Mèt li te aprann li sa sa vle di padone
Annou imite lafwa yo
Mèt li te aprann li sa sa vle di padone
APOT Pyè pap janm bliye moman terib sa a kote je l t al tonbe nan je Jezi. Èske l te wè Jezi gade l yon jan dwòl pou l montre l li desevwa l oswa li fache kont li? Nou pa ka di sa. Sèl sa Pawòl Bondye a rapòte sèke: “Seyè a vire gade Pyè.” (Lik 22:61, NW). Men, pandan ti moman Jezi te voye je gade Pyè a, Pyè te rann li kont jan fot li te fè a te grav. Li te sot fè egzakteman sa Jezi te di li t ap fè a, yon bagay li te plede li pa t ap janm fè: li te trayi Mèt li a li te renmen anpil la. Petèt, se te moman ki te pi terib pou li, se te pi move jou nan lavi l.
Men, sitiyasyon Pyè a pa t sanzespwa. Etandone Pyè te yon moun ki gen anpil lafwa, li te toujou gen posiblite pou l repare fot li te fè a e pou l aprann youn nan pi gwo leson Jezi t apral anseye l. Leson sa a gen rapò ak padon. Nou chak bezwen aprann menm leson Jezi te anseye Pyè a. Donk, annou wè fason Pyè te viv eksperyans terib sa a.
Yon moun ki te gen anpil bagay pou l aprann
Anviwon simwa anvan jou sa a, alòske Pyè te Kapènawòm, vil kote li te abite a, li te vin bò kote Jezi, li di l: “Seyè, konbyen fwa pou frè m peche kont mwen pou m padone l? Jiska sèt fwa?” Sanble Pyè te panse li demontre anpil jenewozite lè l te mande Jezi si se jiska sèt fwa pou yon moun peche kont li pou l padone l. Aprè tou, nan epòk la, chèf relijye yo te anseye se jiska twa fwa yon moun dwe padone yon lòt moun ki peche kont li. Jezi te reponn: “Se pa jiska sèt fwa, men, jiska swasanndisèt fwa.” —Matye 18:21, 22, NW.
Èske Jezi te vle di Pyè pou l gen yon rejis kote l ap make kantite fwa yon moun peche kont li? Non. Okontrè, lè l te di Pyè se pa jiska 7 fwa, men se jiska 77 fwa, li te vle di l li pa dwe limite kantite fwa l ap padone yon moun. Jezi te montre se tandans moun nan epòk la te genyen ki te enfliyanse Pyè, tandans pou yo pa padone moun e pou yo fè kè di ak lòt moun, pou yo konte kantite fwa yo ta dwe padone yon moun tankou se kontab yo ye. Sepandan, Jewova pa chich lè l ap padone moun.
Pyè pa t fè diskisyon ak Jezi. Men, èske leson Jezi te bay Pyè a te vrèman touche kè l? Pafwa, nou vin pi byen konprann sa padone vle di lè nou rann nou kont nan ki degre nou bezwen lòt moun padone nou. Pou rezon sa a, annou retounen nan evènman ki t ap mennen nan lanmò Jezi. Nan moman difisil sa yo, gen anpil bagay Pyè t apral fè ki t ap mande pou Mèt li padone l.
Li te bezwen plis padon toujou
Dènye nuit Jezi te pase sou tè a te yon nuit trèzenpòtan. Jezi te gen anpil bagay toujou pou l anseye apot li yo. Imilite se youn ladan yo. Jezi te lave pye apot li yo, li te fè sa avèk imilite. An jeneral, se sèvitè ki gen mwens enpòtans nan yon kay ki te konn fè travay sa a. Toudabò, Pyè pa t konprann aksyon Jezi t ap fè a. Se sa k fè li pa t aksepte pou Jezi lave pye l. Men apre sa, li te ensiste pou Jezi pa lave pye l sèlman, men pou l lave men l ak tèt li tou. Jezi pa t pèdi pasyans, men, avèk kalm, li te esplike yo Jan 13:1-17.
