Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa Jezi te anseye sou Wayòm Bondye a

Sa Jezi te anseye sou Wayòm Bondye a

Sa Jezi te anseye sou Wayòm Bondye a

“Jezi pran vwayaje vil apre vil, bouk apre bouk. [...] Li t ap preche, epi li t ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a.” —LIK 8:1, BIB KREYÒL LA.

NOU renmen pale de bagay ki enpòtan pou nou, bagay nou cheri nan kè nou. Tankou Jezi li menm te di sa: “Sa ki nan kè yon moun, se sa ki sòti nan bouch li.” ​(Matye 12:34). Lè nou egzamine bagay Jezi te pale de yo pandan ministè l, nou ka rive fè konklizyon sa a: Wayòm Bondye a se yon sijè ki te gen anpil enpòtans pou li.

Ki sa Wayòm Bondye a ye? Yon wayòm se yon gouvènman ki gen yon wa k ap dirije l. Konsa, Wayòm Bondye a se yon gouvènman Bondye etabli. Jezi te pale anpil konsènan Wayòm Bondye a, li te fè sijè sa a tèm mesaj li t ap preche a. Nan kat Evanjil yo, yo fè referans ak Wayòm nan plis pase 110 fwa. Men Jezi pa t anseye ak pawòl sèlman. Aksyon l tou te fè moun konn anpil bagay sou Wayòm Bondye a ak sou sa Wayòm nan pral akonpli.

Kiyès ki Wa a? Se pa moun k al vote nan eleksyon ki chwazi moun ki pou Wa nan Wayòm Bondye a. Okontrè se Bondye li menm ki chwazi Moun ki pou dirije Wayòm li an. Nan ansèyman Jezi t ap bay, li te fè konnen se li menm Bondye chwazi pou Wa nan Wayòm nan.

Jezi te konnen pwofesi ki nan Bib la te predi Mesi Bondye te pwomèt la t ap gen pou l dirije yon Wayòm ki t ap la pou toutan (2 Samyèl 7:12-14; Dànyèl [Danyèl] 7:13, 14; Matye 26:63, 64). Sonje, Jezi te di aklè se li menm ki Mesi yo te predi a. Konsa, Jezi te fè konnen se li menm ki Wa Bondye chwazi a (Jan 4:25, 26). Li toutafè apwopriye pou Jezi itilize ekspresyon “Wayòm mwen an” plizyè fwa. —Jan 18:36, Bib Kreyòl La.

Anplis de sa, Jezi te anseye moun yo t ap gen lòt moun k ap dirije avè l nan Wayòm nan (Lik 22:28-30). Li te rele moun sa yo “ti twoupo”, paske kantite yo ye a limite. Li te di yo: “ Se te tout plezi Papa nou, pou li ban nou wayòm nan.” ​(Lik 12:32, Bib Kreyòl La). Dènye liv nan Bib la fè konnen ap gen yon total 144 000 moun k ap gen privilèj pou yo dirije ak Kris. —Revelasyon 5:9, 10; 14:1.

Ki kote Wayòm nan ye? Men sa Jezi te di Pons Pilat, dirijan women an: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” ​(Jan 18:36, NW). Wayòm Bondye a, ki gen Kris alatèt li, pap sèvi ak okenn òganizasyon lèzòm pou l dirije. Plizyè fwa, Jezi te pale de Wayòm Bondye a kòm “wayòm syèl la *”. (Matye 4:17; 5:3, 10, 19, 20, Bib Kreyòl La.) Kidonk, Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la.

Jezi te gen asirans li t ap retounen nan syèl la aprè tan li te gen pou l viv sou tè a fin pase. Se sa k fè, lè l te sou tè a, li te di li t apral “prepare yon plas” pou moun ki pral dirije ak li yo, konsa li te ouvri chemen pou yo vin jwenn li. —Jan 14:2, 3NW.

Ki sa Wayòm Bondye a reyalize? Jezi te aprann moun ki t ap koute l yo pou yo priye Bondye konsa: “Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” ​(Matye 6:9, 10, NW). Volonte Bondye deja ap fèt nan syèl la. Wayòm nan se mwayen Bondye itilize pou l akonpli objektif li gen pou tè a. Pou sa rive fèt, Wayòm nan pral pote kokenn chanjman sou tè a.

Ki sa Wayòm Bondye a pral fè pou tè a? Jezi te aprann moun yo Wayòm Bondye a pral elimine tout sa ki mal lè li detwi moun ki detèmine pou yo pratike bagay ki pa bon (Matye 25:31-34, 46). Sa vle di tout kalite koripsyon ak tout kalite mechanste pral fini. Jezi te anseye moun yo tè a pral ranpli ak moun “ki gen tanperaman dou”, moun ki jis, moun ki gen mizèrikòd, “moun kè yo pwòp” ak moun ki pasifik. —Matye 5:5-9NW.

