Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anseye pitit ou

Jezi te aprann obeyisans

Jezi te aprann obeyisans

ÈSKE W twouve pafwa li difisil pou w obeyi?— * Li pa etonan si pafwa ou twouve sa difisil. Gende fwa, tout moun ka twouve li difisil pou yo obeyi. Jezi li menm tou te aprann obeyisans. Èske w te konn sa?—

Timoun, èske nou tout konnen kiyès nou dwe obeyi?— Wi, se papa nou ak manman nou. Men sa Bib la di: “Nou menm timoun yo, se pou nou obeyi paran nou, nan Senyè a.” ​(Efezyen 6:1, Bib Kreyòl La). Kiyès ki papa Jezi?— Se Jewova Dye, e Li se Papa nou tou (Matye 6:9, 10). Men, si w di se Jozèf ki papa Jezi e se Mari ki manman l, ou byen reponn tou. Èske w konnen ki jan yo te fè vin paran Jezi?—

Zanj Gabriyèl te di Mari ki jan li t ap fè vin yon manman malgre li pa t gen relasyon seksyèl ak yon gason. Se yon gwo mirak Jewova te fè pou l fè sa vin posib. Men sa Gabriyèl te esplike Mari: “Pisans Sila ki Souvren an ap kouvri ou anba lonbraj li. E, sila ki va fèt la, y ap rele li: Sen, Pitit Bondye a.” —Lik 1:30-35, Bib Kreyòl La.

Bondye te pran lavi Pitit li a ki te nan syèl la e li transfere l nan vant Mari. Konsa, vi sa a te devlope menm jan tibebe yo devlope nan vant manman yo. Rive sou nèf mwa, Jezi te fèt. Nan espas tan sa a, Jozèf te marye ak Mari, e pifò moun te kwè se Jozèf ki vrè papa Jezi. An reyalite, Jozèf te papa adoptif Jezi. Se poutèt sa, nan yon sans, nou ka di Jezi gen de papa.

Lè Jezi te gen 12 an, li te fè yon bagay ki montre jis nan ki pwen li renmen Jewova, Papa l ki nan syèl la. Nan epòk sa a, selon abitid fanmi Jezi, yo te fè yon vwayaj byen long pou y al Jerizalèm pou fèt Pak la. Apre sa, lè Jozèf ak Mari te sou wout pou yo retounen Nazarèt, yo te remake Jezi pa t avèk yo. Petèt ou mande tèt ou ki jan yo fè bliye l Jerizalèm?—

Ebyen, Jozèf ak Mari te gen lòt pitit (Matye 13:55, 56). Li posib tou yo te gen fanmi ki t ap vwayaje ansanm ak yo, tankou Jak ak Jan ansanm ak papa yo Zebede, ak manman yo Salome ki kapab te sè ak Mari. Pou rezon sa a, Mari te ka panse Jezi te avèk lòt fanmi l yo ki nan gwoup la. —Matye 27:56; Mak 15:40; Jan 19:25.

Lè Jozèf ak Mari te vin rann yo kont Jezi pa t avèk yo, yo te kouri tounen Jerizalèm. Yo te fou ap chèche pitit yo a. Se sou twazyèm jou a yo te jwenn Jezi nan tanp lan. Mari di l: “Pouki w fè nou sa? Gade! Se ak kè-kase papa w avè m ap chèche ou.” Men, Jezi reponn: “Pouki nou t ap chèche m nan? Èske nou pa konnen fòk mwen okipe afè Papa mwen?” —Lik 2:45-50, Bib Kreyòl La.

Poukisa w panse se nan tanp lan Jozèf ak Mari te dwe al chèche Jezi an premye?

Èske w panse Jezi te mal reponn manman l?— Bon, paran l yo te konnen li renmen adore Bondye nan kay Li a (Sòm 122:1). Èske Jezi pa t gen rezon pou l panse tanp Bondye a se premye kote pou paran l yo te vin chèche l?— Apre sa, Mari te kontinye ap reflechi sou sa Jezi te di a.

Ki atitid Jezi te genyen anvè Jozèf ak Mari?— Bib la di: “[Jezi] desann avèk yo al Nazarèt. Li te toujou obeyi yo.” ​(Se nou ki mete mo yo ann italik; Lik 2:51, 52, Bib Kreyòl La). Ki sa nou ka aprann nan egzanp Jezi a?— Wi, nou bezwen montre nou obeyisan anvè paran nou tou.

Poutan, li pa t toujou fasil pou Jezi te obeyi, menm pou l obeyi Papa l ki nan syèl la.

Nan lannuit Jezi t apral mouri a, li te mande Jewova si L pa t ka chanje lide konsènan sa Li vle l fè a (Lik 22:42). Sepandan, Jezi te obeyi Bondye menm lè sa pa t fasil. Bib la di: “Li te aprann obeyisans nan sa l te soufri yo.” ​(Ebre 5:8, Bib Kreyòl La). Èske w panse nou menm tou nou kapab aprann leson l te bay la?—

^ § 3 Si n ap li atik sa a ak yon timoun, tirè a se yon siy k ap fè nou sonje pou nou fè yon poz, e pou nou ankouraje l di sa l panse.