enpòtans sa l te fè a e li te ede yo konprann sans aksyon l lan. —Yon ti moman apre sa, apot yo tonbe diskite antre yo pou yo konnen kiyès ki pi gran pami yo. Siman, Pyè te patisipe nan diskisyon sa a, yon diskisyon ki te yon wont pou yo e ki te montre ògèy yo gen lakay yo. Sepandan, avèk bonte, Jezi te korije move pwennvi yo te genyen an. Li te menm felisite yo pou bon bagay yo te fè, tankou yo rete atache fidèlman ak Mèt yo a. Men, yon lòt bò, li te di yo tout t ap abandone l. Pyè te reponn, li pa t ap janm kite l menm devan lanmò. Men, Jezi te predi anvan yon kòk chante de fwa Pyè t ap renye l twa fwa nan menm nuit lan. Lè sa a, nonsèlman Pyè te kontredi sa Jezi di a, men tou li te glorifye tèt li lè l te pretann li t ap montre li pi fidèl pase tout lòt apot yo. —Matye 26:31-35; Mak 14:27-31; Lik 22:24-28.
Èske Jezi te pèdi pasyans ak Pyè? Anfèt, pandan moman difisil sa a, Jezi te kontinye ap chèche sa ki bon lakay apot li yo ki enpafè. Li te konnen Pyè t ap abandone l, ak tout sa li te di l: “Mwen fè siplikasyon pou ou, pou lafwa w pa febli. E ou menm, yonfwa w retounen, bay frè w yo fòs.” (Lik 22:32, NW). Konsa, Jezi te montre li gen konfyans Pyè t ap reprann li espirityèlman e li t ap kontinye sèvis fidèl li t ap bay Bondye a. Ala yon bèl etadespri ki montre jan Jezi gen padon lakay li!
Kèk tan apre, nan jaden Jetsemane a, Jezi t apral korije Pyè plizyè fwa. Jezi te mande Pyè ansanm ak Jak ak Jan pou yo kontinye veye pandan li menm l ap priye. Jezi te enkyè anpil e li te bezwen èd yo, men chak fwa li retounen bò kot Pyè ak lòt apot yo, li te jwenn yo ap dòmi. Jezi te demontre konpasyon pou yo e li te montre li te padone yo lè l te di pawòl sa a: “Se vre, lespri a byen dispoze, men chè a fèb.” —Mak 14:32-38, NW.
Yon ti moman apre sa, yon foul moun te rive nan zòn nan, yo te gen tòch nan men yo, yo te ame ak epe ak baton. Se te yon moman pou disip yo aji ak prekosyon e pou yo montre diskresyon. Poutan, san reflechi, Pyè te rale yon epe pou l koupe tèt Malkis, esklav gran prèt la, men se zòrèy misye li pran. Avèk kalm, Jezi te reprimande Pyè e li te esplike l yon prensip ki montre nesesite pou yo pa fè vyolans, yon prensip disip Jezi yo ap suiv jis jodi a (Matye 26:47-55; Lik 22:47-51; Jan 18:10, 11). Pyè te deja fè plizyè bagay ki te bay Mèt la anpil okazyon pou l padone l. Sitiyasyon Pyè a fè nou sonje “nou tout nou bite tanzantan”. (Jak 3:2, NW.) Kiyès nan nou ki pa bezwen pou Bondye padone l pou peche l fè chak jou? Men, nuit sa a potko prèt pou fini pou Pyè, te gen lòt evènman pi grav toujou ki t apral rive.
Pi gwo fot Pyè te fè
Jezi te rezone ak foul la, li te di yo si se li menm y ap chèche yo ta dwe kite apot li yo ale. Pyè t ap gade foul la k ap mare Jezi e li pa t ka fè anyen pou li. Apre sa, Pyè kouri ale, menm jan ak lòt apot yo.
Pandan Pyè ak Jan sou wout yo prale, yo te fè yon ti kanpe petèt bò kay Àn, ansyen gran prèt la, kote yo te mennen Jezi an premye pou yo kesyone l la. Pandan yo t ap soti ak Jezi, Pyè ak Jan t ap suiv yo, men “a yon bon distans”. (Matye 26:58, NW; Jan 18:12, 13.) Pyè pa t yon moun ki kapon. Se vre, sa te mande kouraj pou l te suiv Jezi. Foul la te ame, e Pyè te deja blese youn nan yo. Sepandan, jan nou wè Pyè aji a, li pa t demontre kalite lanmou fidèl li te deklare li t ap genyen an kote li te dispoze mouri ak Mèt li, si sa ta nesesè. —Mak 14:31.
