Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Senk rezon ki fè se pou Bondye nou dwe gen krentif, men se pa pou lòm

Senk rezon ki fè se pou Bondye nou dwe gen krentif, men se pa pou lòm

Senk rezon ki fè se pou Bondye nou dwe gen krentif, men se pa pou lòm

APRE yon jenòm te fin pale ak de Temwen Jewova, li te sezi e li te kontan paske ti pale li te fè ak yo a te ouvri je l. Se yon bagay li pa t ap atann ditou. Pandan lontan, li t ap mande tèt li poukisa Bondye pèmèt soufrans. Kesyon sa a te ba l pwoblèm, men, apre konvèsasyon an, li te jwenn yon repons klè ki sot nan Bib la. Li pa t janm konnen Bib la te gen tout enfòmasyon enpòtan sa yo ladan l ki bay moun rekonfò.

Kèk minit apre moun ki te vizite l yo te fin ale, dam ki pwopriyetè kay kote l rete a antre nan chanm li bridsoukou, byen an kòlè, epi li mande l: “Kiyès moun sa yo te ye?”

Jenòm nan tèlman sezi li rete bouch be.

Madanm nan tonbe pale fò, li di l: “Mwen konnen kiyès yo ye, e si w resevwa yo isit la ankò ou mèt tou kite kay la al chèche yon chanm pou w lwe yon lòt kote.”

Apre sa, l ale epi li frape pòt la byen fò lè l ap soti.

Vrè disip Kris yo konnen y ap jwenn pèsekisyon

Sa k te rive jenòm sa a se yon bagay ki abitye fèt. Men sa Labib, Pawòl Bondye a, fè konnen: “Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou.” ​(2 Timote 3:12, NW). An jeneral, se pa anpil moun ki renmen vrè kretyen yo, e sa te toujou konsa. Poukisa? Men sa apot Jan te di kretyen menm jan avèk li yo: “Nou konnen se moun Bondye nou ye. Men, lemonn antye kouche nan men Mechan an.” Yo pale de Satan Ledyab tou kòm yon “lyon ki move, k’ap chache moun pou l devore”. (1 Jan 5:19, Bib Kreyòl La; 1 Pyè 5:8.) Krent pou lòm se youn nan zam ki pi efikas Satan itilize.

Jezi Kris te fè anpil bon bagay. Li pa t janm peche, epoutan, menm li menm yo te pase l nan betiz e yo te pèsekite l. Men sa l te di: “Yo rayi m san m pa fè yo anyen.” ​(Jan 15:25). Nan nuit anvan Jezi te mouri a, men sa l te di disip li yo pou l prepare yo: “Si moun k’ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m anvan yo te rayi nou. Chonje sa m te di nou: Yon domestik pa janm pi [gran] pase mèt li. Si yo pèsekite m, y’a pèsekite nou tou.” —Jan 15:18, 20.

Se poutèt sa, gen anpil moun ki te yon jan renka pou yo pran pozisyon pou vrè adorasyon an. Men sa Labib di konsènan moun ki t ap chèche Jezi yon lè : “Pèsonn pat nonmen non l fò pou lòt moun pat tande, sitèlman yo te pè jwif yo.” ​(Jan 7:13; 12:42). Chèf relijye nan epòk la te menase moun yo, yo te fè yo konprann depi yon moun ta mete lafwa nan Kris, yo t ap mete l deyò nan sinagòg la. Se sa k fè anpil moun ki te gen krent pou lòm pa t vin kretyen. —Travay 5:13.

Annapre, lè kongregasyon kretyen an te fin etabli, Labib fè konnen yo te “pèsekite” kongregasyon Jerizalèm nan “anpil”. (Travay 8:1.) Anfèt, kretyen yo te jwenn pèsekisyon nan tout anpi women an. Gen moun ki te gen anpil pouvwa nan Wòm ki te di apot Pòl: “Nou konnen toupatou yo pa vle wè gwoup ou fè pati a.” ​(Travay 28:22). Vrèmanvre, vrè kretyen yo te jwenn anpil opozisyon.

