Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Dat ki pi enpòtan nan listwa a

Dat ki pi enpòtan nan listwa a

Dat ki pi enpòtan nan listwa a

Se dat Jezi Kris te mouri a. Poukisa lanmò Jezi te enpòtan konsa? Gen plizyè rezon.

Lefètke Jezi te ret fidèl jiska lamò, sa pwouve yon moun ka rete fidèl devan Bondye.

Lanmò Jezi fè li posib tou pou kèk moun sou tè a al dirije ansanm avè l nan syèl la. Epitou, li bay anpil moun posiblite pou yo gen lavi etènèl nan paradi ki pral gen sou tè a.

Nan jou swa anvan Jezi te mouri a, li te sèvi ak pen san ledven ansanm ak diven wouj kòm senbòl pou reprezante sakrifis li t apral fè a ki demontre lanmou li genyen pou lèzòm. Epi men sa li te di disip li yo: “Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.” ​(Lik 22:19). Èske w ap sonje evènman enpòtan sa a?

Temwen Jewova yo byen kontan envite w vin asiste Memoryal lanmò Jezi a avèk yo. Ane sa a l ap fèt jedi 9 avril apre solèy la fin kouche. Ou kapab asiste l nan Sal Wayòm ki pi pre w la. Temwen Jewova nan zòn bò lakay ou yo ap byen kontan fè w konnen ki lè ak ki kote l ap fèt.