Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

KI JAN yon dam ki te konn sèvi bwason ki gen alkòl nan yon ba, ki te konn di betiz, ki te konn bwè pou l sou e ki te konn pran dwòg te rive chanje fason l t ap viv? Poukisa yon ansyen politisyen ki te rayi relijyon te vin fè pati yon relijyon? Ki pwoblèm yon moun ki te konn montre moun teknik pou yo goumen nan lapolis, nan peyi Risi, te rive rezoud pou l te ka vin Temwen Jewova? Annou wè sa moun sa yo gen pou yo di nou.

“Manman m avè m retounen gen bon relasyon.” — NATALIE HAM

ANE LI FÈT: 1965

PEYI KOTE L SOTI: OSTRALI

ANVAN: LI TE KONN PRAN DWÒG

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen te grandi nan yon ti vil ki rele Robe, ki nan sid peyi Ostrali, kote pifò moun yo konn peche pwason. Nan ti vil sa yo, se nan otèl vil la pifò moun yo reyini pou yo pase ti moman ansanm. Paran yo pase yon pakèt tan nan otèl vil la, donk, pifò timoun yo grandi bò kote moun k ap bwè alkòl, k ap di betiz e k ap fimen sigarèt.

Lè m te gen 12 an, mwen te gentan konn fimen, mwen te konn anpil mo sal, e mwen te toujou nan kont ak manman m. Papa m ak manman m te separe lè m te gen 15 an, e 18 mwa apre sa, mwen te kite lakay mwen. Mwen te konn bwè anpil, mwen te konn pran dwòg, e m t ap mennen yon vi lib. Mwen te akaryat e m pa t konn sa pou m fè. Kòm mwen te pase senk an ap aprann goumen e m te aprann teknik ki montre kòman pou fi defann tèt yo, mwen te santi m ka defann tèt mwen. Malgre sa, lè m te konn poukont mwen e m te konn ap reflechi, mwen te konn santi m tris anpil e m te konn priye Bondye pou l ede m. Mwen te konn di l: “Sèl bagay, pa mande m al legliz.”

Yon lè, gen yon zanmi m ki te kwè nan Bondye men ki pa t nan okenn relijyon ki te ban m yon bib. Menm jan ak tout lòt zanmi m yo, zanmi sa a tou te konn fimen dwòg. Aktout sa, li te fè konnen li kwè nan Bondye toutbon e li te konvenk mwen pou m batize. Li te mennen m bò yon letan e li te batize m. Depi lè sa a, mwen te santi m gen yon relasyon espesyal ak Bondye. Men, mwen pa t janm gen tan pou m li Labib.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: An 1988, de Temwen Jewova te frape nan pòt lakay mwen. Youn ladan yo te mande m: “Èske w konn non Bondye?” Li te li Sòm 83:18 (NW) nan pwòp bib pa l. Men sa vèsè a di: “Pou moun ka konnen, ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a.” Mwen te sezi! Kou y ale, mwen pran machin mwen e m fè 56 kilomèt pou m rive nan yon libreri kote yo vann liv pou kretyen. Lè m rive, mwen te verifye nan lòt tradiksyon Labib pou m wè si se vre non Bondye se Jewova. Apre sa, mwen te chèche non an nan yon diksyonè. Yonfwa mwen te fin asire m non Bondye se Jewova, mwen te mande tèt mwen èske gen lòt bagay ankò mwen pa konnen.

Manman m te di m Temwen Jewova yo se moun ki dwòl. Mwen pa t konn anpil bagay sou yo e ti sa m te konnen an te fè m panse yo se moun ki pa vle evolye e ki pa konn pran plezi yo. Mwen te menm panse mwen ta dwe al kache lè yo retounen vizite m. Men, lè yo te vini, mwen te chanje lide, mwen deside resevwa yo e mwen te tou kòmanse etidye Labib avèk yo.

Apre chak etid, mwen te pale ak Craig, mennaj mwen an, sou sa m te aprann. Finalman, sa m te konn rakonte l yo te tèlman ba l pwoblèm, yon jou li pran liv la nan men m e li kòmanse li l. Nan espas twa semèn, li te rann li kont li jwenn laverite sou Bondye. Craig avè m te vin sispann pran dwòg, nou te sispann bwè twòp e mwen te kite travay mwen te genyen nan ba a. Pou nou te ka viv ann amoni ak prensip Labib yo, nou te marye.

BYENFÈ MWEN JWENN: Lè mwen menm ak Craig te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, nou te sou wout kite. Jodi a, Craig se yon trè bon mari, e nou gen de bèl pitit. Nou gen bon zanmi ki gen menm kwayans avèk nou.

Lè manman m te aprann mwen gen kontak ak Temwen Jewova yo, sa te fè l fache. Men, se paske li pa t byen konnen Temwen Jewova yo. Kounye a, mwen pa santi m manke yon bagay ankò e manman m avè m retounen gen bon relasyon. Mwen konn kote m prale, lavi m gen yon sans e mwen santi bezwen m te genyen pou m gen yon relasyon ak Bondye a konble. — Matye 5:3.

