Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon pyebwa “fèy li p’ap janm fennen”

Yon pyebwa “fèy li p’ap janm fennen”

Yon pyebwa “fèy li p’ap janm fennen”

ÈSKE w janm wè yon zòn andeyò ki chaje ak bèl pyebwa ki byen vèt? Sandout, w ap dakò se yon bèl bagay. Si w wè anpil gwo pyebwa ki chaje ak fèy nan yon zòn, èske w t ap imajine gen sechrès nan zòn nan? Okontrè, lè sa a, ou t ap konnen dwe gen anpil dlo nan zòn nan, e se sa k fè pyebwa yo pa sèch e yo rete an sante.

Bib la konpare moun ki an sante nan domèn espirityèl ak gwo pyebwa ki bèl e ki an sante, e vrèman se yon konparezon ki apwopriye. Ann konsidere yon pasaj enteresan nan Bib la ki nan twa premye vèsè nan premye Sòm nan.

Men sa nou li ladan l: “Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k’ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k’ap pase Bondye nan betiz, men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k’ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit. Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p’ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.”

Men sa nou li nan Jeremi 17:7, 8 ki sanble ak pawòl nou jwenn nan vèsè nou te site anvan yo: “Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li. L’ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k’ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l anyen, l’ap toujou donnen.”

Nan toule de pasaj sa yo, yo konpare moun ki fè sa ki byen, ki pran plezi nan lwa Bondye yo e ki gen yon konfyans total nan Bondye ak pyebwa. Se sa k fè nou kapab mande: ‘Nan ki sans yon moun konsa tankou yon bèl pyebwa nan domèn espirityèl?’ Annou egzamine vèsè sa yo avèk plis atansyon.

“Yo plante bò kannal dlo”

Yo dekri pyebwa yo kòm pyebwa ki plante “bò kannal dlo” oubyen “bò larivyè”. Se pa bò kot yon sèl kanal dlo oubyen yon sèl rivyè yo plante. Nou jwenn yon konparezon ki sanble ak konparezon ki te mansyone pi wo yo nan Izayi 44:3, 4 (NW) kote Jewova Dye te pale sou fason li t apral pran swen Juif ki repanti e ki retounen sot nan kaptivite nan Babilòn yo. Men sa Jewova te di pa mwayen pwofèt Izayi: “Mwen pral vide dlo sou moun ki swaf, e m ap mete ti kouran dlo kote ki sèch la. [...] Vrèman, y ap pouse kòmsi yo te nan mitan zèb vèt, menm jan ak pepliye ki toupre kanal dlo.” Nan vèsè sa yo, yo pale de “kouran dlo” ak “kanal dlo” ki fè moun ki beni yo grandi tankou pyebwa ki rele “pepliye” a ki chaje ak fèy.

Menm jodi a tou, ou kapab wè kanal dlo k ap koule pou wouze jaden. Oswa ou kapab wè kouran dlo petèt ki soti yon kote ki gen anpil dlo tankou yon pi ki fon, yon rivyè, yon lak oubyen yon baraj dlo pou wouze jaden. An jeneral, yo fè pati yon sistèm irigasyon. Pafwa, yo konn fè yon fason pou yo fè kouran dlo yo pase nan yon jaden kote yo plante pye fwi. Pafwa, kote kouran dlo sa yo ap koule a, sou yon bò, yo konn ap wouze yon jaden e sou lòt bò a, yo konn ap wouze ranje pyebwa ki chaje fèy petèt ki tou konn sèvi pou make lizyè tè a.

Ki jan pyebwa yo plante bò kouran dlo sa yo ye? Nan Sòm 1:3, yo pale de yon pyebwa ki “donnen lè sezon l rive”. Nan peyi Bib la site yo, gen pye fig frans, pye grenad, pye pòm, pye dat ak pye oliv. Byenke yon pye fig frans ka rive 9 m, e li gen yon seri gwo branch, pifò lòt pye fwi yo pa wo anpil. Sepandan, yo kapab bèl, yo kapab an sante e yo kapab donnen anpil lè moman an rive pou yo donnen.

