Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason nou ka suiv Kris

Fason nou ka suiv Kris

Sa Jezi aprann nou

Fason nou ka suiv Kris

Lè moun yo te konn montre yo gen lafwa nan Jezi, souvan li te konn di yo: “Vin suiv mwen.” ​(Matye 9:9, NW; 19:21). Ki sa sa mande pou yon moun suiv Jezi, oubyen pou l vin yon kretyen? Annou egzamine repons twa kesyon enpòtan ki vin apre yo.

Ki fason ou dwe boule ak lòt moun?

▪ Yon bon disip Jezi dwe suiv konsèy Jezi bay sou fason li dwe boule ak lòt moun. Pa egzanp, Jezi te di: “Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l pou yo.” E si yon moun blese santiman w? Jezi te di: “Si yon moun pote plent pou ou nan tribinal, prese mete ou dakò avè l.” Li te di disip li yo tou: “Si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p’ap padonnen peche nou yo nonplis.”—Matye 5:25; 6:15; 7:12.

Men konsèy Jezi te bay moun ki marye yo: “Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè. Mwen menm, men sa m’ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” Yon vrè kretyen dwe kite ansèyman Jezi yo aji sou lespri l ak sou kè l.—Matye 5:27, 28.

Vrè Kretyen yo sakrifye konfò yo pou yo ede lòt moun. Jezi te gen lespri sakrifis. Pa egzanp, pandan yo t ap fè yon vwayaj byen long pou y al preche, Jezi ak apot li yo te fatige anpil e yo pa t menm gen tan pou yo manje. Se konsa Jezi pran yon ti kannòt avèk yo pou y al pran yon ti repo yon kote ki pa t gen moun. Men, moun yo te tande ki kote li t aprale e yo kouri pran devan Jezi. Gade sa istwa a rakonte: “Lè Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.” ​(Mak 6:30-34). Ou kapab imite Jezi lè w fè sa Bondye mande w, menmsi ou ta jwenn difikilte.

Poukisa ou dwe preche bon nouvèl la?

▪ Jezi te anseye disip li yo pou yo preche bon nouvèl la. Men sa li te di apot li yo: “Pandan nou prale, preche, di: ‘Wayòm syèl la pre rive.’” ​(Matye 10:7, Bib Kreyòl La). Disip Jezi yo gen yon mesaj ki gen anpil valè. Jezi te priye konsa: “Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an.” —Jan 17:3.

Jezi te predi yon travay plizyè milyon moun t apral patisipe ladan l. Li te di: “Bon nouvèl wayòm sa a ap preche nan lemonn antye pou li sèvi kòm temwayaj bay tout nasyon.” ​(Matye 24:14, Bib Kreyòl La). Si w te deja aprann kèk bagay konsènan Wayòm Bondye a e w gen konfyans nan sa Labib anseye sou li, sandout, se ap yon vrè plezi pou w pataje sa w aprann yo ak lòt moun. Anpil nan disip Jezi yo te kòmanse pale sou sa yo te aprann konsènan Wayòm Bondye a ak manm fanmi yo.—Jan 1:40, 41.

Poukisa ou dwe batize?

▪ Lè yo te batize Jezi nan rivyè Jouden an, li posib pou se nan moman sa a li te fè priyè sa a: “Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou.” ​(Ebre 10:7). Si w vle fè volonte Bondye, ou menm tou, ou dwe batize. Jezi te bay lòd sa a: “Fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo.”—Matye 28:19.

Ki responsablite e ki avantaj ki genyen lè yon moun batize? Disip Jezi ki batize yo ap sèvi Bondye ak tout nanm yo. Jezi te site sa Lalwa Bondye a te di: “Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou.” ​(Matye 22:37). Men sa l te di ankò: “Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li.” ​(Matye 16:24, NW). Lè yon moun batize, li montre li pran desizyon pou li nye tèt li e li chwazi Bondye kòm Mèt li pito. Moun ki nan yon relasyon espesyal konsa ak Bondye kapab priye l pou yo mande l yon bon konsyans.—1 Pyè 3:21.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 18 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova ki pibliye l.