“Mwen aprann anpil bagay enteresan nan Bib la.” — ISAKALA PAENIU

ANE LI FÈT: 1939

PEYI KOTE L SOTI: TOUVALOU

ANVAN: LI TE NAN POLITIK

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen fèt Nukulaelae, yon bèl zile ki nan Pasifik la, e ki fè pati Touvalou kounye a. Nan zile sa yo, ki nan Pasifik la, pastè yo te pran fòmasyon nan yon fakilte nan Samowa e se yo ki t ap kontwole lavi tout moun. Se moun zile a ki te dwe bay pastè yo ak fanmi yo manje pou yo manje chak jou, se yo menm ki te dwe ba yo kay pou yo rete, anfèt, yo te dwe ba yo pi bon bagay yo te posede. Menm lè moun yo pa t gen ase manje pou yo manje ak fanmi yo, yo te oblije bay pastè yo manje.

Se pastè ki te sou zile m t ap viv la ki t ap dirije lekòl bouk la, e li te anseye relijyon, matematik ak kèk bagay sou jeyografi. Mwen sonje mwen te konn wè elèv ki benyen an san tèlman pastè a te bat yo. Sepandan, pèsonn pa t pran chans di anyen, menm paran yo. Moun yo te tèlman gen lakrentif pou pastè a, w a di se te Bondye an pèsòn.

Lè m te gen dizan, mwen te kite lakay mwen al sou yon lòt zile pou m te ka al nan sèl lekòl leta ki te gen nan zòn nan. Lè m te fin gradye, mwen t al travay pou gouvènman an. Nan epòk sa a, zile sa yo te fè pati yon gwoup zile Grann Bretay te kolonize ki te rele zile Gilbert ak Ellice. Mwen te travay nan plizyè depatman anvan m te vin editè jounal gouvènman an ki te konn parèt chak semèn. Tout bagay t ap mache byen jiskaske mwen te pibliye yon lèt yon lektè te ekri pou l kritike gouvènman an pou lajan li t ap depanse pou l prepare vizit prens Peyid Gal la. Moun ki te ekri lèt la te bay yon fo non, e patwon m nan te vle m ba l bon non moun nan. Mwen te refize, e anpil moun te vin konn sa k te pase a.

Yon ti tan apre, mwen te kite travay mwen te genyen nan gouvènman an e mwen te antre nan politik. Mwen te genyen nan yon eleksyon ki te fèt Nukulaelae e yo te mete m minis komès ak resous natirèl. Annapre, lè moun zile Kiribati (ki te rele zile Gilbert anvan sa) ak moun zile Touvalou (ki te rele zile Ellice anvan sa) yo t ap goumen pou yo pran endepandans yo, gouvènè a te mande m pou m vin alatèt Touvalou. Men, mwen pa t vle pou moun konnen m kòm yon moun ki gen rapò ak kolon sa yo. Donk, mwen te refize, e san gouvènè a pa ede m, mwen te ale nan eleksyon jeneral ki te fèt yo pou m te ka gen yon gwo pòs nan gouvènman an. Mwen te pèdi nan eleksyon an. Apre sa, mwen menm ak madanm mwen te tounen sou zile kote m te soti a e mwen te deside viv yon vi nòmal menm jan ak tout moun nan bouk la.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Ledimanch se te jou saba sou zile yo e se te yon jou sakre pou tout moun, sof pou mwen. Mwen te chwazi jou sa a pou m al flannen sou bato e pou m al peche. Mwen pa t vle pou moun pran m pou moun Legliz. Papa m te di m jan li menm ak lòt moun pa kontan akoz fason m t ap aji a. Men, mwen te pran detèminasyon pou m pa kite moun legliz yo enfliyanse m.

Nan youn nan vwayaj mwen te fè pou m al Funafuti, zile kote kapital Touvalou ye a, ti frè m te envite m ale avè l nan youn nan reyinyon Temwen Jewova yo te òganize. Annapre, gen yon misyonè Temwen Jewova ki te ban m yon pil Toudegad ak Réveillez-vous! pou m li. Li te ban mwen yon liv tou ki te montre doktrin anpil legliz lakretyente anseye yo se doktrin payen. Mwen te li liv sa a plizyè fwa. Mwen te aprann anpil bagay enteresan nan Bib la, pa egzanp, mwen te aprann kretyen yo pa oblije obsève saba *. Mwen te pale de bagay sa yo ak madanm mwen, e depi lè sa a li sispann al legliz.

Men, mwen te toujou detèmine pou m pa gen okenn rapò ak relijyon. Prèske dezan te pase, men mwen pa t ka bliye sa m te aprann nan Labib yo. Finalman, mwen te ekri misyonè ki te Funafuti a pou m di l mwen te pare pou m fè chanjman nan lavi m. Li te pran premye bato ki t ap vin sou zile kote m te ye a pou l te ka ede m konn plis bagay sou Bib la. Lè papa m vin konnen mwen vle vin Temwen Jewova, li te fache anpil. Men, mwen te di l Temwen Jewova yo te aprann mwen anpil bagay sou Bib la e mwen deja pran desizyon m.

