Al gade sa k anndan l

Anseye pitit ou

Mak pa t abandone

Mak pa t abandone

MAK te ekri youn nan kat liv nan Bib la ki pale de lavi Jezi. Se liv li a ki pi kout e ki pi fasil pou moun li. Kiyès Mak te ye? Èske w panse l te konnen Jezi? — * Ann wè ki difikilte Mak te jwenn epi ann wè rezon ki fè Mak pa t janm dekouraje pou l vin yon kretyen.

Premye fwa yo pale de Mak nan Bib la, se apre wa Ewòd Agripa te fin fè met Pyè nan prizon an. Gen yon zanj ki te delivre Pyè yon jou swa, e menm kote a, Pyè t al lakay Mari, manman Mak, ki t ap viv Jerizalèm. Evènman sa a te rive anviwon dizan apre yo te fin touye Jezi nan jou fèt Pak ane 33 epòk nou an. — Travay 12:1-5, 11-17.

Dapre ou menm, poukisa Pyè t al lakay Mari? — Sandout paske l te konn kèk moun nan fanmi Mari epi l te konnen disip Jezi yo te konn fè reyinyon lakay li. Banabas, ki te kouzen Mak, te gentan gen kèk tan depi l te vin yon disip, omwen depi fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an. Bib la pale de bèl don l te fè nan fèt Pannkòt la pou ede nouvo disip yo. Konsa, li posib pou Jezi te konn Banabas, Mari, matant Banabas, ak Mak, kouzen l. — Travay 4:36, 37; Kolosyen 4:10.

Nan Evanjil Mak te ekri a, li pale de yon jèn gason ki te gen yon “sèl rad” sou li ki te la nan nuit yo te arete Jezi a. Li fè konnen jèn gason an te kouri “kò touni” lè ènmi Jezi yo te met men sou Jezi. Ki moun ou panse jèn gason sa a te ye? — Wi, sandout se te Mak! Donk, lè Jezi ak apot li yo te soti byen ta nan nuit lan, sanble Mak te met yon rad byen vit sou li epi l te suiv yo. — Mak 14:51, 52.

Kiyès jèn gason sa a dwe ye? Ki sa k rive l la, e poukisa?

Sa klè, Mak te viv nan yon bèl anbyans espirityèl. Sandout li te la lè lespri sen te desann sou disip yo nan Pannkòt ane 33 epòk nou an e l te gen yon relasyon sere ak kèk sèvitè fidèl Bondye, tankou apot Pyè. Anplis de sa, li te akonpaye kouzen l, Banabas, ki te ede Sòl, anviwon twazan anvan sa, nan moman Banabas t ap prezante Sòl bay Pyè apre Jezi te fin parèt devan Sòl nan yon vizyon. Kèk ane annapre, Banabas t al nan vil Tas yon fason pou l te ka chèche Sòl. — Travay 9:1-15, 27; 11:22-26; 12:25; Galat 1:18, 19.

Nan ane 47 epòk nou an, yo te chwazi Banabas ak Sòl pou yo vin misyonè. Mak t al ansanm ak yo. Men, pou kèk rezon nou pa konnen, Mak te vin kite yo e l te retounen lakay li Jerizalèm. Sòl, yo te vin konnen sou non women l ki se Pòl, te fache anpil pou sa. Li pa t fèmen je l sou sa l te konsidere kòm yon gwo erè Mak te fè. — Travay 13:1-3, 9, 13.

Lè Pòl ak Banabas retounen nan vwayaj misyonè yo a, yo te rakonte bèl eksperyans yo te fè a (Travay 14:24-28). Kèk mwa annapre, yo de a te planifye pou y al vizite moun ki te vin disip nan zòn kote yo te preche yo. Banabas te vle mennen Mak avè yo, men, ou konn ki jan Pòl te reyaji? — Li “pa t dakò” paske Mak te kite yo anvan sa pou l retounen lakay li. Sandout sa k te rive annapre a te fè Mak tris anpil!

Te vin gen tansyon nan mitan yo epi Pòl ak Banabas te vin separe apre yo te fin “pete yon sèl lobo”. Banabas ak Mak t al preche sou zile Chip e Pòl te chwazi Silas pou l al vizite nouvo disip yo avè l jan l te planifye a. Mak dwe te santi l tris lè l te wè Pòl ak Banabas separe akoz li menm! — Travay 15:36-41.

Nou pa konn si wi ou non Mak te gen yon bon rezon lè l te retounen lakay li a. Antouka, sanble Banabas te gen konviksyon li pa t ap fè sa ankò. E l te gen rezon. Mak pa t abandone! Kèk tan apre, li t al sèvi kòm misyonè avèk Pyè jis byen lwen nan Babilòn. Se nan zòn sa a Pyè te ye lè l t ap voye salitasyon e l te ajoute: “Mak, pitit gason m nan, voye salye nou.” — 1 Pyè 5:13.

Se pa ti bèl relasyon espirityèl Mak te gen ak Pyè! Sa parèt klè lè n li Evanjil li a tou nan fason l fè referans ak evènman Pyè te viv pandan ministè Jezi a. Kòm egzanp, eseye konpare diferan istwa Evanjil yo rakonte sou van tanpèt sou lanmè Galile a. Mak ajoute yon seri detay sou kote Jezi t ap dòmi nan bato a ansanm ak sou bagay li te kouche yo, yon seri bagay sèl yon pechè pwason tankou Pyè te ka remake. Ann li Matye 8:24, Mak 4:37, 38 ak Lik 8:23 epi ann konpare yo ansanm pou n wè diferans yo.

Pi devan, pandan Pòl te nan prizon nan vil Wòm, li te felisite Mak pou èd fidèl li te ba li (Kolosyen 4:10, 11). Epi, lè Pòl te vin nan prizon nan vil sa a ankò, li te ekri Timote e l te mande l vin ak Mak lè l te di: “Li itil mwen pou sèvis la.” (2 Timote 4:11). Lefètke Mak pa t abandone, li te sèvi Bondye yon fason ki vrèman espesyal!

Ki byenfè Mak te jwenn lefètke l pa t abandone?

^ § 3 Si w ap li istwa a pou yon timoun, trè ki ladan l lan ap pèmèt ou fè yon poz pou w ankouraje timoun nan di sa l panse.