Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kote Bondye te ye?

Kote Bondye te ye?

Kote Bondye te ye?

11 septanm 2001: A 8:46 a.m., gen yon avyon ki te frape youn nan bilding World Trade Center yo, ki nan Nouyòk, ak tout fòs li. Aksyon sa a se te premye nan yon seri atak teworis ki t apral fèt. Pandan 102 minit ki te pase apre yo, gen apeprè 3 000 moun ki te mouri.

26 desanm 2004

Gen yon tranblemanntè ki te fèt nan Oseyan endyen ki te mezire 9.0. Li te lakòz yon seri gwo vag lanmè touye anpil moun lè yo te frape 11 peyi, san wete Afrik, ki a anviwon 5 000 kilomèt parapò ak kote l te fèt la. Nan yon jou sèlman, te gen 150 000 moun ki te mouri oswa ki te disparèt, e te gen plis pase yon milyon moun ki pa t gen kay pou yo rete.

1ye out 2009: Gen yon mesye ki gen 42 an ki te sou yon djètski (yon ti veyikil ki gen yon motè ki fèt pou kouri trè rapid sou dlo) avèk pitit gason l ki gen 5 an, e yo toule de t al kraze nan yon waf an bwa. Papa a te mouri menm kote a. Pitit la pa t mouri menm kote a, men li te mouri nan demen. Yon fanmi yo ki te tou tris te di: “Nou te espere yon mirak t ap fèt pou l [tigason an] pa mouri.”

Lè w li nouvèl sou zak teworis oswa sou katastwòf natirèl, oubyen lè yon malè rive w, èske w konn mande tèt ou si Bondye wè sa k ap pase yo? Èske w konn mande tèt ou si l lage nou? Jan nou pral wè sa, Labib bay yon repons ki ka rekonfòte nou.

[Liy kredi pou foto nan paj 3]

© Dieter Telemans/Panos Pictures

PRAKASH SINGH/AFP/Getty Images

© Dieter Telemans/Panos Pictures