Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se nou ki pou deside si n ap jwenn nouvèl nesans lan?

Èske se nou ki pou deside si n ap jwenn nouvèl nesans lan?

Èske se nou ki pou deside si n ap jwenn nouvèl nesans lan?

KIYÈS ki fè yon moun jwenn nouvèl nesans lan? Gen kèk predikatè ki konn site pawòl Jezi yo lè y ap ankouraje moun k ap koute yo pou yo fèt yon lòt fwa. Yo konn di yo: “Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò!” ​(Jan 3:7, Bib Kreyòl La). Predikatè sa yo itilize pawòl sa yo tankou se yon lòd y ap bay. Se kòmsi yo ta vle di yo: “Se pou yo deside pou yo fèt yon lòt fwa.” Konsa, yo fè konprann se chak kwayan ki pou pran desizyon pou l obeyi Jezi e pou l franchi etap ki nesesè pou l jwenn nouvèl nesans lan. Dapre jan yo kwè a, se chak moun ki pou chwazi si y ap jwenn nouvèl nesans lan. Men, èske kwayans sa a ann amoni ak sa Jezi te di Nikodèm nan?

Si nou li pawòl Jezi yo avèk atansyon, n ap remake yo pa montre se lèzòm ki pou chwazi si y ap jwenn nouvèl nesans lan oswa si yo pap jwenn li. Poukisa nou di sa? Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “fèt yon lòt fwa” pou li a, yo kapab tradui l konsa tou: “Nou dwe jwenn yon nesans ki soti anwo *.” Donk, dapre dezyèm fason yo kapab tradui l la, nouvèl nesans lan “soti anwo”, sa vle di “li soti nan syèl la” oswa “nan men Papa a”. (Jan 19:11; nòt anba paj, NW; Jak 1:17, NW.) Kidonk, se Bondye ki kapab fè yon moun jwenn li. —1 Jan 3:9.

Si nou kenbe ekspresyon “soti anwo” a nan lespri nou, li pa difisil pou nou konprann rezon ki fè pèsonn pa ka chwazi pou l jwenn nouvèl nesans lan. Fè yon ti panse ak lè w te fèt. Èske se ou menm ki te chwazi pou w fèt? Non. Ou te fèt paske papa w te fè w. Menm jan an tou, nou kapab jwenn nouvèl nesans lan sèlman si Bondye, Papa nou ki nan syèl la, fè nou jwenn li (Jan 1:13). Donk, apot Pyè te gen tout rezon pou l di: “Benediksyon pou sila ki Bondye e ki Papa Senyè nou an, Jezi Kris! Pitye li tèlman gran, li ban nou yon nouvèl nesans.” —1 Pyè 1:3, Bib Kreyòl La.

Èske se yon kòmandman?

Sepandan, gen moun ki gendwa reflechi konsa: ‘Si se vre pèsonn pa ka deside si l ap fèt yon lòt fwa, poukisa Jezi te bay kòmandman ki di “fòk nou fèt yon lòt fwa ankò” a?’ Kesyon sa a se yon bon kesyon. Paske, si se yon kòmandman Jezi te bay lè li te di pawòl sa yo, se kòmsi li t ap ban nou lòd pou nou fè yon bagay nou pa anmezi pou n fè. Sa pa sanble rezonab pou li ta fè sa. Men, ki jan pou nou konprann pawòl li yo ki di se pou nou “fèt yon lòt fwa”?

Lè nou egzamine fraz sa a avèk plis atansyon nan lang orijinal la, nou wè Jezi pa t di l sou fòm yon kòmandman. Okontrè, li te di l sou fòm yon deklarasyon. Donk, lè li te di se pou nou “fèt yon lòt fwa”, se jis yon verite li t ap di, se pa t yon kòmandman li t ap bay. Li te vle di: “Li nesesè pou nou jwenn yon nesans ki soti anwo”. —Jan 3:7, Modern Young’s Literal Translation.

Pou nou demontre se pa yon kòmandman Jezi t ap bay, men se jis yon deklarasyon li te fè sou yon verite, ann pran yon egzanp. Imajine yon vil ki gen plizyè lekòl ladan l. Nan youn nan lekòl yo, se sèlman elèv ki fèt nan yon ras moun ki fèt nan zòn nan e ki abite yon kote ki lwen vil la yo pran. Yon jou, yon jenòm ki pa fèt nan ras sa a di direktè lekòl la: “Mwen ta renmen enskri nan lekòl ou a.” Lè direktè a tande sa, li di l: “Pou w enskri, se pou w natif natal zòn nan.” Sandout, w ap dakò pawòl direktè a di yo pa yon lòd. Se pa yon lòd l ap pase elèv la kòmkwa fòk li te deside “fèt nan zòn nan”. Li jis di yon verite konsènan kondisyon yon elèv dwe ranpli pou l enskri nan lekòl la. Menm jan an tou, lè Jezi te di: “Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò!”, se jis yon verite li te di konsènan kondisyon yon moun dwe ranpli pou l “antre nan wayòm Bondye a”.

Wayòm Bondye a makònen ak yon lòt aspè nan nouvèl nesans lan. Lòt aspè sa a gen rapò ak rezon ki fè yon moun jwenn nouvèl nesans lan. Pou nou rive byen konprann sa sa vle di pou yon moun fèt yon lòt fwa, li enpòtan pou nou jwenn repons kesyon sa a.

[Nòt anba paj]

^ Se konsa plizyè tradiksyon Labib tradui Jan 3:3. Men yon egzanp: “Si yon moun pa resevwa yon nesans ki soti anwo, li pa kapab wè wayòm Bondye a.” —A Literal Translation of the Bible.

[Foto nan paj 24]

Ki resanblans ki genyen ant lè yon moun jwenn nouvèl nesans lan ak lè yon tibebe fèt?