Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li te ouvri kè l bay Bondye nan lapriyè

Li te ouvri kè l bay Bondye nan lapriyè

Annou imite lafwa yo

Li te ouvri kè l bay Bondye nan lapriyè

ANA te okipe nan prepare pou vwayaj la, li t ap eseye pa panse sou pwoblèm li. Sa te sipoze yon moman ki bay kè kontan; Èlkana, mari l, gen abitid vwayaje chak ane ak tout fanmi an pou y al adore Jewova nan tabènak la nan Chilo. Jewova te vle pou okazyon sa yo se okazyon ki bay lajwa (Detewonòm 16:15). E sanble Ana te kontan al nan fèt sa yo lè l te timoun. Men, sa fè kèk ane depi bagay yo chanje.

Li te jwenn yon benediksyon paske l te jwenn yon mari ki te renmen l. Sepandan, Èlkana te gen yon lòt madanm. Li te rele Penina, e sanble li te vle rann Ana lavi enposib. Penina te jwenn yon jan pou l fè Ana soufri anpil menm pandan okazyon sa yo ki te genyen chak ane. Ki jan l te fè sa? Men, yon lòt kesyon ki pi enpòtan se ki jan lafwa Ana te gen nan Jewova te ede l fè fas ak sitiyasyon sa a, yon sitiyasyon ki te souvan parèt enposib pou l andire? Si w santi yon pwoblèm soti pou l fè w pèdi lajwa w nan lavi a, istwa Ana a se yon istwa ki kapab vrèman touche w.

“Poukisa ou kagou konsa?”

Labib montre Ana te gen de gwo pwoblèm. Li pa t gen anpil kontwòl sou premye pwoblèm nan e li pa t gen kontwòl ditou sou dezyèm nan. Toudabò, mari Ana te vin gen yon lòt madanm, e lòt madanm nan te rayi Ana. Ansuit, li pa t ka fè pitit. Se yon sitiyasyon ki difisil pou yon madanm ki ta renmen fè timoun. Nan epòk Ana a e nan kilti pa l la, se te yon bagay ki te kapab bay yon fi gwo pwoblèm. Chak fanmi te konte sou desandans yo pou non fanmi an kontinye. Lè yon madanm pa t ka fè pitit, sanble sa te fè yo pale l mal anpil e se te yon gwo wont pou li.

Petèt Ana te ka andire sitiyasyon l lan avèk kouraj si Penina pa t ap ba l pwoblèm. Poligami, sètadi lè yon mari gen plizyè madanm, pa t janm yon bon sitiyasyon. Toujou gen pwoblèm jalouzi, chirepit ak pwoblèm afektif. Pratik sa a pa konfòm ditou ak modèl Bondye te bay nan jaden Edenn nan, kote l te marye yon gason ak yon fi, sa ki rele monogami * (Jenèz 2:24). Labib pa prezante poligami kòm yon bon bagay; e istwa fanmi Èlkana a montre sa byen klè.

An reyalite, se Ana Èlkana te plis renmen. Selon tradisyon Juif yo, li te marye ak Ana anvan, e Penina te vin madanm li kèk ane apre. Kit sa yo di a vre, kit li pa vre, Penina, ki te jalou Ana anpil, te fè l soufri. Pi gwo avantaj Penina te gen sou Ana, sèke li menm li te ka fè pitit. Li te fè pitit youn apre lòt e tank li t ap gen plis pitit, se tank li te santi l pi enpòtan. Olye sa te fè l mal pou Ana e olye li te rekonfòte l nan moman dekourajman l lan, li te jwe sou sitiyasyon an. Labib di Penina te fè Ana fache anpil nan objektif “pou l te dekouraje l”. (1 Samyèl 1:6, NW.) Penina te fè aksyon l yo pa espre. Li te vle blese santiman Ana, e li te rive fè sa.

