Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki lè n ap gen lapè ak sekirite toutbon an?

Ki lè n ap gen lapè ak sekirite toutbon an?

Diskou espesyal

Ki lè n ap gen lapè ak sekirite toutbon an?

Depi plizyè milye ane, lèzòm ap chèche gen lapè ak sekirite. Men yo pa rive gen lapè toutbon an. Poukisa? Labib bay de rezon fondamantal ki fè yo pa janm rive gen lapè. Anplis de sa, Labib ban nou asirans sa a ki rekonfòtan: Bondye pwomèt limanite pral gen lapè ak sekirite toutbon an toupatou sou latè, e y ap dire pou toutan.

Ki jan lapè ak sekirite sa a ap tounen yon reyalite e ki lè sa ap fèt? Ki sa nou bezwen fè pou nou jwenn byenfè sa yo? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan yon diskou piblik ki gen tit: “Ki lè n ap gen lapè ak sekirite toutbon an?” Y ap bay diskou sa a, ki baze sou Labib, toupatou sou tè a nan plis pase 230 peyi. Pifò kote, l ap fèt nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo dimanch 18 avril 2010. Temwen ki nan zòn bò lakay ou yo ap byen kontan fè w konnen ki kote l ap fèt e a ki lè. Se avèk anpil kè kontan nou envite w vin koute diskou sa a.