Jodi a tou, Satan sèvi ak krent pou lòm kòm zam pou l anpeche anpil moun vin vrè disip Kris. Anpil moun ki sensè k ap etidye Labib avèk Temwen Jewova yo jwenn opozisyon, oubyen yo pase yo nan rizib, nan lekòl yo, nan travay yo, nan vwazinaj yo oubyen pami moun ki zanmi yo. Petèt yo ka pè pou moun pa respekte yo ankò, pou yo pa pèdi zanmi yo, oubyen pou yo pa sispann jwenn èd nan domèn materyèl nan men yo. Nan kèk zòn pwovens, gen moun ki konn pè pou vwazen yo pa refize ede yo lè y ap rekòlte jaden yo, oubyen pou yo pa pwoteje bèt yo genyen. Sepandan, malgre yo pè pou bagay sa yo pa rive yo, gen plizyè milyon moun ki pran detèminasyon pou yo mete konfyans yo nan Bondye e pou yo viv ann amoni ak Pawòl Bondye a menm jan ak Kris. E Jewova beni yo lefètke yo fè sa.

Rezon ki fè se pou Bondye nou dwe gen krentif, men se pa pou lòm

Labib ankouraje nou pou nou gen krentif pou Bondye, men pa pou lòm. Men sa l di: “Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann!” ​(Sòm 111:10). Krentif sa a se pa yon laperèz egzajere, men, se sousi nou genyen pou nou pa fè Sila ki ban nou lavi a fache. Krentif sa a mache ak lanmou. Sepandan, poukisa nou dwe gen krentif pou Bondye, men pa pou lòm? Annou egzamine senk rezon.

1 Jewova se Toupisan an. Jewova pi pisan lontan pase kèlkeswa moun nan. Lè nou gen krentif pou li, nou montre nou pran pozisyon pou Toupisan an, li menm ki konsidere “nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit”. (Izayi [Ezayi] 40:15.) Lefètke Bondye toupisan, li gen pouvwa pou l pwoteje sèvitè fidèl li yo kont tout “zam y’a fè pou sèvi kont” yo (Izayi 54:17). E piske se li ki pral di kiyès ki merite resevwa lavi etènèl la, n ap montre nou saj si nou pa kite anyen fè nou sispann aprann plis bagay sou li e nou pa kite anyen fè nou sispann fè volonte l. —Revelasyon 14:6, 7.

2 Bondye ap ede nou e l ap pwoteje nou. Men sa Labib di nan Pwovèb 29:25: “Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Senyè a, ou pa bezwen pè anyen.” Krent pou lòm se yon pyèj paske li ka fè nou pa pale de lafwa nou gen nan Bondye. Bondye ban nou asirans li gen pouvwa pou l sove nou. Men sa l di: “Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M’ap ban nou fòs, m’ap ede nou. M’ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.” —Izayi 41:10.

3 Bondye renmen moun ki pwoche bò kote l. Apot Pòl te ekri pawòl touchan sa yo: “Mwen gen konfyans ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni chèf, ni pisans, ni jodi, ni demen, ni wotè, ni pwofondè, ni kèk lòt kreyasyon, yo youn pa kapab separe nou ak lamou Bondye ki nan Jezi Kris, Senyè nou an.” ​(Women 8:37-39, Bib Kreyòl La). Si nou aprann fè Bondye konfyans e si nou aprann obeyi l, Souvren linivè a pap sispann renmen nou. Ala yon kokenn privilèj sa ye pou Bondye renmen nou konsa!

4 Nou apresye tout sa Bondye fè pou nou. Jewova se Kreyatè nou, se li ki fè l posib pou nou gen lavi. Anplis, nonsèlman li ban nou sa nou bezwen pou nou viv, men tou, li ban nou yon seri bagay ki rann lavi a agreyab e ki rann li enteresan. Vrèman, se nan li tout bon kado soti (Jak 1:17). Men sa David, yon nonm fidèl ki te apresye bonte Bondye, te ekri: “Senyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. [...] Yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.” —Sòm 40:5.

