Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun

Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun

Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun

Ki jan yon mesye ki te konn fimen mariwana ak sigarèt depi lè l te jèn te jwenn fòs pou l sispann fimen? Ki sa ki te ede yon jèn ki te nan yon gang vyolan pou l metrize kòlè l e pou l sispann rayi moun ki soti nan lòt ras? Annou wè ki sa yo chak gen pou yo di.

ENFÒMASYON SOU MOUN NAN

NON: HEINRICH MAAR

LAJ: 38 an

PEYI KOTE L SOTI: KAZAKSTAN

PWOBLÈM LI TE GENYEN: LI TE KONN FIMEN MARIWANA AK SIGARÈT ANPIL

VI MWEN T AP MENNEN ANVAN: Mwen fèt nan sid peyi Kazakstan, anviwon 120 kilomèt parapò ak yon vil yo rele Tashkent. Nan sezon ete, nan zòn sa a gen sechrès e li fè cho anpil. Tanperati a konn rive 45C. Nan sezon ivè, tanperati a konn desann rive –10C. Tanperati sa yo se pi bon tanperati pou moun plante rezen ak mariwana.

Paran m yo se desandan alman. Toule de te fè pati legliz evanjelik, men yo pa t pratike relijyon yo a. Poutan, yo te aprann mwen resite priyè Nòtrepè a pakè. Lè m te gen 14 an, manman m ak gran sè m nan te etidye Labib ak Temwen Jewova yo pandan yon ti tan. Yon lè, pandan de Temwen ki t ap etidye ak manman m yo t ap montre l non Bondye, Jewova, nan pwòp Bib pa l, mwen t ap koute yo. Sa te enpresyone m. Sepandan, manman m te kanpe sou etid la, e mwen pa t rive aprann plis sou Bondye. Yon ti tan apre, pwofesè lekòl mwen an t ap rakonte yon bann istwa sou Temwen Jewova yo, e dapre li menm se yon sèk yo ye. Istwa sa yo pa t vre. Kòm mwen te asiste kèk reyinyon Temwen Jewova avèk sè m nan, mwen te di pwofesè a sa li t ap di yo se pa laverite.

Lè m te gen 15 an, yo te voye m nan vil Leningrad, nan peyi Larisi, pou m al aprann yon metye. Jodi a yo rele vil sa a St. Petersburg. Mwen te pataje ti sa m te gentan aprann sou Jewova avèk moun ki te nan menm chanm ak mwen yo. Sepandan, nan moman sa a mwen te kòmanse fimen. Lè m te retounen al vizite Kazakstan, li te fasil pou m achte mariwana, byenke li te ilegal pou yon moun fè sa. Mwen te konn bwè twòp vòdka (yon bwason ki gen alkòl ladan l) ak yon kalite diven moun te fè lakay yo.

Apre m te fin ak lekòl la, mwen te antre nan lame ris la kote m te pase dezan. Men, gen kèk nan verite mwen te aprann nan Bib la lè m te jèn ki te toujou rete nan lespri m. Lè m te jwenn okazyon, mwen te konn pale ak lòt sòlda yo konsènan Jewova e mwen te konn defann Temwen yo lè m te tande moun ap fè manti sou yo.

Apre m te fin fè sèvis militè, mwen te deplase al viv ann Almay. Pandan m te nan yon kan yo te fè pou moun ki imigre nan peyi a, mwen te resevwa yon liv Temwen Jewova yo te fè pou moun etidye Bib la. Kè m te chofe anpil pandan mwen t ap li l, e mwen te kwè sa m te li ladan l yo se laverite. Men, mwen pa t kapab sispann fimen sigarèt ak mariwana. Apre yon tan, mwen te deplase al viv toupre yon vil yo rele Karlsruhe. Se la mwen te rankontre yon Temwen Jewova, e li te kòmanse etidye Labib avè m.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Mwen te deja panse depi byen lontan Labib se Pawòl Bondye. Men, apre m te fin li liv mwen te resevwa a, mwen te gen konviksyon Bib la reponn tout kesyon enpòtan yon moun kapab poze nan lavi a. Malgre sa, mwen te pran yon ti tan pou m kite move abitid mwen te genyen yo. Men, finalman, mwen te suiv konsèy Bib la bay nan 2 Korentyen 7:1 an (NW). Mwen te deside “pirifye tèt [mwen] anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a”. Sa te mande pou m sispann fimen mariwana ak sigarèt.

Sa pa t pran m lontan pou m sispann fimen mariwana. Men, mwen te pran simwa anvan m te rive sispann fimen sigarèt. Yon jou, Temwen ki t ap etidye avè m nan di m konsa: “Poukisa w ap viv?” Sa l te di m nan te fè m reflechi sou pwoblèm sigarèt mwen te genyen an. An plizyè fwa, mwen te eseye sispann fimen, men sa pa t mache. Nan moman l te pale avè m nan, mwen te deside m ap priye Bondye anvan mwen fimen yon sigarèt olye m mande l padon pou sa apre m fin fimen. An 1993, mwen te fikse yon jou pou m sispann fimen. Grasa Jewova, mwen pa janm manyen yon sigarèt ankò depi lè sa a.

BYENFÈ MWEN JWENN: Lefètke kounye a mwen pa gen pwoblèm ak mariwana ak sigarèt ankò, yon pwoblèm ki te fè m depanse anpil kòb, sante m amelyore. Jodi a, mwen gen privilèj pou m travay antanke volontè nan filyal Temwen Jewova ki ann Almay la. Se pa ti kontan m kontan lefètke mwen aprann aplike sajès ki nan Bib la nan lavi m! Paske, sa Bib la anseye yo bay lavi m yon vrè sans.