Menm jan ak Pyè, jodi a gen anpil moun k ap chèche suiv Kris “a yon bon distans”, sa vle di yo fè sa yon fason pou moun pa remake yo. Sepandan, tankou Pyè te ekri sa kèk ane annapre, sèl fason pou yon moun suiv Kris byen, 1 Pyè 2:21.
se lè li fè tout sa l kapab pou l rete pwòch avè l otank posib, lè l imite egzanp li nan tout domèn, kèlkeswa konsekans sa ka genyen. —Pyè te kontinye suiv moun ki te arete Jezi yo avèk anpil prekosyon jis yo rive nan youn nan pi gwo kay ki gen nan Jerizalèm. Se te kay Kayif, gran prèt la, yon moun ki te rich e ki te gen anpil pouvwa. Yo te konn konstwi jan de kay sa yo toutotou yon lakou, e devan lakou a te konn gen yon pòtay pou moun antre. Lè Pyè te rive devan pòtay la, yo te refize l antre. Jan, ki te deja anndan lakou a, t al kote moun ki t ap siveye pòtay la e li mande l pou l kite Pyè antre. Men sanble Pyè pa t rete toupre Jan nan lakou a, ni li pa t chèche antre anndan kay la pou l ansanm ak Mèt li. Li te rete nan lakou a, kote kèk esklav ak kèk sèvitè gran prèt la te ye, bò yon dife, pou yo pase moman fredi nan nuit lan, kote y ap gade fo temwen yo ki an liy ki pral temwaye kont Jezi nan pwosè yo t ap fè anndan an. —Mak 14:54-57; Jan 18:15, 16, 18.
Pandan limyè dife a ap klere, fi ki te kite Pyè antre a te rive wè l pi byen. Li rekonèt li. Pou l akize Pyè, li di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, Galileyen an!” Pyè ki pa t atann yo t apral fè l yon remak konsa te di li pa konn Jezi, li te renye l. Li te menm di li pa konn de ki sa fi a ap pale. Li deplase, l al kanpe toupre pòtay la pou l te ka pase san yo pa fin wè l, men gen yon lòt fi ki te remake l. Fi a lonje dwèt sou Pyè, li menm tou li di l: “Misye sa a te avèk Jezi, Nazareyen an.” Pyè sèmante, li di: “Mwen pa konn mesye a!” (Matye 26:69-72, NW). Petèt, se apre dezyèm fwa Pyè te fin renye Jezi a, li tande yon kòk chante, men li te twò boulvèse pou l sonje sa Jezi te di l la sèlman kèk moman anvan sa.
Yon ti tan apre, Pyè te toujou ap chèche yon fason pou l pase san yo pa remake l. Men, yon gwoup moun ki nan lakou a te pwoche bò kote l. Youn nan yo te fanmi Malkis, esklav Pyè te blese a. Li di Pyè: “Se ou menm, mwen te wè avèk li nan jaden an, pa vre?” Pyè te chèche konvenk yo sa y ap di a se pa vre. Se sa k fè li te sèmante, li mande pou malè rive l si se manti l ap bay. Pandan li t ap di pawòl sa yo, se konsa yon kòk chante. Se te dezyèm fwa li te tande yon kòk chante jou swa sa a. —Jan 18:26, 27, Bib Kreyòl La; Mak 14:71, 72.
Jezi te vin parèt sou yon balkon ki bay sou lakou a. Se nan moman sa a je Jezi tonbe nan je Pyè, moman yo dekri nan kòmansman atik la. Menm lè a, Pyè te rann li kont jan fot li te fè a te grav anpil, li te desevwa Mèt li. Pyè kite lakou a, li te santi l kraze anba fot li fè a. Li soti nan lari, l ap mache pasipala nan vil la. Te gen yon plèn lin ki te byen klere. Li te santi l dekontwole, li pa t ka wè klè. Dlo t ap ponpe nan je l e li kriye règ kriye l. —Mak 14:72, NW; Lik 22:61, 62, NW.
Apre yon moun fin fè yon fot grav konsa, li fasil pou l panse li enposib pou l jwenn padon. Petèt, Pyè t ap mande tèt li èske sa pa rive nan ka pa l. Men, èske se vre?
Èske Pyè pa t merite padon?
