Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsole moun ki gen moun mouri yo, menm jan ak Jezi

Konsole moun ki gen moun mouri yo, menm jan ak Jezi

Konsole moun ki gen moun mouri yo, menm jan ak Jezi

LAZA, ki te rete Betani, te vin malad grav. Mat ak Mari, sè l yo, voye moun al kot bon zanmi yo a, Jezi. Men, maladi a touye Laza. Pandan Laza nan tonm nan, zanmi ak vwazen vin wè Mat ak Mari “pou yo konsole yo”. (Jan 11:19.) Lè Jezi resi rive Betani, l al wè bon zanmi l yo. Lè nou egzamine sa l te di e sa l te fè, n ap ka wè ki jan pou nou konsole moun ki gen moun mouri yo.

Prezans ou montre ou pa lage yo

Pou Jezi rive Betani, li te oblije vwayaje pandan anviwon de jou. Li te oblije travèse rivyè Jouden an, epi pran wout ki sot Jeriko a ki te gen anpil koub e ki te apik. Pandan Jezi ap antre nan bouk la, Mat kouri al salye l. Annapre, lè Mari tande Jezi vini, li menm tou li soti byen vit pou l al wè l (Jan 10:40-42; 11:6, 17-20, 28, 29). Siman, prezans Jezi te konsole de sè sa yo ki te nan gwo lapenn.

Menm jan an tou, jodi a, prezans nou kapab konsole moun ki nan lapenn. Scott ak Lydia te gen yon pitit gason ki te gen sizan, ki te rele Theo e ki te mouri nan yon aksidan. Men sa yo di: “Nou te bezwen pou fanmi nou ak zanmi nou la avèk nou pou yo soutni nou. Yo te vin lopital la nan mitan nuit la.” Ki sa zanmi sa yo te di yo? Yo te kontinye pou yo di: “Nou pa t bezwen yo di anyen nan moman sa a. Prezans yo sèlman te di tout bagay. Sa te vle di yo pa t lage nou.”

Labib di lè Jezi te wè moun yo ki t ap kriye pou Laza ki te mouri, li te “vin boulvèse”, epi “dlo koule nan je” l (Jan 11:33-35, 38). Jezi pa t wè se yon bagay ki mal pou yon gason kriye devan moun. Li te konprann lapenn yo te genyen an e li te konnen sa yo te pèdi. Ki leson sa aprann nou? Lè n al wè yon moun ki gen moun mouri, nou pa bezwen santi nou jennen pou nou kriye ak moun k ap kriye a (Women 12:15). Yon lòt bò, pa fòse moun nan kriye, paske gen moun ki prefere kriye lè yo poukont yo.

Koute avèk konpasyon

Jezi te ka gen kèk pawòl nan tèt li pou l di Mat ak Mari pou l ankouraje yo, men, sanble li te kite yo pale anvan (Jan 11:20, 21, 32). Lè l te pale ak Mat, li te poze l yon kesyon e li te koute repons lan. — Jan 11:25-27.

Lè nou pran tan nou pou nou koute moun nan, sa montre nou enterese nan li toutbon. Pou nou rive konsole moun ki gen moun mouri yo, nou bezwen pran tan nou pou nou koute yo. Nou ka demontre nou se moun ki konn koute lè nou poze moun ki nan lapenn nan kesyon k ap ankouraje l di nou sa k nan kè l. Men, fè atansyon pou nou pa fòse moun nan pale si l pa anvi fè sa. Li ka fatige anpil e li ka bezwen repo.

Moun ki andèy yo ka santi yo pa bon menm e pafwa yo ka repete menm bagay la plizyè fwa. Gen kèk moun ki di jan yo santi yo. Mari ak Mat te di Jezi: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” ​(Jan 11:21, 32). Ki sa Jezi te fè lè sa a? Li te pran pasyans pou l koute yo avèk konpasyon. Li pa t di yo ki jan pou yo santi yo. Li te konprann moun ki gen moun mouri kapab nan gwo lapenn.

Si w pa fin konnen ki sa pou w di pou w kòmanse konvèsasyon an lè w al wè moun ki gen moun mouri, ou ka annik fè yo konnen ou avèk yo e yo pa bezwen pè pale avè w. Apre sa, pran tan w pou w byen koute sa y ap di w la. Gade moun nan byen, epi eseye konprann ki jan l santi l.

Li pa fasil pou nou rive konprann jan yon moun ki gen moun mouri santi l. Men sa Lydia esplike: “Sa nou te bezwen te diferan selon moman an. Pafwa, nou konn gen moun ki vin wè nou e sèl bagay nou te kapab fè se kriye san rete. Nou te bezwen pou moun yo pozitif. Zanmi nou yo te fè tout efò posib pou yo konprann jan nou santi nou.”

