Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se verite oubyen se pa verite? Laverite sou Jezi

Se verite oubyen se pa verite? Laverite sou Jezi

Se verite oubyen se pa verite? Laverite sou Jezi

KI SA W PANSE? ÈSKE PAWÒL KI VIN APRE YO SE VERITE OUBYEN SE PA VERITE?

Jezi te fèt 25 desanm.

Twa mesye save yo te vizite Jezi lè l te fèk fèt.

Jezi se sèl pitit Mari te genyen.

Jezi se Bondye ki te vin sou fòm moun.

Jezi te plis pase yon senp bon moun.

ANPIL moun ta ka di tout pawòl sa yo se verite. Gen lòt moun ki ka di li difisil pou moun konnen sa k verite toutbonvre, e sa ka menm enposib. Petèt yo panse depi yo kwè nan Jezi li pa vrèman enpòtan pou y ap chèche jwenn repons pou kesyon sa yo.

Sepandan, sa Bib la di sou sijè a diferan. Bib la ankouraje nou pou nou gen “konesans egzak [sou] Jezi Kris, Seyè nou nan”. (2 Pyè 1:8, NW.) Nou ka vin gen konesans sa a lè nou egzamine Evanjil yo. Yo di nou laverite sou Jezi, e sa pèmèt nou fè diferans ant sa ki pa verite ak sa ki verite. Donk, ann egzamine sa Evanjil yo aprann nou sou kwayans yo mansyone pi wo a.

SA ANPIL MOUN KWÈ: Jezi te fèt 25 desanm.

AN REYALITE: SE PA VERITE.

Bib la pa bay okenn enfòmasyon byen presi ni sou mwa Jezi te fèt ni sou jou li te fèt. Men, ki kote dat 25 desanm lan soti? Dapre sa yon ansiklopedi rapòte, se kèk moun ki te deklare tèt yo kretyen ki te “vle pou dat la koresponn ak yon fèt payen Women yo te konn fè pou yo selebre [...] jou sòltis ivè a, moman kote jou yo kòmanse vin pi long e solèy la monte pi wo nan syèl la”. Menm ansiklopedi sa a fè konnen anpil nan koutim Nwèl yo soti nan tradisyon kote payen yo te konn adore “dye agrikilti ak dye solèy nan mitan sezon ivè a”. (The Encyclopædia Britannica.)

Èske Jezi t ap dakò pou yo selebre anivèsè nesans li 25 desanm? Fè yon ti reflechi: Pa gen moun ki konnen dat Jezi te fèt. Pa gen okenn kote nan Bib la yo ankouraje nou fete nesans Jezi, ni pa gen okenn prèv ki montre premye kretyen yo te konn fè sa. Tandiske, Bib la fè konnen dat egzak Jezi te mouri, e Jezi te bay disip li yo lòd pou yo selebre jou sa a * (Lik 22:19). Li klè, se pa sou jou Jezi te fèt la li te vle mete aksan, men li te vle atire atansyon sou lanmò l, sou valè sakrifis li t apral bay la te genyen. —Matye 20:28.

SA ANPIL MOUN KWÈ: Twa mesye save yo (oubyen wa maj yo selon kèk tradisyon) te vizite Jezi lè l te fèk fèt.

AN REYALITE: SE PA VERITE.

Petèt ou konn wè tablo oswa sèn ki baze sou Bib la kote yo montre Jezi kouche nan yon manjwa lè l te tibebe, e te gen twa mesye saj ki kanpe toutotou li e yo pote kado pou li. Sepandan, imaj sa a se lejann, li pa verite.

Se vre, te gen yon delegasyon ki te soti nan lès ki te vin rann Jezi omaj lè l te timoun. Men, an reyalite se astwològ, oubyen “nèg save ki konn etidye zetwal”, vizitè sa yo te ye (Matye 2:1). Men, èske yo te jwenn Jezi byen vlope nan yon manjwa? Non, mesye yo te vizite Jezi nan yon kay. Sanble, yo te rive plizyè mwa apre Jezi te fin fèt. —Matye 2:9-11.

