“Mwen santi m gen yon gwo privilèj”
Yon lèt ki soti Ayiti
“Mwen santi m gen yon gwo privilèj”
APRE tranblemanntè ki te pase ann Ayiti 12 Janvye 2010 la, li pa t fasil pou m gade ravaj li te fè nan nouvèl yo t ap bay nan televizyon. Nan zòn 20 janvye yo, mwen te gen yon zanmi m ki rele Carmen ki te telefone m pou l mande m ale Ayiti avè l pou n al travay kòm volontè. Kèk ane anvan sa, mwen te rankontre Carmen nan chantye konstriksyon Sal Wayòm kote nou de a t ap travay kòm volontè antanke enfimyè. Depi lè sa a, nou te travay ansanm kòm volontè nan plizyè lòt pwojè konstriksyon e nou te vin bon zanmi.
Mwen te fè Carmen konnen mwen pa santi m fò ase ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif pou m al bay èd ann Ayiti. Li te raple m jan nou te konn byen travay ansanm e kòman nou youn kapab ede lòt. Pawòl li yo te ankouraje m. Mwen te rele syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Bwouklin, nan Nouyòk, e m te pale ak moun ki Ozetazini ki te responsab òganize travay sekou a. Mwen te ba l non m pou l te ka mete l sou lis volontè yo. Mwen te pale l de Carmen e m te di l nou ta byen renmen travay ansanm. Li te di m li pa ka ban m okenn garanti y ap rele m oswa y ap rele Carmen pou n al Ayiti, alewè pou n ta travay ansanm.
Antretan, mwen te kontinye mennen aktivite m chak jou e mwen pa t kwè yo t ap rele m. Nan lendi 25 janvye, kat jou annapre, mwen te resevwa yon kout fil ki soti Bwouklin e yo te mande m si m kapab al Ayiti demen! M pa t ka kwè sa! Mwen te pwomèt m ap fè tout sa m kapab. Premyèman, mwen te pran vakans nan travay mwen. Apre sa, mwen kontakte Carmen. Malerezman, Bwouklin pa t envite Carmen paske l pa konn pale fransè. Mwen te kontan anpil byenke m te yon ti jan pè. Jou ki te 28 janvye a, apre m fin fè demach pou m achte tikè, mwen te pran avyon Nouyòk pou m al Repiblik dominikèn, peyi ki fè fontyè ak Ayiti a.
Te gen yon jèn Temwen Jewova ki te rankontre m nan ayewopò a e ki te kondui m rive nan Betèl Repiblik dominikèn nan. Te gen de lòt enfimyè ki te soti Ozetazini ki te rive menm jou a tou e nou te dòmi nan menm chanm jou swa sa a. Nan demen maten, yo te kondui nou mennen nan Betèl Ayiti a, nan Pòtoprens. Vwayaj la te dire setèdtan edmi.
Lè nou fin janbe fontyè Ayiti ak Repiblik dominikèn nan, nou te wè ravaj tranblemanntè a te fè. Nou pa t ka kwè yon tranblemanntè te kapab fè tout dega sa yo nan bèl ti peyi sa a nan sèlman 35 segonn. Li te deja difisil pou m gade dega yo nan televizyon. Mwen pa gen mo pou m esplike efè sa te gen sou mwen lè m te wè dega yo ak de je m. Yon pakèt kay ansanm ak palè nasyonal la te andomaje e yon pakèt lòt te tounen yon pil dekonm. Anpil nan kay ki te kraze yo, moun yo te travay di pandan tout vi yo pou yo bati yo. Tout sa te pèdi nan kèk segonn. Mwen pa t ka sispann panse sou reyalite sa a: se pa bagay materyèl yo ki vrèman enpòtan nan lavi a.
Lè nou rive nan Betèl la, resepsyonis la ki te wè nou ap antre te kouri kite biwo l pou l vin rankontre nou nan pòt la ak yon bèl souri nan figi l, e li te ban nou yon gwo akolad. Li te di nou mèsi dèske nou te kite aktivite pèsonèl nou pou nou vin ede yo. Apre manje midi a, nou te ale nan Sal asanble a, ki toupre Betèl, ki te gentan tounen yon lopital. Se la nou te rankontre lòt Temwen ki te vin ede kòm volontè tou. Ladan yo, te gen yon koup marye ki te soti ann Almay, e toule de te medsen. Yo te gen yon frè ki te vin avèk yo pou ede yo, e te gen yon fanm saj ki te soti an Suis.
Mwen te kòmanse travay depi premye nuit la. Te gen 18 malad, e pami yo te gen ni moun ki Temwen ni moun ki pa Temwen ki te kouche atè nan Sal asanble a sou yon bann ti matla. Staf medsen Temwen yo te pran ka tout moun menm jan e yo te ba yo menm kalite swen an gratis.
Nan menm nuit sa a, te gen yon malad, yon mesye ki te gen 80 an, ki te mouri. Madanm li te bò kote l ansanm avè m ak sè ki te nan menm chanm avè m nan. Apre sa, te gen yon demwazèl ki rele Ketly ki te kòmanse ap kriye akoz doulè li te genyen. Yo te koupe bra l paske li te blese grav nan tranblemanntè a. Te gen yon jèn fi Temwen ki te konn etidye Labib ak Ketly ki te avè l. Jèn fi sa a te konn dòmi bò kote kabann Ketly te ye nan Sal asanble a prèske chak swa.