ENFÒMASYON SOU MOUN NAN

NON: TITUS SHANGADI

LAJ: 43 an

PEYI KOTE L SOTI: NAMIBI

PWOBLÈM LI TE GENYEN: LI TE FÈ PATI YON GANG E LI TE VYOLAN

VI MWEN T AP MENNEN ANVAN: Mwen grandi nan yon zòn andeyò nan yon rejyon ki nan nò Namibi yo rele Ohangwena. Gen moun nan vilaj mwen an yo te bat e yo te touye pandan gè ki te fèt nan zòn sa a nan ane 80 yo. Nan vilaj sa a, pou yo te ka konsidere yon tigason kòm yon gason toutbon, fòk li te konn goumen byen e fòk li te kapab bat lòt tigason parèy li. Se sa k fè mwen te aprann goumen.

Lè m te fini lekòl, mwen te deplase al viv ak monnonk mwen nan yon vil yo rele Swakopmund ki bò lanmè. Yon ti tan apre m fin rive la, mwen te antre nan yon gang ki te gen yon bann jèn gason rebèl ladan l. Nou te konn al kèk kote yo pa t vle moun nwa ale nan vil la, tankou nan otèl ak nan ba, jis pou nou te kapab pwovoke moun yo epi batay ak yo. An plizyè okazyon, nou te batay ak ajan sekirite e ak lapolis. Chak swa, mwen te konn mache ak yon gwo kouto byen file oswa yon panga, sètadi yon manchèt, pou m te ka atake kèlkeswa moun ki ta soti pou ban m pwoblèm.

Yon jou swa, pandan nou t ap goumen ak yon lòt gang, yo te manke touye m. Yon moun ki te nan lòt gang nan te pase pa dèyè m e li t apral koupe tèt mwen lè yon moun ki nan menm gang avè m te ba l yon sèl kou li vide l atè. Malgre eksperyans sa a mwen te fè kote mwen te manke mouri, mwen te kontinye ap viv nan vyolans. Si m te gen kont ak yon moun, fi kou gason, se mwen menm ki te toujou frape l anvan.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Premye fwa mwen te rankontre yon Temwen Jewova, li te li kèk vèsè pou mwen nan Sòm 37 e li te di m liv Revelasyon an, yon liv nan Bib la, gen lòt bèl pwomès pou lavni. Men, kòm li pa t di egzakteman ki kote pwomès yo te ye nan liv sa a, mwen te chèche yon bib e mwen te li tout liv Revelasyon an nan menm nuit la. Mwen renmen pwomès mwen te jwenn nan Revelasyon 21:3, 4 la ki di: “P’ap gen lanmò ankò, yo p’ap nan lapenn ankò, yo p’ap janm plenyen ankò, yo p’ap janm soufri ankò.” Lè Temwen yo te retounen, mwen te aksepte yo etidye Bib la avè m.

Li te difisil pou mwen anpil pou m chanje fason m panse ak fason m aji. Men, nan Travay 10:34, 35, mwen te aprann “Bondye pa nan patipri. Okontrè, nan tout nasyon, si yon moun gen krentif pou Bondye epi si li fè sa ki jis, Bondye aksepte li”. (Bib Kreyòl La.) Mwen te fè anpil efò tou pou m suiv konsèy Bib la bay nan Women 12:18 (NW) ki di: “Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li.”

Nonsèlman mwen te bezwen metrize kòlè m, men tou, mwen te bezwen sispann fimen sigarèt. Souvan, mwen te konn priye Jewova ak dlo nan je pou m mande l ede m. Okòmansman, mwen te fè bagay yo alanvè. Mwen te konn di tèt mwen se “dènye” sigarèt m ap fimen, e apre m fin fimen l, mwen priye pou m pa fimen ankò. Temwen ki te konn fè etid la avè m nan te ede m wè li enpòtan pou m priye anvan mwen pran sigarèt la. Mwen te bezwen veye tou pou m pa al kote moun ap fimen. Anplis, yo te konseye m pou m fè kòlèg travay mwen yo konnen jan fimen pa bon pou yo. Mwen te suiv konsèy sa a. Sa te vrèman ede m paske moun ki te fimen nan travay la pa t ofri m sigarèt ankò.

Finalman, mwen te sispann fimen e mwen te sispann viv fason mwen te konn viv anvan an. Apre m te fin pase simwa ap aprann prensip ki nan Bib la epi m ap aplike yo nan lavi m, mwen te vin kalifye pou m batize kòm Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN: Mwen te vin gen konviksyon Temwen yo ap pratike vrè relijyon an lè m te wè jan yo gen lanmou nan mitan yo, kèlkeswa ras yo oswa koulè yo. Menm anvan m te batize, gen yon Temwen blan ki te envite m lakay li pou m pran yon repa avè l. Se kòmsi se reve mwen t ap reve. Anvan sa, mwen pa t janm chita ak yon blan pou nou pale nan lapè, alewè pou m ta manje yon repa ansanm ak youn lakay li. Mwen te vin fè pati yon vrè fanmi entènasyonal.

Gen yon epòk kote lapolis ak kèk moun ki travay kòm sekirite te eseye fòse m pou m chanje fason m panse ak fason m aji, men yo pa t reyisi. Se Bib la ki te rive ede m chanje pèsonalite m e ki te rive ede m vin yon moun k ap viv ak kè kontan.

[Antrefilè nan paj 12]

“Souvan, mwen te konn priye Jewova ak dlo nan je pou m mande l ede m.”