Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa w dwe kite Bondye anseye w?

Poukisa w dwe kite Bondye anseye w?

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Poukisa w dwe kite Bondye anseye w?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp Bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avèk ou.

1. Poukisa w dwe kite Bondye anseye w?

Bondye gen yon bon nouvèl konsènan yon bon bagay l ap fè pou lèzòm. Li pale nou de sa nan Bib la. Bib la tankou yon lèt Papa nou ki nan syèl la, ki renmen nou an, ekri nou. — Li Jeremi 29:11.

2. Ki sa bon nouvèl la ye?

Lèzòm bezwen yon bon gouvènman. Pa janm gen yon dirijan sou tè a ki rive delivre yo anba vyolans, enjistis, maladi oswa lanmò. Men gen yon bon nouvèl. Bondye pral bay lèzòm yon bon gouvènman ki pral fè tout sa ki lakòz soufrans disparèt. — Li Dànyèl 2:44.

3. Poukisa li enpòtan pou nou kite Bondye anseye nou?

Talè konsa, Bondye pral debarase tè a anba tout moun ki lakòz moun ap soufri. Annatandan, l ap anseye plizyè milyon moun ki jan pou yo viv pi byen grasa lanmou. Pawòl Bondye a aprann moun ki jan pou yo debat ak pwoblèm yo, ki jan pou yo jwenn bonjan kè kontan ak ki jan pou yo fè Bondye plezi. — Li Sefànya [Sofoni] 2:3.

4. Pawòl kiyès ki nan Bib la?

Bib la gen 66 ti liv ladan l. Gen 40 gason ki te ekri yo. Se Moyiz ki te ekri premye 5 liv yo sa gen anviwon 3 500 an. Dènye liv la, se apot Jan ki te ekri l sa gen anviwon 1 900 an. Sepandan, moun ki te ekri liv ki nan Bib la, se panse Bondye yo te ekri, se pa t panse pa yo. Se sa k fè se pawòl Bondye ki nan Bib la. — Li 2 Timote 3:16; 2 Pyè 1:21.

Nou konnen se Bondye ki fè ekri Bib la paske Bib la bay detay sou sa demen ap pote. Lòm pa kapab fè sa (Izayi 46:9, 10). Anplis, li ede nou konprann ki kalite moun Jewova ye. Bib la gen pouvwa pou l chanje lavi moun pou l fè yo viv pi byen. Enfòmasyon sa yo fè anpil moun gen konviksyon Bib la se Pawòl Bondye. — Li Jozye 23:14; 1 Tesalonisyen 2:13.

5. Ki jan w ka rive konprann Bib la?

Tout moun te vin konnen Jezi kòm yon moun k ap anseye Pawòl Bondye. Byenke pifò moun li te konn pale ak yo te konn Bib la, yo te bezwen moun ede yo konprann li. Pou Jezi te kapab ede yo, li te konn site vèsè youn dèyè lòt epi li bay esplikasyon sou yo pou moun yo ka “konprann Ekriti yo”. Ribrik sa a, “Kite Pawòl Bondye a anseye w”, ap itilize menm metòd la pou l ede w. — Li Lik 24:27, 45.

Pa gen anpil bagay ki bay kè kontan menm jan ak lè yon moun aprann ki objektif lavi a genyen selon Bondye. Sepandan, gen kèk moun ki gendwa pa kontan lefètke w ap li Bib la. Pa dekouraje. Esperans pou w gen lavi etènèl la depann de efò w fè pou w gen konesans sou Bondye. — Li Matye 5:10-12; Jan 17:3.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 2 liv sa a, Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova ki pibliye l.