Sanble pi bon okazyon Penina te itilize pou l blese santiman Ana, se nan moman yo t ap vwayaje pou y al Chilo a. Èlkana te bay chak pitit nan pil pitit Penina yo, sètadi “chak pitit fi ak pitit gason” l yo, kèk pòsyon nan sakrifis li te ofri Jewova yo. Men, li te bay Ana, ki pa t gen pitit, yon sèl pòsyon. Konsa, Penina te tèlman fè Ana santi li sou tèt li e li te tèlman fè l sonje li pa gen pitit, sa te fè malerèz la, ki te nan sitiyasyon tris sa a, pran kriye e li te pèdi apeti. Èlkana te remake aklè Ana, madanm li renmen anpil la, te gen pwoblèm e li pa t manje, e li te chèche konsole l. Li te mande l: “Poukisa w’ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m, se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason.” —1 Samyèl 1:4-8.

Èlkana te konprann poukont li pwoblèm Ana a te gen rapò ak pitit li pa t ka fè a. E sandout Ana te apresye lefètke li te asire l li renmen l *. Men, Èlkana pa t mansyone mechanste Penina t ap fè yo, ni istwa a pa lese nou konprann Ana te pale sou sa avè l. Petèt Ana te konnen si l te pale sou sa, sa t ap fè sitiyasyon l lan vin pi grav. Èske Èlkana te ka chanje bagay yo vre? Èske Penina pa t ap vin aji pi mal ak Ana, e èske pitit li ak sèvant li yo pa t ap vin rayi Ana plis toujou? Ofiramezi tan ap pase, Ana t ap vin santi pi plis chak jou yo pa gade l pou anyen nan kay la.

Kit Èlkana te konnen jis nan ki pwen Penina te mechan avèk Ana, kit li pa t konn sa, Jewova Dye li menm te wè tout bagay. Pawòl li a fè nou konprann tout sitiyasyon an, konsa li bay yon gwo avètisman pou nenpòt moun k ap fè yon seri aksyon ki demontre li jalou yon lòt moun e li rayi l. Yon lòt bò, menm jan ak Ana, moun ki inosan ak moun ki pezib yo kapab jwenn rekonfò piske yo konnen Bondye jistis la ap regle tout bagay nan lè ak nan fason li chwazi fè sa (Detewonòm 32:4). Petèt Ana te konn sa byen, paske se kote Jewova li t ale pou l jwenn èd.

“Li pa t menm moun lan ankò”

Nan premye moman yo, kay la te chaje ak aktivite. Tout moun, menm timoun yo, t ap prepare yo pou vwayaj la. Pou yon gwo fanmi konsa te soti Efrayim, yon zòn ki chaje mòn, pou l al Chilo, yo t ap mache plis pase 30 km *. Apye, vwayaj sa a te ka pran youn oswa de jou. Ana te gentan konnen ki jan lòt fi a t apral aji. Aktout sa, li pa t rete lakay li. Nan sans sa a, li kite yon bèl egzanp pou sèvitè Jewova yo nan epòk n ap viv la. Li pa saj ditou pou nou kite move konduit lòt moun genyen fè nou sispann adore Bondye. Si nou ta fè sa, nou t ap pèdi benediksyon Bondye yo ki ban nou fòs pou nou andire eprèv nou jwenn.

Apre tout fanmi an fin fè vwayaj long sa a nan yon wout ki plen ak koub ak mòn, finalman yo prèske rive Chilo. Chilo chita sou yon ti mòn ki antoure ak lòt ti mòn ki pi wo pase l. Tank y ap pwoche, sanble Ana t ap panse anpil sou sa l pral di Jewova nan priyè li pral fè a. Yonfwa yo rive, fanmi an pran yon repa. Ana kite yo kou sa posib e l al nan tabènak Jewova a. Gran prèt la, Eli, te la e li te chita toupre montan pòt tanp lan. Men, Ana te konsantre sou priyè li t ap fè Bondye a. Lè l al nan tabènak la, li te gen konfyans Bondye ap koute l. Si lòt moun pa t ka konprann totalman sitiyasyon tètchaje li te ladan l lan, Papa l ki nan syèl la te kapab konprann li. Tristès te anvayi l e li te pran kriye.

