travèse lespri m, mwen resite pasaj sa yo. Netwayaj mantal sa a ede m anpil sitou lè m pa ka dòmi nan nuit.

Yon lòt bagay ki ede m tou se lè madanm mwen ak lòt kretyen ki gen matirite felisite m. Malgre okòmansman li te difisil pou m aksepte pawòl ankourajan yo konn di m, Bib la ede m konprann lanmou “ kwè tout bagay ”. (1 Korentyen 13:7.) Anplis, ofiramezi, mwen vin aprann aksepte avèk imilite feblès ak limit mwen genyen.

Yon bon kote ki gen nan sa, sèke konba m ap mennen kont panse negatif yo fè m vin yon siveyan itineran ki kapab mete m nan plas lòt moun. Mwen menm ak madanm mwen, nou chak nou gen prèske 30 an depi n ap preche bon nouvèl Wayòm nan aplentan. Jwa mwen jwenn nan sèvi lòt moun ede m pou santiman negatif sa yo ak souvni move eksperyans mwen te fè yo twouble m mwens.

Kounye a, lè m fè yon ti retou annaryè e mwen reflechi sou tout benediksyon Jewova vide sou mwen, menm jan ak salmis la, mwen santi m pouse pou m di : “ Beni Jewova, [...] li menm ki toujou ap padone tout erè ou fè e ki toujou ap geri tout maladi ou genyen, li menm ki reklame lavi w nan twou a, li menm ki antoure w ak bonte ki plen lanmou e ak mizèrikòd. ” — Sòm 103:1-4.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a, men, yo pa enprime l ankò.

[Antrefilè nan paj 30]

Souvan, konsyans mwen bat mwen e mwen santi m pa vo anyen. Men, Pawòl Bondye a ede m anpil pou m konbat santiman sa yo ki ban m pwoblèm.

[Foto nan paj 27]

José Luis, frè m nan, ak Miguel, zanmi m nan, te suiv ni bon ni move egzanp mwen te bay.

[Foto nan paj 28, 29]

Fanmi Morcillo an 1973.

[Foto nan paj 29]

Mariví, lè l te nan prizon.

[Foto nan paj 30]

Mwen menm ak madanm mwen, Soledad.