Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen fè volonte Bondye pandan tout vi m, e sa ban m lajwa

Mwen fè volonte Bondye pandan tout vi m, e sa ban m lajwa

Mwen fè volonte Bondye pandan tout vi m, e sa ban m lajwa

Dapre Bill Yaremchuk

An mas 1947, kèk semèn sèlman apre m te fin gradye kòm misyonè nan uityèm klas Lekòl biblik Gileyad ki te fèt South Lansing, nan Nouyòk, nan peyi Etazini, mwen te sou wout pou m al nan asiyasyon m nan Sengapou, yon peyi ki byen lwen.

DAVE FARMER, yon Kanadyen menm jan avèk mwen ki te gradye nan setyèm klas Gileyad la t apral vin konpayon sèvis mwen. Nou te pran yon ansyen bato militè ki te rele Marine Adder ki t ap sot Sann Fransisko nan Kalifòni.

Premye kote bato a te fè eskal ann Oryan se te Ong Kong. Sa nou te wè lè nou rive la te boulvèse nou anpil. Moun te ka wè ravaj Dezyèm Gè mondyal la te fè tout kote. Te gen moun ki kouche sou twotwa yo ki te sanble yo t ap mouri grangou. Nou pa t pran lontan pou nou te remonte bato a e nou te pran direksyon Maniy, kapital peyi Filipin.

Nan peyi sa a tou, nou te wè konsekans terib lagè a. Sou tout waf la, te gen yon pakèt ma batiman ki te koule. Se yon seri avyon ki te pou nasyon alye yo ki te bonbade batiman sa yo. Toupatou, se te lamizè. Nou te rankontre kèk Temwen Jewova ki te mennen nou nan Sal Wayòm yo a. Yo te gen kè kontan malgre tout pwoblèm yo te rankontre.

Pwochen kote nou te fè eskal se te nan peyi Endonezi, nan vil Batavya (jodi a yo rele l Jakata). Te gen yon gè sivil ki t ap fè raj nan peyi sa a e te gen batay toupre kote nou te ye a. Se sa k fè yo pa t pèmèt nou desann bato a. Etan bato a t ap deplase pou l al Sengapou, mwen te kòmanse mande tèt mwen ki sa k t ap tann nou nan peyi sa a. Èske se sa sèlman ki te rete ann Oryan nan tout sa nou te wè nan ti liv yo fè pou moun k ap vwayaje yo ?

Apre kèk jou sèlman, mwen pa t gen dout ankò. Te gen yon evènman ki t apral pase devan nou ki t apral montre nou Bondye te avèk nou toutbonvre nan misyon sa a.

Fason nou te jwenn pèmisyon pou nou rete

Yon mwa anviwon apre nou te fin kite Sann Fransisko, bato nou an te kanpe nan zile Sakijang Bendera, yon zile ki fè pati Sengapou. Se te yon kote bato yo te dwe rete pou jis yo te ba yo pèmisyon pou yo antre nan yon waf nan Sengapou. Gen kèk ajan imigrasyon ki te vin nan bato a pou verifye si pasaje yo te ranpli fòmalite yo te dwe ranpli yo e apre sa yo te mete yon so sou paspò nou, sa ki te ban nou pèmisyon pou nou antre nan peyi a. Nan demen maten, bato a te rantre nan waf la. Apre yon ofisye te fin verifye dokiman nou yo, nou te desann bato a.

Nan demen, nou te retounen sou waf la pou nou te ka di lòt misyonè ki te avèk nou yo orevwa. Yo te gen pou kontinye vwayaj la pou y al ann End ak nan peyi Selan (jodi a yo rele l Sri Lannka). Lè kapitèn bato a wè nou, li kouri desann sou waf la e li vin jwenn nou. Li te an kòlè e li te kòmanse rele sou nou, li t ap di nou nou pa t dwe desann bato a. Kèk tan anvan sa, pandan nou te sou lanmè a toujou, M. Haxworth, yon responsab imigrasyon, te ba l lòd pou l pa kite nou desann bato a lè l rive nan waf la. Nou pa t okouran lòd sa a, ni ofisye ki te kite nou desann bato a pa t okouran nonplis.

Lè yo mennen nou kot M. Haxworth, li eksploze sou nou. Li pran rele sou nou e li di nou yo te entèdi nou antre Sengapou. Kòm nou pa t okouran, nou te montre l paspò nou ki te gen so ofisyèl la sou yo ki te ban nou dwa antre nan peyi a. Li rape paspò yo nan men nou epi li pase yon trè sou sa k te ekri a. Malerezman pou li, bato a te gentan ale ! M. Haxworth te kenbe paspò nou yo pandan tout yon ane, men finalman, li te remèt nou yo ak yon so ki te ban nou pèmisyon pou n ret nan peyi a.

Ministè nou nan Sengapou te bay bon rezilta

Ann avril 1947, lè nou te rive Sengapou, te gen yon sèl Temwen nan peyi a, li te rele Joshua. Li te yon sèvitè aplentan, sètadi yon pyonye, pou jis li mouri nan kòmansman ane 1970 yo. Sa pa t pran lontan pou kèk moun ki te aprann verite ki nan Bib la te kòmanse pataje verite sa yo ak lòt moun. Nou te kòmanse jwenn repons priyè nou te fè pou gen plis ouvriye nan rekòt espirityèl la. — Matye 9:37, 38.