Li difisil pou nou imajine jan Pyè t ap soufri lè solèy la te kòmanse leve e evènman pou jounen an t apral dewoule. Se pa ti repwoche Pyè dwe t ap repwoche tèt li lè Jezi te mouri nan menm aprèmidi a, apre l te fin pase yon bon tan ap soufri! Sa dwe te fè Pyè mal anpil chak fwa l sonje jan li te ajoute sou soufrans Mèt la nan jou ki te dènye jou li t ap pase sou tè a antanke òm. Se sèten, malgre Pyè te tris anpil, li pa t kite dezespwa pote l ale. Anfèt, nou kapab di sa paske, yon ti tan apre, li te reyini ak frè espirityèl li yo ankò (Lik 24:33, NW). Pa gen dout, tout apot yo te regrèt jan yo te aji a nan nuit terib sa a, e lè yo te reyini ansanm youn te rekonfòte lòt nan degre yo kapab.
Anfèt, se te youn nan pi bon desizyon Pyè te pran, lefètke li te reyini ak disip yo. Lè yon sèvitè Bondye tonbe, sa ki enpòtan se pa gravite peche a, men se detèminasyon li pran pou l leve, pou l mete bagay yo annòd lakay li (Pwovèb 24:16). Pyè te demontre li gen lafwa nan Bondye toutbonvre lè l te reyini ak frè li yo, malgre li te santi li deprime. Lè tristès anvayi yon moun oswa lè l gen remò, li ka gen tandans izole tèt li, men se yon danje si l ta aji konsa (Pwovèb 18:1). Fason saj pou l aji se rete pwòch ak kwayan parèy li epi reprann fòs li espirityèlman. —Ebre 10:24, 25.
Lefètke Pyè te reyini ak frè l yo, li te tande yon nouvèl ki te fè yo sezi anpil. Yo te fè yo konnen kò Jezi pa t nan tonm lan. Pyè ak Jan te kouri al nan tonm kote yo te mete kò Jezi a, yon tonm kote yo sele pòt la. Jan, sandout, ki te pi jèn pase Pyè, te rive anvan. Piske li te jwenn pòt tonm lan ouvè, li te ezite antre. Men Pyè pa t ezite. Malgre li te esoufle, li antre dwat nan tonm lan. Men tonm lan te vid. —Jan 20:3-9.
Èske Pyè te kwè Jezi te resisite vre? Okòmansman, li pa t kwè sa, menmsi kèk Lik 23:55–24:11). Men, nan fen jounen an, tout tristès ak tout dout Pyè te gen nan kè l yo te disparèt. Kounye a, Jezi te byen vivan, li se yon espri pisan! Li te parèt devan tout apot li yo. Men, anvan sa, Jezi te fè yon lòt bagay, yon bagay li te fè an prive. Men sa apot yo te deklare jou sa a: “Se toutbon Seyè a leve [...], e li te parèt devan Simon!” (Lik 24:34, NW). Nan menm sans lan, kèk ane apre sa, men sa apot Pòl te ekri konsènan jou estrawòdinè sa a: “[Jezi] te parèt devan Sefas, ansuit devan douz apot yo.” (1 Korentyen [1 Korent] 15:5, NW). Sefas ak Simon se de lòt non yo te bay Pyè. Lè Jezi te parèt devan Pyè jou sa a, li klè Pyè te poukont li.
medam fidèl te fè konnen gen zanj ki te parèt devan yo pou anonse yo Jezi te leve sot nan lanmò (Labib pa di anyen sou sa k te di nan reyinyon espesyal Jezi te gen ak Pyè a, tout detay yo te rete antre yo. Nou ka sèlman imajine jan Pyè te kontan lè l te wè Jezi, Seyè li a li renmen anpil la, vivan ankò, e li te gen okazyon pou l di l jan l regrèt sa l te fè a e pou l di l li te repanti. Sa Pyè te plis bezwen pase tout lòt bagay se te pou Jezi padone l. Ki moun ki ka gen dout Jezi te padone l vre e li te fè sa avèk jenewozite? Jodi a, kretyen ki tonbe nan peche yo bezwen sonje ka Pyè a. Nou pa dwe janm panse nou pa merite padon nan men Bondye. Jezi te reflete pèsonalite Papa l pafètman, li menm ki “padone lajman”. —Izayi [Ezayi] 55:7, NW.