Mwen te pwoche bò kote Ketly paske m te vle soulaje l nan soufrans li. Doulè l te santi a pa t sèlman nan kò l. Li te di m tranblemanntè a te pran l lakay yon jèn fi ki te zanmi l. Yo pa t byen konprann sa k t ap pase a. Yo te kòmanse kouri toutpandan bra yo te makònen youn ak lòt pou y al sou galri kay la lè yon mi ki te kraze sou yo te kwense yo. Ketly te rele zanmi l lan, men zanmi an pa t reponn. Li di menm kote a li te konnen zanmi l lan mouri. Yon pati nan kò zanmi an te sou Ketly jiskaske moun ki t al pote l sekou yo te rive katrèdtan annapre. Ketly te pèdi bra dwat li nèt rive jis nan zepòl li.
Pandan premye nuit mwen te pase nan lopital la, chak fwa Ketly te vle fè yon ti dòmi, se sa k te pase l la ki te vin nan lespri l. Pandan li t ap kriye, men sa l te di m: “Mwen konnen sa Bib la di sou dènye jou yo e sou tranblemanntè. Mwen konnen nou gen yon bèl avni k ap tann nou. Mwen konnen mwen ta dwe kontan paske m vivan. Men, mete w nan plas mwen pou yon ti moman. Tout bagay ap byen mache pou ou, epi sanzatann ou wè w konsa.” Mwen pa t konn sa pou m di l, mwen annik pran l nan bra m e m te kòmanse kriye tou. Nou toule de te kriye ansanm jiskaske dòmi ale avè l.
Chak jou, yo te voye yon doktè ak de enfimyè al ede moun ki te bezwen swen medikal. Yo te voye m Tigwav ki a anviwon dezèdtan nan machin lè w sot Pòtoprens. Mwen te ale ak de lòt volontè, yon sè ki te enfimyè ak yon doktè ki te sot an Frans. Nou te rive a 9 è 30 nan maten. Nou te dechaje machin nan e nou te mete sa nou te pote yo anndan Sal Wayòm ki nan zòn nan. Moun yo te konnen nou t ap vini e yo te chita ap tann nou.
Nou te kòmanse travay san pèdi tan. Li te fè cho e liy moun ki bezwen èd yo te kontinye ap vin pi long. Nou te resi kapab pran yon ti poz bò zòn twazè nan apre midi. Jou sa a, ant nou twa a, nou te bay 114 vaksen e nou te konsilte 105 moun. Mwen te fatige anpil, men mwen te kontan dèske nou te kapab fè yon bagay pou nou ede moun ki te nan bezwen yo.
An total, mwen te pase de semèn ak kèk jou nan travay sekou ki t ap fèt ann Ayiti a. Mwen te travay douz èdtan nan Sal asanble a prèske chak swa. Se premye fwa mwen te gen yon gwo responsablite konsa. Epoutan, mwen te santi se te yon privilèj e se te yon benediksyon lefètke m te la. Mwen kontan anpil
dèske mwen te gen posiblite pote yon ti soulajman ak yon ti konsolasyon pou ayisyen yo ki tèlman ap soufri.Nou ka aprann anpil bagay nan men yo. Pa egzanp, youn nan pasyan ki te sou responsablite m yo te rele Eliser. Se te yon jèn gason ki gen 15 an, e yo te oblije koupe youn nan pye l yo. Mwen te remake li te konn sere manje yo te konn ba li a pou l te ka pataje l ak Jimmy ki te konn vin pase nuit avè l. Eliser te esplike m Jimmy pa t konn toujou gentan pran yon bagay anvan l vini nan apre midi yo. Egzanp Eliser a montre m nou pa bezwen rich oubyen an sante pou nou pataje sa nou genyen ak lòt moun.
Menm volontè ki te nan ekip mwen an te renmen pataje ak lòt moun tou. Te gen yon volontè ki te malad e te gen yon lòt ki te gen do l ap fè l mal. Malgre sa, yo tout yo te bliye tèt yo pou yo pran swen malad yo. Sa te ankouraje m kontinye nan travay sekou a. Detanzantan, nou tout te konn santi nou about, lespri nou fatige e kò nou kraze. Men, nou te konn soutni youn lòt pou nou pa dekouraje. Se yon eksperyans nou pap janm bliye! Mwen rekonesan paske mwen nan yon òganizasyon ki plen ak kretyen ki janti, ki gen lanmou e ki dispoze fè sakrifis pou lòt moun.
Anvan m kite Ayiti, de medam ki te pèdi bra dwat yo te fè sa yo kapab pou yo chak ekri m yon lèt pou yo remèsye m, e yo te di m se lè m rive nan avyon an pou m li lèt yo a. Mwen te ouvè lèt yo nan avyon an jan yo te mande m nan. Lèt yo te touche m anpil e m pa t ka sispann kriye.
Apre m fin tounen lakay, mwen kontinye kenbe kontak ak kèk nan nouvo zanmi mwen te fè ann Ayiti yo. Lè yon moun nan malè li kapab fè bon zanmi e l ka rekonèt ki moun ki bon zanmi l. Mwen pa kwè gen anyen k ap ka kraze zanmitay mwen genyen ak zanmi m fè ann Ayiti yo. Mwen santi m gen yon gwo privilèj.