Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa Jezi te anseye sou li menm

Sa Jezi te anseye sou li menm

Sa Jezi te anseye sou li menm

“Jezi pa t gen okenn dout sou ki moun li te ye, ki kote li te soti, poukisa li te vin nan monn nou an e ki sa lavni te rezève pou li.” —OTÈ HERBERT LOCKYER.

POU nou rive aksepte mesaj Jezi t ap anseye a e pou nou rive met lafwa nan mesaj sa a, nou bezwen konnen kèk bagay sou Jezi. Ki moun Jezi te ye toutbonvre? Ki kote li te soti? Ki objektif li te gen nan lavi l? Nan Evanjil yo, sètadi nan liv Matye, Mak, Lik ak Jan, nou ka li repons Jezi te bay ak pwòp bouch li pou kesyon sa yo, menmsi nou pa t la.

Li t ap viv nan syèl la anvan li te vin sou tè a Yon lè Jezi te di: “Abraram pat ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja.” ​(Jan 8:58). Abraram te viv anviwon 2 000 an anvan Jezi te fèt sou tè a. Sepandan, Jezi te egziste anvan patriyach fidèl sa a te mache sou latè. Kidonk, ki kote Jezi t ap viv? Men repons li te bay: “Mwen desann sot nan syèl la.” —Jan 6:38.

Pitit Bondye a Jewova gen anpil pitit ki zanj. Sepandan, pami pitit sa yo Jezi pa gen parèy. Jezi te pale de tèt li kòm “sèl Pitit Bondye a”. (Jan 3:18.) Ekspresyon sa a vle di se sèl Jezi Bondye kreye dirèkteman. Bondye te sèvi ak sèl Pitit li fè a pou L kreye tout lòt bagay yo. —Kolosyen 1:16.

“Pitit Lòm nan” Jezi te sèvi ak ekspresyon sa a plis pase tout lòt ekspresyon pou l pale de tèt li (Matye 8:20, Bib Kreyòl La). Konsa, li montre li pa t yon zanj ki pran fòm moun, ni li pa t ap viv sou tè a deja sou yon fòm kèlkonk epi aprè sa li vin parèt sou fòm moun. Olye de sa, li te yon moun toutbon. Bondye te sèvi ak lespri sen l pou l transfere lavi Pitit li a t ap mennen nan syèl la sou tè a. Konsa, Bondye te fè yon jèn fi vyèj ki rele Mari vin ansent. Se sa k fè Jezi te vin fèt antanke yon imen pafè, yon moun ki san peche. —Matye 1:18; Lik 1:35; Jan 8:46.

Mesi Bondye te pwomèt la Men sa yon dam samaritèn te di Jezi: “Mwen konnen Mesi a [...] gen pou l vini.” Jezi te reponn dam nan, li di l: “Mwen menm k’ap pale avè ou la a, mwen se Kris la.” ​(Jan 4:25, 26). Mo “Mesi” a, menm jan ak mo “Kris” la, vle di “Moun Bondye wenn nan”. Se Jezi Bondye te wenn, oubyen Bondye te chwazi pou l jwe yon wòl espesyal nan akonplisman pwomès Bondye fè yo.

Prensipal misyon li te genyen Men sa Jezi te di yon lè: “Fòk mwen anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se poutèt sa, yo te voye mwen.” ​(Lik 4:43, Bib Kreyòl La). Malgre li te fè anpil bon bagay pou moun ki te nan nesesite, aktivite ki te okipe premye plas nan lavi l se preche bon nouvèl Wayòm nan. Pi devan, nou pral pale sou sa li te anseye sou Wayòm nan.

Li klè, Jezi pa t yon moun òdinè *. Jan nou pral wè sa, lavi li t ap mennen nan syèl la bay plis sans ak pawòl li te di lè l te sou tè a. Èske nou ta dwe sezi lefètke mesaj li t ap preche a t apral gen efè sou lavi plizyè milyon moun nan lemonnantye?

[Nòt anba paj]

^ § 9 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou Jezi ak sou wòl li jwe nan objektif Bondye, gade chapit 4, nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.