Nan tan lontan, te gen yon seri gwo pepliye ki te konn pouse arebò rivyè ak kouran dlo ki nan peyi Siri ak nan peyi Palestin. Lè yo pale de pepliye nan Bib la, souvan yo asosye yo ak kouran dlo oubyen ak “vale ki gen rivyè ladan yo”. (Levitik 23:40.) Gen yon seri pyebwa yo rele sol, ki nan menm fanmi ak pepliye yo. E pyebwa sa yo tou te konn pouse nan zòn kote ki gen anpil dlo (Ezekyèl 17:5). Gwo pyebwa sa yo ki bèl byen reprezante ide ni salmis la ni Jeremi te vle fè pase a: tout moun k ap fè tout sa yo kapab pou yo suiv lwa Bondye yo e ki mete tout konfyans yo nan li ap rete an sante nan domèn espirityèl e ‘tou sa yo fè ap soti byen’. Èske nou pa ta renmen pou nou reyisi nan lavi nou tou?

Pran plezi w nan lwa Jewova

Jodi a, moun chèche divès mwayen pou yo reyisi nan lavi a. Yo lage kò yo nan chèche bagay ki ka fè yo gen laglwa ak richès. Sepandan, byen souvan yo wè li pa fasil pou yo jwenn bagay sa yo, e menmsi yo jwenn yo, yo pa satisfè. Men, ki sa k ka ban nou vrè satisfaksyon ak bonjan kè kontan nan lavi a? Nou jwenn repons lan nan pawòl Jezi te di nan Sèmon sou montay la. Men sa l te di: “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen depann de Bondye, piske wayòm syèl la se pou yo.” ​(Matye 5:3, NW). Vrèman, se pa bagay materyèl nou posede ki ka ban nou vrè kè kontan an, men nou jwenn vrè kè kontan an lè nou rekonèt nou gen bezwen espirityèl e lè nou satisfè bezwen sa yo, yon fason pou nou ka an sante nan domèn espirityèl, menm jan yon bèl pyebwa ki donnen nan lè pou l donnen an sante. Ki sa nou kapab fè pou nou vin an sante konsa nan domèn espirityèl?

Selon salmis la, premyèman, nou bezwen kouri pou kèk bagay. Pa egzanp, li di nou pa dwe koute “konsèy mechan yo”, nou pa dwe suiv “egzanp moun k’ap fè sa ki mal” e nou pa dwe “chita ansanm ak moun k’ap pase Bondye nan betiz”. Pou nou ka gen kè kontan, nou bezwen vire do bay moun k ap pase Bondye nan betiz oswa ki pa bay lwa Bondye yo regle anyen pou yo.

Ansuit, nou ta dwe pran plezi nan lwa Jewova yo. Lè nou pran plezi nan yon bagay oubyen nan yon aktivite, èske nou pa chèche tout okazyon pou nou fè l? Donk, pou nou pran plezi nan lwa Bondye a, nou bezwen renmen pawòl li a anpil, nou bezwen gen dezi pou n aprann plis bagay ladan l toujou e pou nou pi byen konprann li.

Finalman, nou bezwen li l “lajounen kou lannwit” epi ‘ repase l nan tèt nou ’, sètadi li l regilyèman epi medite sou sa nou li ladan l yo. Nou ta dwe gen menm santiman ak salmis la pou Pawòl Bondye a. Men sa l te di nan yon chante: “Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m’ap kalkile sou li.” —Sòm 119:97.

Vrèman, lè nou chèche gen yon konesans egzak sou Jewova Dye ak bonjan konpreyansyon sou li e lè nou vin gen yon konfyans total nan li ak nan pwomès li yo, pa gen dout nan sa, n ap an sante nan domèn espirityèl. Lè sa a, n ap tankou moun salmis la te di “tou sa li fè sòti byen” an.