Jezi te fè sa trè byen. Li te konnen chak moun gen “afliksyon pa yo ak doulè pa yo”. (2 Kwonik 6:29, NW.) Lè medam yo te vin rankontre l la, li te bay yo chak yon repons selon sa yo te di l. Kòm Mat te kontinye pale, Jezi te pale avè l. Men, kòm Mari t ap kriye, Jezi pa t pale anpil avè l (Jan 11:20-28, 32-35). Ki sa nou aprann la a? Li ka pi bon pou nou kite se moun n al wè a ki pran devan nan konvèsasyon an. Lefètke ou dispoze koute l pandan l ap di w jan santi l, sa ka konsole l anpil.

Pawòl ki geri moun

Lè Mari ak Mat te di Jezi “si w te la” a, Jezi pa t repwoche yo, nitou li pa t fache pou sa yo te di a. Men repons li te bay Mat pou l ankouraje l: “Frè w la ap leve.” ​(Jan 11:23). Ak ti pawòl sa yo, Jezi te ede Mat reflechi sou lavni e li te fè l sonje, avèk jantiyès, gen espwa.

Lè n ap pale ak moun ki gen moun mouri, se pou nou sonje menmsi se kèk pawòl sèlman nou di, si yo sensè e yo pozitif, yo ka gen gwo efè sou moun yo. Nou ka swa pale ak moun yo swa ekri yo pou nou di yo ti pawòl k ap konsole yo. Lèt oswa kat nou ekri yo kapab kontinye konsole moun yo lontan apre moun nan fin mouri piske yo kapab toujou reli yo. Nèf mwa apre Bob, mari Kath, te mouri, Kath te reli tout kat li te resevwa yo. Men sa l di: “Mwen panse yo te ede m plis toujou nan moman sa a. Se lè sa a mwen te jwenn konsolasyon.”

Ki sa w ka ekri nan yon ti nòt tou kout pou w konsole yon moun ki gen moun li mouri? Ou ka pale de moun ki mouri a, de yon eksperyans ou te viv ansanm ak li oswa ou ka pale de yon kalite moun nan te genyen ou apresye anpil. Men sa Kath di: “Bèl ti pawòl moun yo te ekri sou Bob yo, sou jan l te ye te fè m anvi souri epi kriye anmenmtan. Istwa komik yo rakonte sou li fè m ri nan kè m e yo fè m sonje jan nou te gen kè kontan nan maryaj nou. Anpil nan kat mwen te resevwa yo gen vèsè ladan yo. Kounye a, kat sa yo gen anpil valè pou mwen.”

Ba yo èd k ap itil yo

Gen yon bagay Jezi te fè pou l te ka ede fanmi Laza nou pa kapab fè. Li te resisite Laza (Jan 11:43, 44). Se vre nou pa ka fè sa, men gen yon seri bagay nou kapab fè pou moun ki gen moun mouri yo k ap itil yo. Pa egzanp nou kapab fè manje pou yo, resevwa moun ki vin wè yo lakay yo, fè lesiv pou yo, okipe timoun piti yo genyen, al fè komisyon pou yo oswa fè aranjman pou nou ba yo transpò. Moun ki gen moun mouri a pap manke pa apresye ti jès tou senp nou fè ki demontre lanmou sensè nou gen pou li.

Natirèlman, pafwa, moun ki gen moun mouri yo kapab anvi ret poukont yo, e nou konprann sa. Malgre sa, ou ka fè yon fason pou w ret an kontak ak yo. Gen yon fi ki te pèdi yon pitit li ki di: “Pa gen yon delè pou yon moun sispann gen lapenn, ni pa gen yon lè fiks pou l santi l byen.” Gen moun ki sonje moun ki mouri a nan dat ki enpòtan tankou dat maryaj yo oswa dat moun nan te mouri a. Si w rann ou disponib lè sa yo, ou kapab yon bon zanmi nan moman difisil yo. — Pwovèb 17:17.

Pou Jezi te konsole disip li yo, lè Laza te mouri, li te pale yo de yon bèl esperans. Li te di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men, mwen pral lòtbò a pou m reveye l.” ​(Jan 11:11). Jezi te bay disip li yo asirans gen yon rezirèksyon ki pral fèt. Li te mande Mat: “Èske w kwè sa?” Mat te reponn: “Wi, Seyè.” — Jan 11:24-27.

Èske w kwè Jezi pral resisite moun ki mouri yo? Si w kwè sa, pale de bèl esperans sa a ak moun ki gen moun mouri yo. Ba yo èd k ap itil yo. Konsa, pawòl ou ak aksyon w ap konsole yo yon tikras. — 1 Jan 3:18.

[Kat jeyografik nan paj 19]

(Gade peryodik la)

PERE

Rivyè Jouden

Jeriko

Betani

Lanmè Sale

Jerizalèm

SAMARI