Ki sa anpil moun pè?
Ki sa anpil moun pè?
“Yon moun pa bezwen relijye pou l kwè gen yon dezas k ap tann nou.” —STEPHEN O’LEARY, PWOFESÈ NAN INIVÈSITE SID KALIFÒNI *.
ÈSKE W dakò ak sa pwofesè a di a? Nan seri atik sa a, nou pral egzamine kèk rezon ki fè moun yo pè lavni. Nou pral wè tou rezon ki fè nou kapab gen konfyans lavi pap janm fini sou tè a. Nou gen bon rezon pou nou pozitif, malgre nouvèl nou pral li la yo kapab twouble nou.
Menas gè nikleyè a la pi rèd. An 2007, men avètisman yon jounal (Bulletin of the Atomic Scientists) te bay: “Depi lè yo te lage premye bonm atomik lan sou Iwochima ak Nagazaki, se premye fwa monn nan gen pou l pran yon seri desizyon konsa ki kapab gen move konsekans sou li.” Poukisa tout enkyetid sa a? Dapre jounal sa a, se paske nan ane 2007 te gen 27 000 zam nikleyè e te gen 2 000 ladan yo ki te “pare pou yo lanse yo nan kèk minit sèlman”. Menmsi se ta yon ti pòsyon nan yo sèlman ki ta eksploze, rezilta a t ap yon katastwòf!
Èske menas sa a diminye depi ane sa a? Dapre yon liv yo fè soti chak ane (SIPRI Yearbook 2009 * *), senk peyi ki gen plis zam nikleyè yo, anpalan de Etazini, Lachin, Lafrans, Larisi ak Wayòm Ini, “swa ap deplwaye zam nikleyè swa yo anonse entansyon yo genyen pou yo fè sa”. Sepandan, dapre liv sa a (SIPRI Yearbook 2009), se pa peyi sa yo sèlman ki gen zam nikleyè. Gen moun k ap fè rechèch ki di End, Pakistan ak Izrayèl gen petèt ant 60 a 80 bonm nikleyè yo chak. Yo di tou, sou tout tè a, kounye a gen yon total 8 392 zam nikleyè ki deplwaye e k ap tann pou yo sèvi ak yo.
Chanjman nan klima a ka lakòz gwo dezas. Dapre jounal nou te mansyone anvan an, “danje ki egziste akoz chanjman ki gen nan
klima a grav prèske nan menm nivo ak danje ki egziste akoz zam nikleyè yo”. Gen anpil syantifik moun respekte, tankou Stephen Hawking, yon ansyen pwofesè nan yon inivèsite (University of Cambridge) ak Sir Martin Rees, yon lòt pwofesè ki fè kou nan menm inivèsite sa a ki bay menm avètisman sa yo. Yo kwè fason lèzòm sèvi ak teknoloji ak fason yo maltrete anviwònman an kapab chanje fason moun viv sou tè a e yo kapab menm detwi sosyete a.Anpil moun enkyete akoz sa moun ap di sou lafendimonn. Si w tape “lafendimonn” e w mete “2012” bò kote l nan youn nan sit pou moun fè rechèch sou Entènèt yo, w ap jwenn plizyè santèn paj ki fè konnen lafendimonn ap vini nan ane 2012. Sa k fè sa? Dapre yon ansyen kalandriye maya (le compte long), lafen an ap vini an 2012. Gen anpil moun ki pè paske yo konsidere sa kòm yon siy ki montre sosyete a pral disparèt.
Gen anpil moun ki relijye ki kwè, dapre Labib, tè a gen pou l detwi. Yo kwè tout kwayan ki fidèl yo pral nan syèl e rès moun yo pral rete sou tè a, k ap tèt anba, e yo pral soufri, oubyen tou, y ap lage rès moun yo nan lanfè.
Èske Labib anseye toutbonvre tè a gen pou l depafini nèt oswa li gen pou l disparèt? Apot Jan te bay kretyen parèy li yo yon avètisman kote l te di: “Pa kwè nan tout mesaj ki sanble soti nan Bondye, men verifye mesaj yo pou nou wè si yo soti nan Bondye toutbonvre.” (1 Jan 4:1). Olye nou annik aksepte sa lòt moun di, poukisa nou pa fouye nan Labib pou nou wè nou menm ki sa li di sou lafendimonn? Ou kapab sezi lè w aprann sa li anseye sou sa.
[Nòt anba paj]
^ § 2 Dapre yon atik (Disasters Fuel Doomsday Predictions) ki te parèt sou sitwèb MSNBC nan dat ki te 19 oktòb 2005.
^ § 5 SIPRI vle di Enstiti Entènasyonal nan Stockholm pou fè Rechèch sou Lapè.
^ § 5 Rapò ki te parèt nan liv sa a (SIPRI Yearbook 2009), se twa moun ki te met ansanm pou yo ekri l: Shannon N. Kile, yon chèchè ki gen anpil eksperyans ki responsab rechèch k ap fèt sou zam nikleyè nan kad yon pwogram yo rele ann anglè SIPRI Arms Control and Non-proliferation Programme, Vitaly Fedchenko, yon lòt chèchè ki nan menm pwogram sa a, ansanm ak Hans M. Kristensen, direktè yon òganizasyon ki la yo rele ann anglè Federation of American Scientists pou chèche enfòmasyon sou zam nikleyè.
[Liy kredi pou foto nan paj 4]
Yon nyaj ki gen fòm djondjon: U.S. National Archives photo; foto siklòn: WHO/League of Red Cross and U.S. National Archives photo