Men, ki kantite vizitè sa yo te ye? Èske se te 2? 3? oubyen 30? Bib la pa di anyen sou sa. Petèt chif twa a moun yo kenbe selon tradisyon an te vin egziste paske se twa kalite kado moun yo te pote * (Matye 2:11). Gen kèk moun ki pretann chak mesye saj yo te reprezante yon ras diferan nan limanite. Men, ide sa a pa soti nan Bib la. Gen yon liv ki fè kòmantè sou Evanjil yo ki fè remake se “yon istoryen ki gen yon imajinasyon fètil ki t ap viv nan 8yèm syèk la” ki te vin ak lejann sa a.

SA ANPIL MOUN KWÈ: Jezi se sèl pitit Mari te genyen.

AN REYALITE: SE PA VERITE.

Evanjil yo montre aklè Jezi te gen frè ak sè. Evanjil Lik la pale de Jezi antanke “premye pitit” Mari, sa vle di Mari te fè lòt pitit apre Jezi * (Lik 2:7). Selon sa Evanjil Mak la rapòte, pou kèk moun nan vil Nazarèt ki te konpare Jezi ak frè l ak sè l yo, Jezi pa t gen anyen espesyal lakay li. Yo te mande: “Èske se pa [...] frè Jak, Jozèf, Jida ak Simon an? Èske sè l yo pa isit la avèk nou?” —Mak 6:3, NW; Matye 12:46; Jan 7:5.

Malgre sa Evanjil yo di, gen anpil teyolojyen ki toujou kwè Jezi se sèl pitit Mari te genyen. Kèk ladan yo panse frè ak sè sa yo yo pale nan Bib la, anfèt se kouzen ak kouzin Jezi yo te ye *. Gen lòt moun ki panse frè ak sè sa yo yo di Jezi te genyen yo se bèlmè yo Mari te ye. Men, ann fè yon ti reflechi: Si Jezi se sèl pitit Mari te genyen, èske moun Nazarèt yo te ka di pawòl yo te di a? Okontrè, gen ladan yo ki te wè ak pwòp je yo lè Mari te ansent lòt timoun yo. Yo te konn sa byen, Jezi te youn pami plizyè pitit Mari te fè yo.

SA ANPIL MOUN KWÈ: Jezi se Bondye ki te vin sou fòm moun.

AN REYALITE: SE PA VERITE.

Kwayans moun yo genyen kote yo panse Jezi se Bondye ki te vin viv sou tè a sou fòm moun, se pwen santral doktrin Trinite a. Se yon doktrin ki la lontan men ki pa t egziste nan epòk Jezi t ap viv sou tè a. Okontrè, men sa yon ansiklopedi di: “Ni mo Trinite a ni ide ki nan doktrin nan pa parèt nan Nouvo Testaman an [...]. Doktrin nan te devlope ti kras pa ti kras pandan plizyè syèk e te gen anpil deba ki fèt sou li.” ​(The Encyclopædia Britannica).

Lè relijyon yo anseye Jezi se Bondye ki vin nan lachè *, an reyalite yo rabese Jezi. Kòman sa? Ann pran yon egzanp. Gen kèk anplwaye ki mande sipèvizè yo yon bagay, men li di yo li pa gen otorite pou l ba yo sa yo mande a. Si sa l di a se vre, sipèvizè a montre li gen sajès, li montre li konsyan li gen limit. Si sa l di a pa vre, si l ka bay anplwaye yo sa yo mande a men li annik chwazi pa ba yo l, se twonpe li twonpe yo.

Bon, ki sa Jezi te reponn lè de nan apot li yo te mande pou l ba yo yon gwo pozisyon nan Wayòm nan? Men sa li te di yo: “Kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m rezève yo pou moun li vle.” ​(Matye 20:23). Si se Jezi ki te Bondye toutbonvre, èske se pa yon manti li t ap bay la a? Men, lefètke Jezi te kite desizyon sa a nan men Bondye ki gen pi gwo otorite pase l, Jezi bay yon bèl egzanp nan domèn modesti, e li montre li pa egal ak Bondye.

