Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske fason yon moun adore Bondye enpòtan ?

Èske fason yon moun adore Bondye enpòtan ?

Èske fason yon moun adore Bondye enpòtan ?

MEN sa yon pwofesè ki rele Alister Hardy deklare nan yon liv : “ Relijyon se yon bagay ki anrasinen byen fon nan lèzòm. ” ​(The Spiritual Nature of Man.) Yon sondaj yo te fè dènyèman apiye deklarasyon sa a. Selon sondaj la, gen anviwon 86 pousan moun nan popilasyon mondyal la ki fè pati yon fòm relijyon kèlkonk.

Sondaj la te dekouvri tou kwayan sa yo fè pati 19 gwo relijyon, e moun ki di yo se kretyen yo fè pati 37 000 ti gwoup relijye. Èske w pa konn mande tèt ou si Bondye aksepte tout fòm adorasyon sa yo ? Èske fason yon moun adore Bondye enpòtan ?

Pou nou egzamine sijè enpòtan sa a, li klè nou pa kapab jis konte sou pwennvi pa nou. Li rezonab pou nou chèche sa Bondye panse sou kesyon an. Pou nou ka fè sa, nou dwe al nan Pawòl li a, Labib. Poukisa ? Paske men sa Jezi Kris te di Bondye nan yon priyè l t ap fè : “ Pawòl ou se verite a. ” ​(Jan 17:17). Pòl, yon apot fidèl, te dakò ak sa. Li te di : “ Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y’ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k’ap fè fòt. ” — 2 Timote 3:16.

Labib montre Bondye pa aksepte tout kalite adorasyon. Nou ka jwenn yon seri egzanp nan tan lontan ki montre ki fòm adorasyon Bondye te aksepte e ki fòm adorasyon li te rejte. Si nou egzamine egzanp sa yo avèk swen, nou ka aprann ki sa nou dwe fè e ki sa nou pa dwe fè pou fason n ap adore Bondye a fè l plezi.

Yon egzanp tan lontan

Jewova Dye te sèvi ak Moyiz, yon pwofèt, pou l te bay Izrayelit yo yon seri lwa ki te anseye yo ki jan pou yo adore l fason li aksepte a. Lè pèp la te suiv lwa sa yo yo te rele Lalwa Moyiz la, Bondye te aksepte l antanke pèp li e li te beni l (Egzòd 19:5, 6). Sepandan, malgre Bondye te bay nasyon Izrayèl la benediksyon sa yo, yo pa t kontinye pratike fòm adorasyon li te aksepte a. Souvan, yo te vire do bay Jewova e yo te vin ap adore dye lòt nasyon ozalantou yo t ap adore yo.

Nan setyèm syèk anvan epòk nou an, nan epòk pwofèt Ezekyèl ak pwofèt Jeremi, gen anpil Izrayelit ki pa t suiv Lwa Bondye te bay la e ki te gen relasyon kole sere ak moun nasyon ki te antoure yo. Yo te pran abitid suiv koutim moun nasyon yo t ap pratike e yo te menm gen abitid patisipe nan fèt yo te konn fè, konsa, yo te vin ap adore Bondye toutpandan yo t ap adore dye lòt nasyon yo. Anpil nan yo te konn di pawòl sa yo : “ Se pou nou tankou lòt nasyon yo, tankou moun k’ap viv nan lòt peyi yo, k’ap fè sèvis pou pyebwa ak wòch. ” ​(Ezekyèl 20:32 ; Jeremi 2:28). Yo te di y ap adore Jewova Dye, men anmenmtan, yo t ap sèvi “ zidòl ”, e yo te menm sakrifye pitit yo ba yo. — Ezekyèl 23:37-39 ; Jeremi 19:3-5.

Akeyològ yo di fòm adorasyon sa a se te yon melanj plizyè relijyon ansanm. Yo rele l relijyon tradisyonèl oswa relijyon popilè. Jodi a, gen anpil moun ki panse nan yon sosyete kote moun gen anpil kwayans ki pa menm, yon moun pa ta dwe limite nan fason li wè bagay yo, sa vle di tou li pa dwe limite nan fason li wè relijyon. Se sa k fè yo panse pa gen anyen mal si moun adore Bondye nenpòt fason yo vle. Èske pa gen anyen mal nan sa vre ? Èske se senpleman aprann nou bezwen aprann aksepte tout relijyon ? Annou egzamine kèk aspè nan relijyon Izrayelit enfidèl yo t ap pratike a e annou gade nan ki sa pratik sa yo te mennen yo.

Fason Izrayelit yo te melanje adorasyon Jewova ak lòt fòm adorasyon

Izrayelit yo t ap adore ni Jewova ni zidòl yo nan yon seri sangtyè kote te gen ‘ lotèl pou zidòl ’, ansanswa, poto sakre ki fèt an wòch ak poto sakre ki fèt an bwa ki sanble te reprezante deyès Achera, yon deyès Kananeyen yo te adore paske yo te panse li te pèmèt moun fè pitit. Te gen anpil kote konsa nan Jide. Nan 2 Wa 23:5, 8, yo pale de ‘ lotèl zidòl yo nan vil ki nan peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, depi lavil Geba [limit nò] pou rive jouk lavil Bècheba [limit sid] ’.

Sou lotèl zidòl sa yo, Izrayelit yo te konn ‘ fè sèvis pou Baal, pou solèy la, pou lalin nan, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo ’. Yo te gen kay kote “ mesyedam k’ap fè jennès pou zidòl yo te rete nan Tanp Seyè a ” e yo te konn boule pitit yo an sakrifis “ pou Molòk ”. — 2 Wa 23:4-10.

