Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Apa Bib la, ki lòt prèv istorik ki montre Jezi te egziste toutbonvre?

Gen plizyè ekriven pwofàn, ki t ap viv pa twò lontan apre epòk Jezi te sou tè a, ki te di kèk bagay byen presi de Jezi. Pami ekriven sa yo, gen Kòneliyis Tasit ki te ekri istwa Wòm lè l te anba pouvwa anperè yo. Nan ane 64 epòk nou an, te gen yon gwo dife ki te ravaje Wòm. Tasit te fè konnen selon rimè ki t ap sikile yo se Anperè Newon ki te responsab dezas ki te rive a. Sepandan, selon sa Tasit di, Newon te fè tout sa l kapab pou l lage chay la sou do yon gwoup moun popilasyon an te rele kretyen. Men sa Tasit ekri: “Non [kretyen] yo genyen an soti nan [non] Kris, li menm pwokirè Pons Pilat te bay lòd pou yo touye sou rèy Tibè.” —Anal, XV, 44 (anglè).

Gen yon istoryen juif ki rele Flaviyis Jozèf ki te pale de Jezi tou. Lè Jozèf t ap pale sou evènman ki te pase ant lè Festis, gouvènè women ki t ap dirije Jide anviwon 62 epòk nou an, te mouri, pou rive lè Albinis, moun ki t ap vin aprè l la, te rive sou pouvwa a, Jozèf te di Gran prèt Anan (Anànyas) “te fè yon reyinyon ak jij ki nan Sanedren an e li te mennen devan yo yon mesye ki rele Jak, frè Jezi, li menm yo te konn rele Kris la, ak kèk lòt moun ankò.” —Antikite juif, XX, 200 (ix, 1) (anglè).

Jezi: Poukisa yo te rele l Kris?

Liv Evanjil yo rakonte lè zanj Gabriyèl te vin anonse Mari li t apral vin ansent, zanj lan te di l pou l rele pitit gason l lan Jezi (Lik 1:31). Non sa a te trè kouran pami Juif yo nan tan biblik yo. Jozèf, yon istoryen juif, te pale de 12 moun ki te gen non Jezi, e yo pa menm fè pati moun yo mansyone nan Bib la ki te gen non sa a. Yo te rele pitit gason Mari a “Nazareyen an”. Non sa a te pèmèt moun idantifye l kòm Jezi ki moun Nazarèt la (Mak 10:47, NW). Men yo te rele l “Kris” tou oubyen Jezi Kris (Matye 16:16). Ki sa mo Kris la vle di?

Mo kreyòl “Kris” la soti nan yon mo grèk Kristos, e mo ebre ki koresponn ak li a se Machiyak (Mesi). Toule de mo sa yo vle di “Moun Bondye wenn nan”. Gen lòt moun ki te gen tit sa a anvan Jezi. Pa egzanp, ni Moyiz, ni Arawon, ni Wa David, yo te di yo se moun ki wen, sa vle di Bondye te nome yo nan yon pozisyon espesyal e li te bay yo otorite (Levitik 4:3, 8:12; 2 Samyèl 22:51; Ebre 11:24-26). Jezi, Mesi yo te pwomèt la, se prensipal reprezantan Jewova. Kidonk, li apwopriye pou se Jezi yo rele “Kris la, Pitit Bondye vivan an”. —Matye 16:16; Dànyèl [Danyèl] 9:25.

[Foto nan paj 15]

Pòtrè Flaviyis Jozèf