Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li konprann soufrans nou

Li konprann soufrans nou

Annou pwoche bò kote Bondye

Li konprann soufrans nou

Jan 11:33-35

GEN yon misyonè Temwen Jewova ki aje ki di lè yon moun mete l nan plas yon lòt moun, se kòmsi li santi doulè lòt moun nan nan kè pa l. Jewova Dye se pi gwo egzanp moun ki konn mete l nan plas lòt moun. Li santi doulè sèvitè l yo. Ki jan nou ka fè sèten se vre ? Nou ka wè jan Jewova mete l nan plas moun lè nou gade fason Jezi te konn pale ak fason li te konn aji lè l te sou tè a (Jan 5:19). Annou konsidere evènman yo dekri nan Jan 11:33-35 lan.

Lè Laza, zanmi Jezi a, te mouri anvan lè l, Jezi te ale nan bouk kote Laza te rete a. Nou ka konprann jan Mari ak Mat, sè Laza yo, te gen gwo lapenn. Jezi te renmen fanmi sa a anpil (Jan 11:5). Ki jan l t apral reyaji ? Men sa istwa a di : “ Jezi wè jan [Mari] t’ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l’ yo, sa te fè l’ mal anpil, kè l’ t’ap fann. Li mande yo : Ki bò nou antere li ? Yo reponn li : Seyè, vin wè non. ” Lè sa a, “ Jezi kriye. ” ​(Jan 11:33-35). Poukisa Jezi te kriye ? Se vre, Laza, zanmi l li te renmen anpil la, te mouri, men, Jezi t apral resisite l nan yon tikras tan (Jan 11:41-44). Donk, èske te gen yon lòt bagay ankò ki te touche Jezi ?

Annou tounen sou pawòl nou te site pi wo yo. N ap remake lè Jezi te wè Mari ak lòt moun ki te avèk li yo t ap kriye, “ sa te fè l’ mal anpil ” e “ kè l’ t’ap fann ”. Nan lang orijinal la, mo yo itilize la yo gen rapò avèk santiman ki pwofon anpil *. Sa Jezi te wè yo te touche l anpil. Santiman pwofon Jezi te genyen yo te parèt klè lè je l te vin plen dlo. Pa gen dout nan sa, lapenn lòt moun yo te touche Jezi. Èske sa pa janm rive w pou w wè yon moun pa w ap kriye epi sa fè w kriye tou ? — Women 12:15.

Fason Jezi te mete l nan plas moun ede nou konprann kalite Jewova, Papa l, genyen ak fason L aji. N ap sonje Jezi te tèlman byen demontre kalite Papa l genyen yo li te ka di : “ Moun ki wè m’, li wè Papa a. ” ​(Jan 14:9). Donk, lefètke nou aprann ‘ Jezi te kriye ’, sa fè nou sèten Jewova santi doulè adoratè l yo santi. Anfèt, gen lòt moun ki te patisipe nan ekri Bib la ki fè konnen sa tou (Izayi 63:9 [Ezayi] ; Zekarya 2:8 [Zakari]). Vrèman, Jewova se yon Bondye ki gen tandrès !

Lè yon moun konn mete l nan plas lòt moun, sa atire moun sou li. Lè nou dekouraje oubyen nou deprime, nou plis santi nou anvi al kote yon moun ki ka konprann sitiyasyon nou e ki ka konprann soufrans nou. Donk, nou vrèman santi Jewova atire nou, yon Bondye ki gen konpasyon, ki santi doulè nou e ki konprann poukisa nou kapab ap kriye. — Sòm 56:8.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Souvan, mo grèk yo mete “ kriye ” pou yo tradui l la bay ide “ kriye san fè bri ” tandiske mo yo te itilize pou dekri fason Mari ak lòt moun yo t ap kriye a ka vle di “ kriye fò oswa jemi ”.