Ki sa ki vin posib grasa nouvèl nesans lan?
Ki sa ki vin posib grasa nouvèl nesans lan?
POUKISA Jezi te itilize ekspresyon “fèt [...] nan Lespri” a alòske li t ap pale de batèm nan lespri sen (Jan 3:5, Bib Kreyòl la)? Nan yon sans figire, ekspresyon “nesans” lan vle di “kòmansman”. Donk, ekspresyon “nouvèl nesans” lan vle di yon “nouvo kòmansman”. Ekspresyon “fèt” la ak ekspresyon “nouvèl nesans” lan montre gen yon nouvo kòmansman nan relasyon Bondye genyen ak moun ki batize nan lespri yo. Ki jan chanjman total ki vin genyen nan relasyon yo ak Bondye a fèt?
Lè apot Pòl t ap esplike ki jan Bondye prepare moun pou y al dirije nan syèl la, li te itilize yon egzanp ki gen rapò ak fanmi. Li te ekri kretyen nan epòk li a pou l di yo Bondye t ap gen pou l adopte yo pou yo ‘vin pitit li’ e lè sa a Bondye t apral kapab boule ak yo kòm ‘pitit li’. (Galat 4:5; Ebre 12:7.) Pou w ka rive wè jan egzanp adopsyon an kapab ede w konprann chanjman ki fèt lè yon moun batize nan lespri a, fè yon ti reflechi ankò sou egzanp jenòm ki vle enskri nan yon lekòl kote se elèv ki fèt nan yon ras moun ki fèt nan yon zòn byen presi ki kapab enskri nan lekòl la.
Yon chanjman ki fèt lefètke yo adopte yo
Nan egzanp lan, jenòm nan pa kapab enskri nan lekòl la paske li pa fèt nan yon ras moun ki fèt nan zòn nan. Kounye a, imajine yon jou gen yon gwo chanjman ki fèt. Yon papa ki fèt nan popilasyon sa a adopte l pou l vin fè pati fanmi l. Lè sa a, ki posiblite sa fè l genyen? Bon, lefètke yo adopte l kòm pitit, li kapab vin gen menm dwa ak tout jèn ki fèt nan ras sa a, e kounye a li kapab menm gen dwa pou l enskri nan lekòl la. Adopsyon an chanje sitiyasyon l nèt.
Egzanp sa a montre, nan yon fason ki pi estrawòdinè, sa ki rive moun ki jwenn nouvèl nesans lan. Ann konsidere kèk resanblans ki genyen ant egzanp sa a ak moun ki jwenn nouvèl nesans lan. Jenòm nan egzanp lan ap kapab jwenn yon plas nan lekòl la depi li ranpli kondisyon li dwe ranpli pou l enskri nan lekòl la. Kondisyon an se pou l fèt nan ras moun ki fèt nan zòn nan. Sepandan, li pa kapab ranpli kondisyon sa a poukont li. Menm jan an tou, gen kèk moun k ap jwenn yon plas nan Wayòm Bondye a, sètadi gouvènman ki nan syèl la, depi yo ranpli kondisyon yo dwe ranpli pou yo antre ladan l lan. Kondisyon sa a se pou yo “fèt yon lòt fwa”. Sepandan, yo pa ka ranpli kondisyon sa a poukont
yo paske nouvèl nesans lan depann de Bondye.Ki sa ki te chanje sitiyasyon jenòm nan? Se te yon adopsyon legal. Byennantandi, sa pa t chanje moun li ye a. Apre adopsyon an, li te rete menm moun nan, malgre sa, apre moun ki te vle adopte l la te fin fè tout sa li te dwe fè pou adopsyon an legal, jenòm nan te vin nan yon nouvo sitiyasyon. Vrèmanvre, li te jwenn yon nouvo kòmansman, ou ta ka di yon nouvèl nesans. Apre adopsyon an, li te vin gen yon lòt papa e sa te ba l dwa pou l antre nan fanmi papa ki te adopte l la e pou l antre nan lekòl la.
Menm jan an tou, Jewova chanje sitiyasyon yon gwoup moun enpafè lefètke li adopte yo yon fason legal kòm pitit li. Apot Pòl ki te fè pati gwoup moun sa a te ekri kwayan parèy li yo pou l di yo: “Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa. Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.” (Women 8:15, 16). Wi, grasa adopsyon sa a, kretyen sa yo te vin fè pati fanmi Bondye a, sètadi yo te vin “pitit li”. —1 Jan 3:1; 2 Korentyen [2 Korent] 6:18.
Byennantandi, moun Bondye te adopte yo pa chanje; yo rete enpafè (1 Jan 1:8). Sepandan, jan apot Pòl esplike sa annapre, lè yo fin ranpli kondisyon ki pèmèt adopsyon yo vin legal, sitiyasyon yo vin chanje. Anmenmtan, lespri sen Bondye ba yo konviksyon yo gen pou yo viv ak Kris nan syèl la (1 Jan 3:2). Konviksyon sa a ki fèm lespri sen fè yo genyen an fè yo vin wè lavi a yon lòt jan (2 Korentyen 1:21, 22). Wi, yo jwenn yon nouvo kòmansman, ou ta ka di yon nouvèl nesans.
Anpalan de pitit Bondye adopte yo, Bib la di: “Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l pandan mil (1.000) lanne.” (Revelasyon 20:6). Pitit Bondye adopte yo pral vin wa nan Wayòm nan, sètadi gouvènman ki nan syèl la, ansanm ak Kris. Apot Pyè te di kwayan parèy li yo yo t ap resevwa yon “eritaj ki p’ap janm pouri, ki p’ap janm sal, ni ki p’ap janm pèdi frechè l, yon eritaj [ki] sere [...] nan syèl la” pou yo (1 Pyè 1:3, 4). Eritaj sa a vrèman gen anpil valè.
Sepandan, lefètke gen moun ki pral dirije, sa soulve yon kesyon tou. Si moun ki fèt yon lòt fwa yo pral dirije antanke wa nan syèl la, ki moun yo pral dirije? Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kesyon sa a.
[Foto nan paj 28]
Ki sa Pòl te di sou adopsyon?