Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova ban nou libète pou nou chwazi

Jewova ban nou libète pou nou chwazi

Annou pwoche bò kote Bondye

Jewova ban nou libète pou nou chwazi

Detewonòm 30:11-20

GEN yon sè ki te fè move eksperyans lè l te timoun, e sa te fè l santi li kondane pou l echwe. Men sa l te di: “Souvan, mwen te konn pè anpil pou m pa vin enfidèl devan Jewova.” Èske li te vin enfidèl vre? Èske se sa k te rive nou nan lavi nou k ap detèmine si n ap echwe oubyen si nou pap echwe? Non. Jewova ban nou libète pou nou chwazi. Konsa, nou kapab chwazi ki jan n ap mennen lavi nou. Jewova vle nou fè bon chwa, e Labib, Pawòl li a, di nou ki fason pou nou fè sa. Annou egzamine pawòl Moyiz te di nou jwenn nan Detewonòm chapit 30 lan.

Èske li difisil pou nou konnen sa Bondye vle nou fè e pou nou fè l *? Men sa Moyiz te di: “Kòmandman m’ap ban nou jòdi a, se pa bagay nou pa kapab fè, bagay nou pa ka rive fè.” ​(Vèsè 11). Sa Jewova mande nou fè yo pa enposib. Prensip li yo se bagay ki rezonab e nou kapab suiv yo. Nou kapab konnen yo tou. Nou pa bezwen monte “nan syèl la”, ni nou pa bezwen travèse “lòt bò lanmè” a pou nou konnen sa Bondye atann de nou (Vèsè 12, 13). Labib di nou byen klè ki jan pou nou viv. —Mika [Miche] 6:8.

Sepandan, Jewova pa fòse nou obeyi l. Gade sa Moyiz te di: “Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò.” ​(Vèsè 15). Nou gen libète pou nou chwazi ant lavi ak lanmò, ant byen ak mal. Nou kapab chwazi adore Bondye e nou kapab chwazi obeyi l. Si nou fè sa, n ap jwenn benediksyon. Men tou, nou kapab chwazi dezobeyi l, e n ap sibi konsekans lan. Kèlkeswa desizyon nou pran an, chwa sa a se nan men nou li ye. —Vèsè 16-18; Galat 6:7, 8.

Èske Jewova bay chwa nou fè a enpòtans? Wi, li ba l enpòtans! Bondye te enspire Moyiz pou l di pawòl sa yo: “Chwazi lavi.” ​(Vèsè 19). Men, ki jan pou nou chwazi lavi? Men esplikasyon Moyiz te bay: “Renmen Senyè a, Bondye nou an. Koute l. Pa lage l menm.” ​(Vèsè 20). Si nou kiltive lanmou nan kè nou pou Jewova, n ap dispoze koute l, n ap dispoze obeyi l, nou pap lage l e n ap fidèl avè l nan kèlkeswa sitiyasyon an. Si nou fè sa, n ap chwazi lavi. Sa vle di n ap chwazi pi bon fason pou nou viv depi kounye a pandan n ap tann pou nou jwenn lavi etènèl nan monn nouvo Bondye a k ap vini. —2 Pyè 3:11-13; 1 Jan 5:3.

Gen yon verite ki ankourajan anpil nan pawòl Moyiz yo. Kèlkeswa sa w ta ka viv nan monn mechan sa a, pinga w panse pa gen anyen ou ka fè, ni pinga w panse ou kondane pou w echwe. Jewova ban nou diyite lefètke l ban nou libète pou nou chwazi. Wi, nou kapab chwazi renmen Jewova, nou kapab chwazi koute l e nou kapab chwazi rete fidèl avè l. Si nou fè chwa sa a, Jewova ap beni efò nou fè nan sans sa a.

Nou kapab chwazi renmen Jewova e nou kapab chwazi sèvi l. Sa se yon verite ki te bay sè nou te site nan kòmansman an fòs. Men sa l te di: “Mwen renmen Jewova. Pafwa, mwen konn bliye se lanmou mwen gen pou Jewova ki pi enpòtan. Se grasa lanmou sa a ki fè m kapab rete fidèl.” Ou menm tou, ou kapab rete fidèl grasa èd Jewova.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gade atik “Approchez-vous de Dieu —Qu’est-ce que Jéhovah demande de nous?” an ki nan nimewo Toudegad 1ye oktòb 2009 la (fransè).