Akeyològ yo dekouvri plizyè santèn ti estati an tè nan Jerizalèm ak nan Jide, sitou nan kay kote moun yo te abite. Pifò estati sa yo se te imaj yon fi ki toutouni e ki gen gwo gwo tete. Biblis yo fè konnen estati sa yo reprezante deyès Achtorèt ak deyès Achera. Yo te kwè estati sa yo ka “ ba yo chans pou yo ansent e pou yo fè pitit ”.

Ki jan Izrayelit yo te konsidere kote sa yo ki te sèvi pou pratike fòm adorasyon sa a ? Pwofesè Ephraim Stern, yon pwofesè ki anseye nan yon inivèsite (Hebrew University), di sanble yo te dedye anpil nan kote sa yo “ bay Yawe [Jewova] ”. Sa akeyològ yo jwenn ki ekri kote yo te fè fouy yo montre sa. Pa egzanp, men sa ki ekri nan youn nan kote sa yo : “ Mwen beni nou pa mwayen Yawe Samari a e pa mwayen achera l la. ” Gen yon lòt kote yo ekri : “ Mwen beni nou pa mwayen Yawe Temàn nan e pa mwayen achera l la ! ”

Egzanp sa yo montre ki jan Izrayelit yo te fè konpwomi lè yo te mele adorasyon Jewova Dye a, yon adorasyon ki pwòp, ak adorasyon dye payen yo, yon adorasyon ki sal. Sa te fè nivo moralite moun yo te bese nèt e yo te vin nan fènwa nan domèn espirityèl. Ki sa Jewova te panse de fason yo t ap adore l la ?

Fason Bondye te reyaji devan fason yo t ap adore l la

Bondye te sèvi ak pwofèt Ezekyèl pou l te fè Izrayelit yo konnen li te an kòlè kont yo e li te kondane adorasyon kontamine yo t ap ba li a. Men sa l te di yo : “ Y’ap detwi tout lavil ki nan peyi yo a. Y’ap kraze met atè tout kote yo fè sèvis pou zidòl yo ansanm ak tout lotèl yo. Y’ap kraze zidòl nou yo, y’ap disparèt yo. Y’ap kraze lotèl lansan nou yo an miyèt moso. Tou sa nou te fè ak men nou yo pral disparèt. ” ​(Ezekyèl 6:6). Pa gen dout nan sa, Jewova pa t dakò ditou ak fason yo t ap adore l la e li te rejte l.

Bondye te anonse ki fason li t apral detwi yo. Li te di : “ Mwen pral voye [...] sèvitè m’ lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. [...] Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l’ yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout [...]. Tout peyi a pral kraze tounen mazi, yon dezè. ” ​(Jeremi 25:9-11). Pawòl sa yo te reyalize an 607 anvan epòk nou an lè Babilonyen yo te monte kont Jerizalèm e yo te detwi vil la ak tanp li a nèt.

Anrapò ak destriksyon Jerizalèm nan, pwofesè Stern, nou te site anwo a, fè remake sa akeyològ yo te dekouvri yo “ tonbe daplon ak sa sous biblik yo di (2 Wa 25:8 ; 2 Kwonik 36:18-19) konsènan fason yo te detwi kay yo ak mi yo, fason yo te boule yo e yo te kraze yo ”. Men sa l di annapre : “ Dekouvèt akeyolojik sa yo ki fèt anrapò ak moman sa a nan istwa Jerizalèm [...] pi frapan pase tout lòt dekouvèt akeyolojik ki fèt ki gen rapò ak Labib. ”

Ki leson nou ka tire ?

Leson ki pi enpòtan nou ka tire a, sèke Bondye pa aksepte pou yon moun k ap adore l, k ap suiv ansèyman biblik yo, suiv kwayans ki pa gen fondman ak tradisyon oswa rit lòt relijyon. Se yon leson ki te enpòtan pou apot Pòl, yon Farizyen, ki te jwenn fòmasyon selon règ ki te egziste nan gwoup relijye sa a. Men, finalman, ki sa l te fè lè l te vin aprann Jezi se Mesi yo te pwomèt la e lè l te aksepte sa ? Men sa l di : “ Si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la. ” Li te rejte ansyen koutim li yo e li te vin yon disip Kris ki zele. — Filipyen 3:5-7.

Antanke misyonè, Pòl te abitye ak pratik relijye divès lòt pèp te genyen ansanm ak filozofi yo nan lavi a. Se sa k fè li te di kretyen Korent yo : “ Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa ? Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan ? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè ? Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl ? [...] Se poutèt sa, Bondye te di nou : Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m’a resevwa nou. ” — 2 Korentyen 6:14-17.

Kounye a, piske nou konprann Bondye bay fason n ap adore l la enpòtans, nou ka poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Ki kalite adorasyon Bondye aksepte ? Ki jan m ka pwoche bò kote l ? Ki sa mwen pral fè pèsonèlman pou m adore l fason l dakò a ? ’

Temwen Jewova yo ap kontan ede w jwenn repons kesyon sa yo ak lòt kesyon ou kapab genyen sou Bib la. Nou envite w pou w al nan Sal Wayòm ki nan zòn ou rete a pou w pran kontak ak yo pou w mande yo pou yo etidye Labib gratis avèk ou nan yon lè ak yon kote k ap bon pou ou, osinon ou ka ekri editè peryodik sa a pou w mande sa.

[Foto nan paj 26]

Yon sangtyè yo te konn itilize lontan pou adore zidòl, nan tèl arad, ann izrayèl.

[Liy kredi]

Garo Nalbandian

[Foto nan paj 26]

Ti estati achtorèt yo te jwenn lakay moun ki t ap viv nan jide nan tan lontan.

[Liy kredi]

Foto © Israel Museum, Jerizalèm ; koutwazi Israel Antiquities Authority