Selon Bondye, èske gen yon vrè relijyon?
Diskou espesyal
Selon Bondye, èske gen yon vrè relijyon?
Anpil moun suiv relijyon yo leve jwenn paran yo ladan l lan. Gen lòt moun se lè yo vin gran yo chwazi ki fason y ap adore Bondye. E gen anpil relijyon moun ka chwazi antre ladan yo. Petèt ou te deja mande tèt ou: ‘Èske relijyon yon moun vrèman enpòtan?’
W ap jwenn repons kesyon sa a nan diskou piblik ki gen tit: “Selon Bondye, èske gen yon vrè relijyon?” Y ap bay diskou sa a, ki baze sou Labib, toupatou sou tè a nan plis pase 230 peyi. Nan pifò kote, l ap fèt nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo dimanch k ap 26 avril 2009. Temwen ki nan zòn bò lakay ou yo ap byen kontan ba w lè l ap fèt la ak adrès kote l ap fèt la. Se avèk anpil kè kontan nou envite w vin koute diskou sa a.