Tout kò Ana te pran tranble tèlman li t ap kriye, e li t ap pale nan kè l ak Jewova. Tank li t ap chèche pawòl nan lespri li pou l eksprime doulè li te santi a, bouch li t ap tranble. E li te fè yon bon tan ap priye kote li te di Papa l ki nan syèl la tout sa ki te nan kè l. Sepandan, li te fè plis pase mande Jewova reponn demann li te fè l avèk tristès pou l ba l pitit. Ana pa t vle resevwa benediksyon sèlman nan men Bondye, men ak tout kè li, li te vle ba li sa l te kapab tou. Se sa k fè li te fè Jewova yon pwomès, li te di l si l ba l yon pitit gason, l ap ba l pitit sa a pou l fè sèvis li pandan tout lavi l. —1 Samyèl 1:9-11.

Kidonk, Ana kite yon egzanp pou tout sèvitè Bondye nan kesyon lapriyè. Jewova envite sèvitè l yo avèk bonte pou yo pale avè l ak tout kè yo, san ezite, pou yo di l pwoblèm yo menm jan yon timoun ki gen konfyans nan papa l ki renmen l t ap fè sa (Sòm 62:8; 1 Tesalonisyen 5:17). Anrapò ak priye Jewova, men pawòl rekonfòtan apot Pyè te ekri sou enspirasyon: “Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l’ap pran swen nou.” —1 Pyè 5:7.

Sepandan, lèzòm pa gen kapasite Jewova genyen pou l konprann moun e pou l mete l nan plas yo. Pandan Ana ap kriye e l ap priye, li tande yon vwa ki fè l pantan. Se te vwa Eli, gran prèt la, ki t ap obsève l. Li di l: “Kilè w’a sispann bwè jouk pou ou sou konsa? Soti al desoule ou yon lòt kote!” Eli te remake jan bouch Ana t ap tranble, jan l t ap kriye ak jan l t ap eksprime santiman l. Olye li mande l ki pwoblèm li genyen, li panse tousuit se sou li te sou. —1 Samyèl 1:12-14.

Se pa ti mal sa te fè Ana mal, nan moman soufrans sa a, pou l oblije fè fas ak yon akizasyon konsa ki pa chita sou anyen, e anplis ki soti nan bouch yon moun ki nan yon pozisyon espesyal! Sepandan, la ankò, li kite yon bèl egzanp nan domèn lafwa pou nou. Li pa t kite enpèfeksyon yon moun fè l sispann adore Jewova. Li te reponn Eli avèk respè e li te esplike l sitiyasyon an. Lè Eli te reyalize li pa t gen rezon pale konsa, men sa li te reponn li, petèt avèk yon ton vwa ki pi dous: “Ale ak kè poze. Mwen mande Bondye pèp Izrayèl la pou l ba ou sa ou mande l la.” —1 Samyèl 1:15-17.

Ki efè sa te gen sou Ana lefètke li te ouvri kè l pou l pale ak Jewova e li te adore l nan tabènak la? Men sa istwa a di: “Li leve, l’al fè wout li. Li manje. Depi lè sa a, li pa t menm moun lan ankò.” ​(1 Samyèl 1:18). Men sa nou li nan Traduction du monde nouveau nan vèsè sa a: “Figi l vin pa enkyè ankò.” Ana te santi l soulaje. Nan yon sans, li te lage chay li a sou do Papa l ki nan syèl la ki pi laj lontan pase do pa l (Sòm 55:22). Èske gen yon chay ki twò lou pou Papa nou ki nan syèl la? Non. Pa t genyen lontan, pa genyen kounye a e pap janm genyen!

Lè nou santi chay yo twò lou pou nou, nou santi yo depase nou oswa nou santi tristès anvayi nou, nou bezwen suiv egzanp Ana e nou bezwen pale ak tout kè nou avèk Sila Labib di ki “tande lè y’ap lapriyè” l la (Sòm 65:2). Si nou fè sa avèk lafwa, nou menm tou, nou pap santi nou tris ankò paske “Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann”. —Filipyen 4:6, 7.

“Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an”

Nan demen maten, Ana retounen nan tabènak la avèk Èlkana. Sandout, li te pale l de demann ak pwomès li te fè a, paske Lalwa Moyiz te di yon mari gen dwa anile yon ve madanm li fè si l pa ta dakò (Nonb 30:10-15). Men, Èlkana, ki te gen lafwa, pa t fè sa. Olye de sa, li menm ak Ana te adore Jewova ansanm nan tabènak la anvan yo te repran wout pou yo retounen lakay yo.

Ki lè Penina te vin konprann li pa kapab fè Ana fache ankò? Istwa a pa di ki lè. Men, ekspresyon “li pa t menm moun lan ankò” a fè nou konprann li te vin gen kè kontan e li pa t bay tèt li pwoblèm ankò apre sa. Petèt Penina te wè tousuit mechanste li t ap fè yo pa t gen efè sou Ana ankò. Labib pa janm mansyone non Penina ankò.

Tank mwa yo t ap pase, Ana te vin gen kè poze, e sa te ba l anpil anpil satisfaksyon. Li te vin ansent! Lajwa l te genyen te fè l pa janm bliye, menm pandan yon ti moman, kote benediksyon sa a te soti. Lè tigason an te fèt, li te chwazi rele l Samyèl, sa vle di “Non Bondye”. Sa gen rapò ak lè yon moun envoke non Bondye, menm jan Ana te fè sa. Pandan ane sa a, li pa t akonpaye Èlkana ak fanmi an pou y al Chilo. Li rete lakay li avèk tipitit la pandan twazan, jiskaske li te sevre l. Apre sa, li te prepare l pou lè jou a rive pou l separe ak pitit gason l li te renmen anpil la.

Siman sa pa t fasil pou li pou l kite timoun nan Chilo. Men, li te konnen yo t ap byen pran swen Samyèl, petèt se kèk nan medam ki t ap sèvi nan tabènak la ki t apral fè sa. Sepandan, Samyèl te piti anpil. Anplis, kiyès manman ki pa ta renmen pou pitit li toujou rete avè l? Malgre sa, Ana ak Èlkana pote tigason an ale, san yo pa plenyen, okontrè yo te fè sa avèk rekonesans. Yo te ofri sakrifis lakay Bondye a, yo te prezante Samyèl bay pwofèt Eli e yo te pale l de priyè Ana te fè a sa gen twazan.

Annapre, Ana te fè yon priyè Bondye te twouve ki merite fè pati Pawòl enspire li a. Pandan w ap li pawòl Ana yo ki nan 1 Samyèl 2:1-10, w ap wè jan lafwa l parèt aklè nan chak fraz. Li te louwe Jewova pou fason san parèy li te sèvi ak pisans li, fason li kapab rabese moun ki ògeye yo, li kapab beni moun y ap oprime yo ak fason li kapab detwi lavi oswa li kapab menm sove lavi. Li te louwe Papa l ki nan syèl la paske li sen, li jis e li fidèl yon fason ki san parèy. Se sa k fè Ana te gen tout rezon pou l di: “Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.” Jewova merite pou nou fè l konfyans totalman, li pa ka chanje e li se yon refij pou tout moun yo oprime e ki santi yo kraze.

Se sèten se yon privilèj ti Samyèl te genyen pou l gen yon manman konsa ki te gen anpil lafwa nan Jewova. Byenke li te anvi wè manman l toutpandan l ap grandi, li pa t janm santi manman l te bliye l. Chak ane, Ana t al Chilo e li te pote yon ti manto san manch pou Samyèl fè sèvis li nan tabènak la. Chak pwen nan kouti manto sa a se yon prèv ki te montre jan l renmen pitit gason l lan e li gen sousi pou li (1 Samyèl 2:19). Nou kapab imajine fason l ap mete nouvo manto li pote a sou tigason an, jan l ap ranje l byen sou li e jan l ap gade l avèk amou toutpandan l ap di bon pawòl pou l ankouraje l. Samyèl te yon moun beni lefètke li te gen yon manman konsa, e li menm tou li te vin yon benediksyon ni pou paran l ni pou pèp Izrayèl la.