Èske moun fidèl sa yo pral gen pou yo viv sou yon planèt ki chaje ak polisyon? Jamè! Jezi te pwomèt moun yo anba dominasyon Wayòm Bondye a gen gwo chanjman ki pral fèt sou tè a. Men sa yon mesye yo t apral touye bò kote Jezi te di l: “Jezi, sonje m lè w antre nan wayòm ou an.” Kòm repons, Jezi te di l: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avèk mwen nan Paradi a.” ​(Lik 23:42, 43, NW). Wi, Wayòm Bondye a pral transfòme tè a, li pral fè l tounen yon paradi k ap menm jan ak sa ki te egziste nan jaden Edenn nan.

Ki lòt bagay Wayòm nan pral fè pou lèzòm? Jezi te fè plis pase annik pwomèt moun yo sa Wayòm Bondye a pral fè pou yo. Li te montre yo sa Wayòm nan pral fè pou yo tou. Jezi te fè anpil mirak pou l geri moun, konsa, li te montre nan yon ti degre sa li pral akonpli nan yon gwo degre alavni, lè Wayòm li an pral dirije. Men sa youn nan moun Bondye te enspire pou ekri Evanjil yo te rapòte sou Jezi: “Li mache nan tout Galile, li t ap anseye nan sinagòg yo, li t ap preche bon nouvèl wayòm nan e li te geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te genyen.” —Matye 4:23NW.

Jezi te fè anpil gerizon, li te geri divès kalite maladi. Li te “ouvri je yon moun ki fèt tou avèg”. (Jan 9:1-7, 32, 33, Bib Kreyòl La.) Avèk dousè, Jezi te touche yon mesye ki te gen lèp, yon maladi repiyan, e li te geri mesye a (Mak 1:40-42). Lè yo te mennen “yon mesye ki soud e ki gen lang lou” bay Jezi, li te montre li ka fè “moun soud tande”, e li ka fè “bèbè pale”. —Mak 7:31-37NW.

Wa Bondye chwazi a gen pouvwa pou l resisite menm moun ki mouri. Nan twa okazyon, Bib la rapòte Jezi te rebay moun ki mouri lavi. Li te resisite sèl pitit gason yon vèv te genyen, yon ti fi ki gen 12 an e li te resisite bon zanmi l Laza. —Lik 7:11-15; 8:41-55; Jan 11:38-44.

Pou Jezi dekri bèl avni k ap tann moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a, li te sèvi ak apot Jan pou l predi bagay sa yo: “Gade! Tant Bondye a avèk lèzòm. Bondye pral abite avèk yo, e yo pral vin pèp li. E Bondye li menm ap avèk yo. L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap andèy ankò. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” ​(Revelasyon 1:1; 21:3, 4, NW). Jis imajine sa, pral gen yon monn kote moun pap kriye akoz yo nan lapèn, yon monn kote pap gen doulè e pap gen lanmò! Lè sa a, priyè nou fè kote nou mande Bondye pou volonte l fèt sou tè a menm jan l ap fèt nan syèl la pral reyalize nèt.

Ki lè Wayòm Bondye a ap vini? Jezi te anseye moman li t ap kòmanse dirije antanke wa a t ap kowenside ak yon peryòd espesyal, yon peryòd li rele “prezans” li. Jezi te bay yon pwofesi detaye ki montre ki lè prezans li antanke wa ki gen pouvwa t ap kòmanse. Se yon seri boulvès ki t ap gen toupatou sou latè ki t ap make peryòd sa a. Pami pwoblèm sa yo, t ap gen lagè, grangou, tranblemanntè, epidemi e mechanste t ap ogmante (Matye 24:3, 7-12, NW; Lik 21:10, 11). Bagay sa yo, plis anpil lòt bagay ankò Jezi te predi, te parèt aklè sitou apati 1914, ane kote Premye Gè mondyal la te eklate. Kidonk, kounye a Jezi ap dirije antanke wa. Talè konsa, moman an pral rive kote Wayòm nan ap vini e li pral pèmèt volonte Bondye fèt sou tè a *.

Ki sa vini Wayòm Bondye a ap vini an ap vle di pou ou pèsonèlman? Repons kesyon sa a depann de fason ou chwazi reyaji devan mesaj Jezi t ap preche a.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Ekspresyon “wayòm syèl la” parèt 30 fwa nan Evanjil Matye a.

^ § 17 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou fason nou fè konnen Wayòm Bondye a toupre, gade liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a, nan chapit 9 la, ki gen tit “Èske n ap viv nan ‘dènye jou yo’?”. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.