BYENFÈ MWEN JWENN: Mwen te batize an 1986, e ennan apre madanm mwen te vin batize. De pitit fi nou yo te aprann sa Labib anseye e yo te deside vin Temwen Jewova tou.

Menm jan ak kretyen yo nan premye syèk la, mwen kontan fè pati yon relijyon kote pa gen kesyon klèje ak fidèl (Matye 23:8-12). Anplis, moun nan relijyon sa a suiv egzanp Jezi avèk imilite e yo preche lòt moun Wayòm Bondye a (Matye 4:17). Se pa ti rekonesans mwen genyen pou Jewova dèske li te pèmèt mwen aprann laverite sou li e sou pèp li a!

“Temwen Jewova yo pa t di m sa pou m kwè.” — ALEXANDER SOSKOV

ANE LI FÈT: 1971

PEYI KOTE L SOTI: RISI

ANVAN: LI TE KONN MONTRE MOUN GOUMEN

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen fèt Moskou, e nan epòk sa a Moskou se te kapital Inyon sovyetik. Fanmi m t ap viv nan yon gwo bilding ki te gen anpil apatman e anpil nan vwazen nou yo t ap travay nan menm faktori. Mwen sonje jan yo te konn ap plenyen di mwen se yon timoun dezòd e jan yo te konn ap di swa m ap mouri anvan lè swa m ap pouri nan prizon. Vrèmanvre, lè m te gen dizan, mwen te deja gen yon dosye lapolis.

Lè m te gen 18 an, mwen te antre nan lame e mwen te vin yon gad fwontyè. Mwen te retounen lakay mwen apre dezan e mwen te travay nan yon faktori, men mwen te vin bouke ak travay sa a. Konsa, mwen te antre nan lapolis, nan yon gwoup ki te la pou lè foul moun ap fè dezòd, e mwen te konn montre lòt polisye yo teknik pou yo goumen. Mwen te konn ede yo mete kriminèl anba kòd nan Moskou e mwen te konn vwayaje al plizyè lòt kote nan peyi a ki te gen dezòd. Mwen te tèlman toujou sou aksyon, mwen te tankou yon bonm ki prèt pou eksploze. Lè m te konn tounen lakay mwen, pafwa mwen pa t dòmi sou menm kabann ak madanm mwen, paske mwen te pè pou m pa ba l kou pandan m ap dòmi.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Lè m te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, mwen te vin aprann fason m t ap viv la pa t ann amoni ak prensip Bib la. Mwen te wè enpòtans pou m kite fimen e pou m kontwole kantite bweson m ap bwè. Sepandan, mwen te panse mwen pa t ap janm ka kite travay mwen, paske mwen pa t gen lòt metye pou ede m pran swen fanmi m. Epitou, mwen te panse mwen pa t ap janm ka al preche, jan Temwen Jewova yo fè a.

Avèk letan, mwen te vin gen konviksyon tout sa ki nan Bib la se laverite. Pawòl ki nan Ezekyèl 18:21, 22 yo te ankouraje m. Men sa vèsè sa yo di: “Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, [...] yo p’ap chonje tout peche li te konn fè yo.”

Mwen kontan Temwen Jewova yo pa t di m sa pou m kwè, men yo te ede m aprann rezone sou sa m t ap aprann yo. Mwen te pran pou pi piti 40 peryodik nan men yo e mwen te li yo nan twa semèn. Sa m te aprann yo te konvenk mwen mwen te jwenn vrè relijyon an.

BYENFÈ MWEN JWENN: Anvan madanm mwen avè m te etidye Labib, nou te sou wout divòse. Kounye a, mwen vin gen pi bon relasyon ak madanm mwen. Li te kòmanse etidye Labib menm lè avè m e nou te deside sèvi Jewova ansanm. Kounye a, nou gen plis kè kontan nan fanmi nou. Mwen te rive jwenn yon travay ki pa depaman ak prensip biblik yo.

Lè m te fèk soti nan predikasyon kay an kay, mwen te konn santi m vrèman strese, menm jan m te konn santi m lè m t apral debake nan yon zòn pou m al dèyè kriminèl. Kounye a mwen gen konfyans mwen kapab rete kalm, menmsi yon moun eseye pwovoke m. Avèk letan, mwen vin aprann pran pasyans ak moun. Mwen regrèt tout tan mwen te gaspiye nan lavi m. Kounye a, mwen santi lavi m vrèman gen yon sans. Mwen kontan bay Jewova tout fòs mwen pou m sèvi l e pou m ede lòt moun.

[Nòt anba paj]

^ § 24 Pou plis enfòmasyon, gade atik ki rele “Faut-il observer le sabbat?” ki te parèt nan Toudegad 1ye fevriye 2010, nan paj 11-15 (fransè).