Jewova pa t bliye Ana tou. Li te beni l piske li te fè l vin gen pitit. Li te fè senk lòt pitit pou Èlkana (1 Samyèl 2:21). Sepandan, petèt pi gwo benediksyon Ana te genyen se relasyon li te genyen avèk Jewova, Papa li, ki te vin pi sere tank ane yo t ap pase. Toutpandan w ap imite lafwa Ana, se pou menm bagay la rive nan ka pa w tou.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Pou w wè poukisa Bondye te tolere poligami nan mitan pèp li a pandan yon sèten tan, gade atik “Dieu approuve-t-il la polygamie?” an nan Toudegad 1ye jiyè 2009, paj 30 (fransè).

^ § 10 Nan istwa a, se vre yo di Jewova “pa t ba li pitit”, men pa gen okenn prèv ki montre Jewova pa t pran plezi nan fi sa a ki te gen imilite e ki te gen lafwa (1 Samyèl 1:5). Pafwa, Labib di Bondye fè yon evènman rive nan sans li pèmèt li rive pou yon sèten tan.

^ § 13 Èlkana te fèt Rama, e sanble se vil sa a yo te vin rele Arimate nan epòk Jezi a. Se sou baz sa a yo kalkile distans lan.

[Kare nan paj 17]

De priyè estrawòdinè

De priyè Ana te fè yo ki parèt nan 1 Samyèl 1:11 ak 2:1-10 gen yon pakèt bèl pwen enpòtan ladan yo. Annou konsidere kèk ladan yo sèlman.

▪ Ana t ap pale ak “Jewova Chèf lame yo” ​(NW) nan premye priyè li a. Se Ana ki premye moun nan Bib la ki te itilize ekspresyon sa a. Tit sa a parèt 285 fwa nan Bib la, nan lang orijinal la, e li montre Bondye ap dirije yon gwo lame ki fòme ak pitit espirityèl li yo.

▪ W ap remake Ana pa t di dezyèm priyè l la lè pitit gason l lan te fèt, men li te fè sa lè li menm ak Èlkana te mennen pitit la Chilo pou l al fè sèvis Bondye. Kidonk, Ana te jwenn anpil kè kontan paske Jewova te vide benediksyon sou li, men se pa paske Ana te fèmen bouch Penina, lòt madanm Èlkana a.

▪ Lè Ana te di “vrèmanvre, kòn mwen leve byen wo nan Jewova”, petèt li te gen nan lide l yon towo bèf, ki se yon bèt ki gen anpil fòs yo konn itilize pou pote oswa pou rale chay ki lou anpil e ki itilize kòn li yo avèk fòs. Se kòmsi Ana t ap di: ‘Jewova, ou ban m anpil fòs.’ —1 Samyèl 2:1, NW.

▪ Pawòl Ana te di konsènan “wen” Bondye a se pawòl yo konsidere kòm pwofesi. Mo “wen” Ana te itilize a, se menm li menm lè yo tradui l ki bay “mesi” a, e se Ana ki premye moun nan Bib la ki te pale de yon wa yo t ava wenn. —1 Samyèl 2:10, NW.

▪ Mari, manman Jezi, te repete kèk nan pawòl Ana yo lè l t ap fè louwanj pou Jewova anviwon 1000 an apre Ana te fin di pawòl li yo. —Lik 1:46-55.

[Foto nan paj 16]

Ana te gen pwoblèm anpil poutèt li pa t ka fè pitit, e Penina te fè tout sa l kapab pou l te fè l santi l pi mal toujou.

[Foto nan paj 16, 17]

Byenke Eli te mal jije Ana, li pa t fache pou sa.

[Foto nan paj 17]

Ana te priye Jewova ak tout kè l, èske w ka imite egzanp li?