Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès ki kalifye pou dirije limanite ?

Kiyès ki kalifye pou dirije limanite ?

Diskou espesyal

Kiyès ki kalifye pou dirije limanite ?

Ki dirijan

• ki ka rezoud pwoblèm ekonomik yo pou tout moun ka jwenn manje an kantite ak bonjan kote pou yo rete ?

• ki ka anpeche katastwòf natirèl rive, yon fason pou evite gwo dega ki konn rive akoz tsunami, siklòn oswa tranblemanntè ?

• ki ka elimine tout maladi e ki ka menm fè moun ki granmoun retounen jwenn menm fòs yo te genyen lè yo te jèn ?

• ki ka fè tout gè sispann, yon fason pou tout moun ki anba otorite l ka viv nan lapè ak sekirite ?

• ki ka fè sistèm ekoloji tè a retounen gen yon ekilib ki pafè, dekwa pou latè vin tounen yon paradi ?

Gen yon sèl dirijan ki ka pote tout byenfè sa yo. Kiyès li ye ? N ap jwenn repons kesyon sa a nan diskou piblik ki gen tit : “ Kiyès ki kalifye pou dirije limanite ? ” Y ap bay diskou sa a, ki baze sou Labib, toupatou sou tè a nan plis pase 230 peyi. Nan pifò kote, l ap fèt nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo, dimanch k ap 6 avril 2008. Temwen ki nan zòn bò lakay ou yo ap byen kontan ba w lè l ap fèt la ak adrès kote l ap fèt la. Se avèk anpil kè kontan nou envite w vin koute diskou sa a.