Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pou lektè nou yo

Pou lektè nou yo

Pou lektè nou yo

NOU kontan fè nou konnen apati nimewo sa a, pral gen kèk chanjman nan Toudegad. Men, anvan nou fè nou konnen chanjman sa yo, annou fè yon ti pale sou bagay ki pap chanje ladan l yo.

Non peryodik sa a, Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a, pa chanje. Konsa, Toudegad ap kontinye onore Jewova antanke vrè Dye a e l ap kontinye bay lektè yo rekonfò pa mwayen bon nouvèl Wayòm li an. Seri atik nou jwenn nan peryodik sa a, soti nan paj 5 rive nan paj 9, pral pale konsènan ki sa Wayòm sa a ye e ki lè l ap vini. Anplis, Toudegad ap kontinye ranfòse lafwa moun k ap li l yo nan Jezi Kris, l ap kontinye defann verite ki nan Bib la e l ap kontinye esplike siyifikasyon evènman k ap fèt nan monn nan grasa pwofesi biblik yo, jan li deja ap fè sa depi plizyè dizèn ane.

Men, ki sa k ap chanje ladan l ? Annou konsidere kèk nan nouvo aspè enteresan ki pral parèt nan edisyon Toudegad sa a, yon edisyon k ap parèt an kreyòl kat fwa nan ane a e k ap pote dat 1ye pou mwa li parèt la *.

Gen plizyè ribrik ki fèt pou ede moun reflechi k ap parèt tanzantan. Atik ki rele “ Èske w te konnen ? ” an pral bay yon seri enfòmasyon k ap ede nou konprann sans kèk istwa ki nan Bib la. Atik “ Annou pwoche bò kote Bondye ” a pral mete aksan sou sa nou ka aprann konsènan Jewova grasa kèk pasaj byen presi nan Bib la. Ribrik “ Lektè nou yo ta renmen konnen ” an pral bay repons sou yon seri kesyon biblik moun yo abitye poze. Pa egzanp, gen anpil moun ki konn poze kesyon sa a : “ Èske se nan kè nou Wayòm Bondye a ye ? ” W ap jwenn repons lan nan paj 13.

Gen yon seri ribrik ki fèt espesyalman pou ede fanmi yo k ap parèt regilyèman. Ribrik ki rele “ Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi ” an pral prezante kèk sitiyasyon reyèl sou pwoblèm fanmi yo konn rankontre e li pral montre ki jan prensip ki nan Bib la ka ede fanmi yo rezoud difikilte yo genyen. Ribrik “ Anseye pitit ou ” a ap prezante atik paran yo ka li avèk pitit yo e ribrik “ Pou jèn yo ” ap bay yon plan k ap ede jèn yo etidye yon sijè biblik.

Gen kèk lòt ribrik k ap parèt tanzantan. Ribrik ki rele “ Annou imite lafwa yo ” a pral ankouraje nou pou nou suiv egzanp yon pèsonaj biblik. Pa egzanp, n ap jwenn yon istwa touchan ki te pase nan lavi pwofèt Eliya nan paj 18-21 e n ap aprann kòman nou ka imite lafwa l. Ribrik “ Yon lèt ki soti... ” a ap prezante eksperyans misyonè oswa eksperyans lòt moun ki nan divès kote sou tè a ekri sou yon bagay yo te viv. Ribrik “ Sa Jezi aprann nou ” an pral prezante ansèyman fondamantal ki nan Bib la yon fason ki senp.

Nou gen asirans Toudegad pral kontinye enterese moun toupatou ki respekte Labib e ki ta renmen konnen sa liv sa a anseye toutbonvre. Nou espere peryodik sa a pral ede w satisfè swaf ou genyen pou w konprann verite ki nan Bib la.

EDITÈ YO

[Nòt anba paj]

^ § 4 Kounye a, Toudegad ap parèt an de edisyon. Edisyon k ap parèt kat fwa nan ane a fèt pou piblik la an jeneral. Toudegad k ap pote dat 15 lan, k ap parèt chak mwa, se yon edisyon ki fèt pou etid, e se li Temwen Jewova yo pral itilize nan reyinyon kongregasyon yo. Nenpòt moun ki vle ka asiste reyinyon sa yo.