SA ANPIL MOUN KWÈ: Jezi te plis pase yon senp bon moun.

AN REYALITE: SE VERITE.

Jezi te di aklè li plis pase yon senp bon moun. Li di: “Mwen se Pitit Bondye.” ​(Jan 10:36, Bib Kreyòl La). Se vre, nenpòt moun ka pretann li se pitit Bondye. Men, si sa Jezi te di a pa t vrè, ki sa li t ap montre li ye? Anfèt, li pa t ap yon bon moun, men li t ap yon gwo blofè!

Se Bondye li menm ki bay prèv moun pi ka fè konfyans lan. Anpalan de Jezi, men sa L te di an de fwa: “Sa se pitit mwen.” ​(Matye 3:17; 17:5). Imajine sa: Bib la rapòte kèk okazyon sèlman kote moun sou tè a te tande vwa Bondye, poutan nan de nan okazyon sa yo Bondye te konfime Jezi se pitit Li! Sa se pi gwo prèv ki montre moun Jezi te di l ye a se sa l te ye vre.

Èske atik sa a aprann ou kèk verite sou Jezi ou pa t konnen deja? Si repons lan se wi, poukisa ou pa egzamine Evanjil yo, liv Bondye enspire sa yo, plis toujou? Non sèlman yon etid konsa ap agreyab pou ou, men l ap pwofitab pou ou tou. Aprè tou, Jezi li menm te di lè yon moun aprann laverite sou li menm ak Papa l, l ap jwenn “lavi etènèl”. —Jan 17:3, Bib Kreyòl La.

[Nòt anba paj]

^ § 13 Selon kalandriye juif la, Jezi te mouri yon jou Pak oubyen yon 14 Nizan. —Matye 26:2.

^ § 18 Selon sa liv Matye a rapòte, etranje yo te “ouvè kòf trezò yo” e yo te pote lò, lansan, ak lami pou Jezi. Yon bagay ki enteresan, sèke fanmi Jezi te resevwa kado chè sa yo nan yon bon moman. Sitou li klè fanmi an, ki pa t gen gwo mwayen, t apral oblije kouri pati e yo t apral vin tounen refijye yon ti tan apre. —Matye 2:11-15, Bib Kreyòl La.

^ § 21 Se vre, fason Jezi te fèt la te yon mirak. Men lòt pitit Mari te genyen yo li te fè yo fason natirèl la, sa vle di li te gen relasyon ak Jozèf, mari l, pou l te fè yo. —Matye 1:25.

^ § 22 Se Jewòm ki te vin ak kwayans sa a bò ane 383 epòk nou an, e kwayans sa a te vin popilè pami moun ki kwè Mari te rete vyèj pandan tout vi l. Kèk tanp apre, Jewòm te vin gen dout sou teyori l la, men nan espri anpil moun kwayans sa a toujou la e se pozisyon ofisyèl Legliz katolik.

^ § 26 Si ou ta renmen jwenn plis detay sou doktrin Trinite a, gade bwochi Doit-on croire à la Trinité? Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

[Kare/Foto nan paj 14]

Kèk lòt verite ou ka sezi aprann

Ki jan de moun Jezi te ye? Èske li te yon moun ki tèlman sevè, ki tèlman gen kè di, ki tèlman frèt ak moun, opwen pou l pa t ka pran pa ak moun ki nan pèp la? Gen kèk moun ki ta reponn wi pou kesyon sa yo. Petèt se pou rezon sa a yo ka sezi aprann Jezi...

• te patisipe nan kèk aktivite sosyal ki bay kè kontan. —Jan 2:1-11.

• te konn felisite moun. —Mak 14:6-9.

• te renmen pase tan ak timoun. —Mak 10:13, 14.

• te kriye devan moun. —Jan 11:35.

• te gen konpasyon pou moun. —Mak 1:40, 41.