Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon frè ki te an kòlè

Yon frè ki te an kòlè

Pou jèn yo

Yon frè ki te an kòlè

Enstriksyon : Fè egzèsis sa a yon kote w ap kapab konsantre w. Pandan w ap li vèsè yo, imajine w ap patisipe nan sa k ap fèt la. Imajine sèn nan. Tande vwa yo. Eseye santi sa k ap travèse pèsonaj prensipal yo. Viv sa ki di nan istwa yo.

ANALIZE SÈN NAN. — JENÈZ 4:1-12.

Sèvi ak imajinasyon w pou w dekri Kayen, pou w dekri figi l ak tanperaman l. Dekri Abèl tou.

․․․․․

Kiyès nan “ travay lachè ” yo Kayen te gen nan li, e ki jan w fè wè sa (Galat 5:19-21, Bib Kreyòl La) ?

․․․․․

MEDITE PLIS TOUJOU. — LI VÈSÈ 4-7 ANKÒ.

Èske se ofrann yo sèlman Jewova te aksepte oswa li te rejte ? Oubyen èske te gen lòt bagay toujou ki te konte pou li (Pwovèb 21:2) ?

․․․․․

Nan ki sitiyasyon yon moun ka gen rezon pou l an kòlè, men poukisa li pa t bon ditou pou Kayen te vin “ move anpil ” konsa ?

․․․․․

Ki lè li ka bon pou yon moun jalou, men poukisa li pa t kòrèk pou Kayen te jalou (1 Wa 19:10) ?

․․․․․

Ki sa Kayen te ka fè pou l te ka “ kenbe tèt ak ” kòlè a ?

․․․․․

APLIKE SA W SOT APRANN YO. EKRI SA W TE APRANN KONSÈNAN...

Kòlè.

․․․․․

Jalouzi.

․․․․․

Fason pou w “ kenbe tèt ak ” move tandans ou genyen.

․․․․․

KI SA K PLIS TOUCHE W NAN ISTWA SA A, E POUKISA ?

․․․․․