An 1949, nan yon moman kote M. Haxworth te pran yon vakans byen long ann Angletè, gen sis misyonè ki te gradye nan onzyèm klas Gileyad la ki te antre nan Sengapou. Antretan, Dave, ki te konpayon m pandan kèk ane, te oblije kite Sengapou paske l te malad. Li t al ann Ostrali, e li te sèvi nan peyi sa a fidèlman jiskaske l mouri an 1973. Pami sis nouvo misyonè yo, te gen yon sè ki te rele Aileen Franks. Mwen te marye avè l an 1956.

Ofiramezi ane yo t ap pase, nou te etidye Labib ak anpil moun ki te vin Temwen ansanm ak pitit yo. Jis kounye a, gen kèk nan yo ki nan sèvis aplentan nan lòt peyi. Kite nou rakonte nou yon eksperyans nou te fè ak yon koup ameriken, Lester ak Joanie Haynes, ki t ap viv Sengapou. Eksperyans sa a te vrèman ankouraje nou. Nou te kòmanse yon etid biblik avèk yo nan ane 1950 yo. Koup sa a te fè pwogrè espirityèl rapidman e yo te batize lè yo te retounen Ozetazini. Apre sa, yo te jwenn bon rezilta nan ministè yo. Yo te ede anpil moun vin Temwen, san wete twa pitit yo.

Men sa Joanie te ekri m : “ Lè m sonje ane sa a nou te pase nan Sengapou, mwen rann mwen kont sa te vrèman bay lavi nou yon lòt direksyon. Si w pa t ‘ veye sou nou avèk tandrès ’, petèt jis jodi a nou ta kontinye ap vwayaje toupatou sou tè a. Mwen byen kontan se ou ki te anseye Les [Lester] laverite, paske depi okòmansman li te gen yon anseyan ki te mete lanmou pou Jewova e lanmou pou frè kretyen yo nan kè l. Li pa janm pèdi lanmou sa a. ”

Ministè nou antanke fanmi nan Sengapou

An 1962, gen yon bagay nou pa t atann ki t apral pote gwo chanjman nan lavi nou. Doktè fanmi an te fè Aileen konnen li te ansent. Nou te vle rete nan sèvis misyonè a. Men, ki jan nou t ap rive fè sa e anmenmtan pou nou leve yon timoun ? Nathan Knorr, ki t ap sipèvize aktivite Temwen Jewova yo sou tè a lè sa a, te ekri nou e li te ankouraje m pou m chèche yon travay pwofàn yon fason pou nou te ka rete Sengapou. Se te yon gwo defi pou nou.

Pifò moun ki pa t moun Sengapou, se nan pòs direksyon yo te travay, nan konpayi etranje yo. Mwen pa t gen okenn eksperyans nan zafè travay pwofàn, paske m te rantre nan ministè aplentan apre m te fin kite lekòl 23 an anvan sa. Se sa k fè mwen te peye yon ajans nan Lonn pou l fè yon kourikoulòm vite pou mwen ki baze sou travay mwen antanke minis relijye k ap sèvi nan yon peyi etranje. Yo te fè l e yo te voye l nan plizyè konpayi entènasyonal ki t ap fonksyone Sengapou.

Chak fwa yon konpayi te reponn mwen, yo te di m : “ Nou byen regrèt sa. Nou pa ka jwenn yon pòs pou yon moun ki gen kalifikasyon w genyen an. ” Yo te twouve m twò kalifye ! Plizyè mwa vin pase, e Judy, pitit fi nou an, te vin fèt. Frè Knorr t ap vizite Sengapou lè sa a, e li t al wè Judy ak manman l lopital la. Li te ankouraje nou e li te di nou : “ Nou mèt rete nan kay misyonè a toutotan nou bezwen sa jiskaske Bill jwenn yon travay. ”

Apre kèk mwa, mwen te vin jwenn yon travay nan yon konpayi ayeryen entènasyonal. Kòb mwen te touche a te apèn ase pou nou viv. Dezan apre gen yon konpayi ayeren ameriken ki te anplwaye m e ki te peye m de fwa kòb mwen te konn touche a. Finalman, mwen te vin gen yon djòb ki stab nan sektè vwayaj la. Avèk letan tou, mwen te vin kapab pase plis tan ak fanmi m e mwen te vin kapab pase plis tan nan ministè a.

Nou te bay sèvis Jewova ak bagay espirityèl yo priyorite nan lavi nou. Sa te fè m jwenn anpil privilèj nan òganizasyon an. Aileen te retounen nan sèvis aplentan. Antretan, travay predikasyon Wayòm nan t ap pwogrese nan Sengapou. Nan mitan ane 1960 yo, nou te achte yon bèl kay ki te gen yon etaj. Kay sa a te lavil e li te sèvi kòm Sal Wayòm. Te gen kat kongregasyon ki te konn reyini ladan l.

