Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki enpòtans sa genyen pou yon moun jwenn nouvèl nesans lan?

Ki enpòtans sa genyen pou yon moun jwenn nouvèl nesans lan?

Ki enpòtans sa genyen pou yon moun jwenn nouvèl nesans lan?

PANDAN tout konvèsasyon Jezi te genyen ak Nikodèm nan, Jezi te montre li enpòtan anpil pou yon moun jwenn nouvèl nesans lan oswa pou l fèt yon lòt fwa. Ki jan l te montre sa?

Remake ki jan Jezi te montre nouvèl nesans lan enpòtan nan konvèsasyon li te gen ak Nikodèm nan. Men sa Jezi te di: “Si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li pa kapab wè wayòm Bondye a.” ​(Jan 3:3, Bib Kreyòl La). Mo “si” a ak ekspresyon “pa kapab” la montre nouvèl nesans lan enpòtan anpil. Ann pran yon egzanp. Si yon moun di: “Si solèy la pa klere, yon moun pa kapab wè limyè l”, moun sa a vle di li vrèman nesesè pou solèy la klere pou yon moun ka wè limyè l. Nan menm sans lan, Jezi te vle di li vrèman nesesè pou yon moun fèt yon lòt fwa pou li kapab wè Wayòm Bondye a.

Se sa k fè, finalman, pou Jezi te fè pwen sa a soti byen klè, li te di: “Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò!” ​(Jan 3:7, Bib Kreyòl La). Sa klè, selon Jezi, pou yon moun “antre nan wayòm Bondye a”, li vrèman nesesè pou l fèt yon lòt fwa. —Jan 3:5, Bib Kreyòl La.

Lefètke nouvèl nesans lan te enpòtan anpil konsa pou Jezi, kretyen yo dwe asire yo yo byen konprann ki sa l ye. Pa egzanp, èske w panse yon kretyen kapab chwazi pou l fèt yon lòt fwa?

[Antrefilè nan paj 23]

“Si solèy la pa klere, yon moun pa kapab wè limyè l.”