Al gade sa k anndan l

Anseye pitit ou

Èske sa konn rive w pou w jalou? Frè Jozèf yo te konsa

Èske sa konn rive w pou w jalou? Frè Jozèf yo te konsa

JALOUZI! Ann fè yon ti pale sou sa mo sa a vle di. Èske w konn twouve l difisil pou w renmen yon moun paske lòt moun fè konnen l janti, li bèl oswa l entèlijan *? — Enben, se sa k ka rive lè yon moun jalou.

Ka vin gen jalouzi nan yon fanmi lè paran yo montre yo prefere yon timoun olye de yon lòt. Bib la pale de yon fanmi ki te vin gen yon gwo pwoblèm akoz jalouzi. Ann wè ki pwoblèm sa te lakòz ak leson nou ka aprann nan sa k te rive a.

Jozèf se te 11yèm pitit gason Jakòb e demi frè l yo te gen jalouzi kont li. Ou konn poukisa? — Se paske papa yo te gen preferans pou Jozèf. Pa egzanp, Jakòb te bay fè yon bèl rad pou Jozèf. Jakòb te sitou renmen Jozèf paske ‘se nan vyeyès li li te vin gen pitit gason sa a’ e se te premye pitit Rachèl, madanm li te renmen anpil la.

Bib la fè konnen ‘frè Jozèf yo te vin rayi l lè yo wè papa yo pi renmen Jozèf pase yo tou’. Epi yon lè, Jozèf te esplike tout fanmi l yon rèv li te fè kote yo tout san wete papa l te pwostène devan l. Dapre sa Bib la di, ‘frè Jozèf yo te vin pi jalou toujou’ akoz rèv sa yo li te fè a e menm papa l te reprimande l pou sa. — Jenèz 37:1-11.

Kèk tan annapre, pandan Jozèf te gen 17 an, frè l yo te mennen mouton ak kabrit Jakòb yo manje yon kote ki te nan yon distans plizyè kilomèt. Konsa, Jakòb te voye Jozèf al wè ki jan yo ye. Èske w konn ki sa prèske tout frè Jozèf yo te vle fè lè yo te wè l k ap vini? — Yo te vle touye l! Men, gen de nan yo, Ribenn ak Jida, ki pa t dakò pou yo fè sa.

Etandone gen kèk machann ki t ap pase toupre a e yo te sou wout pou al Ejip, Jida di yo: ‘Ann vann li.’ E se sa yo te fè. Annapre, yo touye yon kabrit epi yo tranpe rad Jozèf la nan san kabrit la. Apre yo fin montre papa yo rad la, li pran rele byen fò, li di: ‘Yon bèt sovaj mechan genlè devore l!’ — Jenèz 37:12-36.

Rive yon lè, Jozèf te vin jwenn favè nan men Farawon, wa peyi Ejip la. Sa te rive paske, grasa èd Jewova, Jozèf te kapab esplike de rèv Farawon te fè. Nan premye rèv la, Farawon te wè sèt gazèl bèf gra ak sèt gazèl bèf mèg. Nan dezyèm rèv la, li te wèsèt bèl grap ble ak sèt lòt grap ble sèch. Jozèf te fè konnen toule de rèv yo vle di t apral gen sèt ane kote t ap gen anpil manje e gen sèt ane grangou ki t ap vin annapre. Sou lòd Farawon, Jozèf te vin gen responsablite pou l stoke manje pandan ane ki te gen anpil manje yo yon fason pou gen ase manje nan ane grangou yo.

Lè ane grangou yo te rive, fanmi Jozèf ki t ap viv byen lwen te vin bezwen manje tou. Jakòb te voye dis pi gran pitit li yo ann Ejip pou y al achte manje. Lè yo rive devan Jozèf, yo pa rekonèt li. Jozèf te teste frè l yo san l pa di yo kiyès li ye, e konsa, li te vin aprann jis nan ki pwen yo te regrèt lefètke yo te aji mal avè l. Apre sa, Jozèf fè yo konn kiyès li ye. Se pa ti kontan yo te kontan bay youn lòt akolad! — Jenèz, chapit 40 rive nan 45.

Ki sa w ka aprann konsènan jalouzi nan istwa biblik sa a? — Jalouzi ka lakòz anpil gwo pwoblèm, li ka menm lakòz yon moun vle touye pwòp frè l! Annou li Travay 5:17, 18 ak Travay 7:54-59 pou n wè ki sa jalouzi te pouse kèk moun fè disip Jezi yo. — Apre w fin li vèsè sa yo, èske w wè rezon ki fè n dwe fè atansyon pou n pa vin jalou? —

Jozèf te viv jis rive 110 an. Li te vin gen pitit, epi pitit pitit e annapre, li te menm wè pitit pitit pitit li. Nou ka sèten Jozèf te konn aprann yo demontre lanmou youn pou lòt souvan e pou yo evite jalouzi. — Jenèz 50:22, 23, 26.

^ § 3 Si w ap li istwa a pou yon timoun, trè ki ladan l lan ap pèmèt ou fè yon poz pou w ankouraje timoun nan di sa l panse.