5 Gen moun k ap pèsekite nou ki ka chanje. Nou kapab ede moun ki opoze avèk nou yo lè nou pa fè konpwomi, men nou kontinye montre nou gen krentif pou Bondye e nou kontinye montre nou renmen l. Annou pran egzanp fanmi Jezi. Okòmansman, yo pa t met lafwa nan li, okontrè men sa yo te di sou Jezi: “Nonm sa a fou.” ​(Mak 3:21; Jan 7:5). Men, apre Jezi te fin mouri e li te resisite, gen anpil nan yo ki te vin kwayan. Jak ak Jid, ki te frè Jezi kot manman, te menm fè pati moun ki te ekri liv ki fè pati Bib la. Nou ka pran egzanp Sol tou. Li te konn pèsekite kretyen yo avèk raj, men pi devan se li ki te vin apot Pòl. Gen kèk moun k ap ban nou pwoblèm kounye a ki ka vin wè nou gen verite ki sot nan Bib la lefètke nou kontinye pran pozisyon pou Jewova avèk kouraj. —1 Timote 1:13.

Pa egzanp Aberash, yon fi k ap viv ann Afrik, te konn priye pou l jwenn laverite. Li te kòmanse etidye avèk Temwen Jewova yo, men apre sa, li te jwenn gwo opozisyon nan men manm fanmi l ak kèk chèf relijye. Gen kèk manm fanmi li ki te kòmanse etidye tou, men yo te bay vag akoz yo te gen krent pou lòm. Men, Aberash te sipliye Bondye pou l ba l fòs ak kouraj, e finalman li te vin batize Temwen Jewova. Ki rezilta sa te pote? Gen uit manm fanmi l ki te mete kouraj sou yo, yo te rekòmanse etidye, e kounye a y ap fè bonjan pwogrè espirityèl.

Ou ka vin pa gen krent pou lòm ankò

Pou w pa tonbe nan pyèj pou w gen krent pou lòm, ou bezwen fè tout sa w kapab pou w ranfòse lanmou w gen pou Bondye. Ou kapab fè sa lè w etidye Labib e lè w medite sou yon seri tèks, tankou Ebre 13:6 ki di: “Se Bondye k’ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?” Pa bliye tout rezon ki genyen ki fè li saj e li jis pou w gen krentif pou Bondye e pou w pa gen krentif pou lòm.

Sonje tout benediksyon yon moun jwenn tou lè li aplike sa li aprann nan Bib la. Ou kapab jwenn repons pou kesyon enpòtan ki gen nan lavi a, e repons sa yo ap ba w satisfaksyon. Ou kapab vin gen sajès pratik ou bezwen pou w fè fas ak difikilte ki gen nan lavi a. Ou kapab vin gen yon bèl espwa malgre kondisyon difisil ki gen nan monn nan jodi a. E ou ka pwoche bò kote Bondye Toupisan an pa mwayen lapriyè, kèlkeswa lè a.

Men sa apot Jan te ekri: “Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y’ap viv pou tout tan.” ​(1 Jan 2:17). Se kounye a nou bezwen rete fèm e nou bezwen mache nan lakrentif pou Bondye. Olye w kite krent pou lòm febli lafwa w, ou kapab chwazi fè sa Bondye mande w la: “Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m kontan. Konsa, m’a ka reponn moun k’ap kritike m [nan].” ​(Pwovèb 27:11). Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou suiv egzòtasyon sa a!

Pa bliye, pa gen yon moun ki ka ba w sa Bondye pral bay moun ki krenn li yo. Labib di: “Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W’a gen richès, y’a nonmen non ou, w’a viv lontan.” —Pwovèb 22:4.

[Foto nan paj 14]

Lefètke Aberash te demontre li gen kouraj, uit manm fanmi l te kontinye etidye Labib.