Lòt prèv ki montre Jezi gen anpil padon lakay li
Jezi te di apot li yo pou y ale Galile kote yo t apral rankontre l ankò. Lè apot yo rive, Pyè te deside al peche nan lanmè Galile. Plizyè moun te ale ansanm avè l. Yon lòt fwa ankò, Pyè te twouve l sou lak kote li te pase yon bon pati nan vi l. Li te nan yon anviwònman kote li te santi l alèz. Bri bato a k ap krake, vag yo k ap frape bato a dousman, ak filè rèd ki nan men l, tout bagay sa yo te familye pou li. Jou swa sa a, èske Pyè te mande tèt li ki sa l pral fè ak vi l piske kounye a, ministè Jezi t ap akonpli sou tè a, fini? Èske vi senp li t ap mennen antanke pechè pwason an te atire l? Antouka, yo te pase tout nuit lan san yo pa t pran okenn pwason. —Matye 26:32; Jan 21:1-3.
Lè l te kòmanse fè jou, yon moun ki te bò lanmè a te rele byen fò pou l di yo jete filè a lòt bò bato a. Yo te koute sa moun nan te di a. Konsa, yo te pran 153 pwason. Pyè te rekonèt moun ki te pale ak yo a. Li sot nan bato a, li lage kò l nan dlo a, e li naje al bò lanmè a. Lè yo fin rive bò lanmè a, Jezi te ba yo pwason li te boukannen sou chabon dife. Ansuit, Jezi te pale ak Pyè dirèkteman.
Jezi te mande Pyè si l renmen Seyè l la “plis pase sa yo”. Li evidan Jezi te lonje men l sou pil pwason yo. Nan kè Pyè, èske te gen yon konba ant lanmou li gen pou biznis pwason an ak lanmou li gen pou Jezi? Menm jan Pyè te renye Seyè l la twa fwa, se konsa tou kounye a Jezi bay Pyè okazyon pou l eksprime lanmou li gen pou li twa fwa devan lòt frè l yo. Pandan Pyè t ap fè sa, Jezi te di l fason pou l demontre lanmou sa a: lè l bay sèvis sakre a priyorite sou tout lòt bagay, lè l nouri mouton Kris yo e lè l pran swen disip fidèl li yo. —Jan 21:4-17, Bib Kreyòl La.
Konsa, Jezi te pwouve Pyè te toujou itil ni pou li menm ni pou Papa l. Pyè t ap gen pou l
jwe yon wòl enpòtan nan kongregasyon an anba direksyon Kris. Ala yon kokenn prèv ki montre jan Jezi gen anpil padon lakay li! Se sèten, mizèrikòd Jezi te demontre a te touche Pyè, e sa te pouse l alaksyon.Pyè te akonpli asiyasyon Jezi te konfye l la fidèlman, e li te fè sa pandan plizyè ane. Li te fòtifye frè l yo, jan Jezi te òdone l fè sa lavèy jou Jezi t apral mouri a. Se ak bonte ak pasyans Pyè te pran swen disip Kris yo e li te nouri yo. Gason sa a ki rele Simon an te aji ann amoni ak non Jezi te ba li a, Pyè, oswa Wòch, lè l vin yon bèje ki serye, ki solid, yon bèje moun ka fè konfyans pou byennèt kongregasyon an. Bon enfliyans sa yo Pyè te genyen sou kongregasyon an parèt aklè nan de bèl lèt li te ekri yo, lèt ki pami lòt liv enpòtan ki nan Bib la. Anplis de sa, lèt sa yo montre Pyè pa t janm bliye leson Jezi te aprann li sou padon an. —1 Pyè 3:8, 9; 4:8.
Nou swete nou aprann menm leson an tou. Èske nou mande Bondye padon chak jou pou pil fot nou fè yo? Èske nou aksepte padon sa a e èske nou kwè nan pouvwa li genyen pou l pirifye nou? Menm jan an tou, èske nou padone moun ki nan antouraj nou? Si nou fè sa, n ap montre nou imite lafwa Pyè te genyen an e n ap imite mizèrikòd Mèt li a.
[Antrefilè nan paj 22]
Pyè te fè plizyè bagay ki te bay Mèt la anpil okazyon pou l padone l, men kiyès nan nou ki pa bezwen pou Bondye padone l pou peche l fè chak jou?
[Foto nan paj 23]
“Seyè a vire gade Pyè.”
[Foto nan paj 24]
“Seyè a [...] te parèt devan Simon!”