Yo met entèdiksyon sou travay la

Rive yon lè, nou te santi nou t apral jwenn opozisyon. Nan jou 14 janvye 1972, nou t al nan Sal Wayòm nan pou nou asiste reyinyon, jan nou te toujou fè sa, men te gen yon chèn ak yon kadna nan baryè a. Yo te ekri yon nòt sou li ki te deklare yo pa rekonèt kongregasyon Temwen Jewova yo ankò nan Sengapou. Donk, nou te vin anba entèdiksyon * !

Fèmen yo te fèmen Sal Wayòm nan pa t fè nou sispann adore Jewova, men mwen t ap mande tèt mwen : ‘ Ki sa Jewova vle pou fanmi m ? ’ Rezònman m te fè sèke si yo depòte nou, nou pap janm ka tounen vin wè zanmi nou yo k ap viv Sengapou. Donk, mwen te mande direktè konpayi m nan si mwen te ka al travay nan vil Kuala Lumpur, an Malezi. Konsa, fanmi m t ap ka antre soti nan peyi a san pwoblèm. Mwen te sezi lè l te ofri m pòs sipèvizè nan biwo Kuala Lumpur la, sa ki t ap fè m touche de fwa plis pase sa m t ap touche a e sa ki t ap fè m jwenn lòt avantaj ankò.

Apre sa, mwen te mande tèt mwen : ‘ Èske se volonte Bondye pou nou kite Sengapou e pou nou kite frè nou yo ? ’ Tout fanmi an te priye ansanm e nou te mete kesyon an devan Jewova. Nou te vin sonje se Jewova ki te mennen nou la a. Se sa k fè mwen te deside n ap rete. Sipèvizè m nan te sezi tande mwen te refize òf sa a li te fè m nan ki t ap pèmèt mwen fè anpil lajan.

Nou te gen anpil strès lefètke nou t ap viv e nou t ap travay anba entèdiksyon, paske yo te ka arete nou e yo te ka mete nou nan prizon nenpòt ki lè. Gen moman kote nou te vrèman apresye pawòl nou jwenn nan Sòm 34:7 la ki di : “ Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje. ”

Yon nouvo asiyasyon

Finalman, an 1993, apre nou te fin sèvi pandan plis pase 46 an nan Sengapou, yo te mande nou pou n deplase al Nouvèl Zelann kote nou t ap gen mwens strès nan sèvis nou. Se pa ti tris nou te tris pou nou kite zanmi nou te renmen anpil yo ki t ap viv Sengapou. Men, sa k te ankouraje nou sèke nou te konnen lafwa yo te bati sou yon fondman ki solid e avèk materyo ki ka reziste anba dife. Sa pèmèt yo rete fèm devan eprèv yo kontinye ap jwenn. — 1 Korentyen 3:12-14 (1 Korent).

Kounye a, mwen menm ak Aileen gentan pase plis pase 14 an Nouvèl Zelann, e byenke nou granmoun, nou toujou pran plezi nan ministè nou antanke pyonye espesyal. Gen de nan frè m yo : Mike ki gen 94 an ak Peter ki gen 90 an, ki toujou vivan, e y ap sèvi Jewova fidèlman o Kanada.

An 1998, Judy, pitit fi nou an, te retounen ann Oryan e li te sèvi la pandan plizyè ane. Nan youn nan lèt li te ekri nou yo, li te di : “ Chak jou mwen remèsye Jewova poutèt bèl privilèj mwen genyen pou m travay isit la ! Mwen remèsye nou tou paske nou te ban m fòmasyon avèk amou, nou te fè sakrifis e nou kontinye ap fè sakrifis ki fè sa posib. ” An 2003, li te retounen Nouvèl Zelann pou l te ka ede Aileen avè m *.

Nou gen rekonesans pou Jewova dèske sitiyasyon nou te pèmèt nou reponn apèl mèt la te lanse pou gen plis ouvriye nan rekòt la. Lefètke nou te fè sa, sa te fè nou gen yon kè kontan san parèy. Jan Bib la montre sa, lè ‘ monn nan pase ’ nou pral benefisye bèl pwomès Bondye fè nou an ki di : “ Moun ki fè sa Bondye vle, y’ap viv pou tout tan. ” — 1 Jan 2:17.

[Nòt anba paj]

^ § 25 Gade Toudegad, 1ye septanm 1972 paj 533-541 (fransè).

^ § 32 Aileen, madanm mwen mwen te renmen anpil la, te mouri 24 janvye 2008 pandan yo t ap fin prepare atik sa a.

[Foto nan paj 29]

An 1947, lè nou te rive Sengapou se Joshua sèlman ki te Temwen nan peyi a.

[Foto nan paj 29]

Mwen menm ak Dave Farmer nan Ong Kong, an 1947. Nou te sou wout pou n al Sengapou.

[Foto nan paj 29]

Mwen menm ak Aileen an 1958.

[Foto nan paj 31]

Nou menm ak Judy, pitit fi nou an.

[Liy kredi]

Kimroy Photography

[Liy kredi pou foto nan paj 28]

Kimroy Photography