Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou pwoche bò kote Bondye

“Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè!”

“Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè!”

SA TRIS anpil pou w wè yon moun ou renmen ap soufri, epi li mouri. Lè yon moun pa nou mouri, sa ban nou gwo lapenn. Men, lefètke nou konnen Jewova Dye, Kreyatè nou an, konprann gwo lapenn nou genyen, sa konsole nou. Anplis, se pa ti anvi li anvi itilize pisans li pou l rebay moun ki mouri yo lavi. Remake jan esperans rezirèksyon an parèt nan pawòl Jòb te di yo nou jwenn nan Jòb 14:13-15.

Imajine sitiyasyon an. Jòb, yon moun ki gen yon lafwa estrawòdinè, ap fè fas ak yon gwo eprèv. Li pèdi tout sa l posede, tout pitit li yo li renmen anpil mouri e anmenmtan l ap soufri ak yon gwo maladi. Se nan tout tribilasyon sa yo, Jòb te sipliye Bondye konsa: “O! Si w ta kache m nan cheyòl [tonm kote tout moun ki mouri ale]!” ​(Vèsè 13, NW). Pou Jòb, Cheyòl la t ap fè l sispann soufri e Bondye t ap sere l tankou yon trezò kote sa a. Konsa, Jòb t ap libere anba traka ak soufrans *.

Èske Jòb t ap rete nan Cheyòl pou toutan? Non, Jòb pa t kwè sa, paske li te kontinye priye pou l di: “O! [...] Si w ta fikse yon delè pou mwen pou w sonje m!” Jòb te gen yon konfyans total se pou yon ti tan li t ap rete nan Cheyòl e Jewova pa t ap bliye l. Jòb te konpare tan li t ap gen pou l pase nan Cheyòl la ak yon “kòve”, e li te konnen li t apral oblije ret tann pandan tan sa a. Pou konbyen tan li t ap oblije ret tann? Men sa l te di: “Jiskaske liberasyon m rive.” ​(Vèsè 14, NW). Liberasyon sa a t ap vini lè li soti nan Cheyòl, sa vle di lè Bondye resisite l.

Poukisa Jòb te gen konviksyon li t ap jwenn liberasyon? Paske li te konnen ki jan Kreyatè nou an, ki gen lanmou, santi l lè sèvitè l yo ki fidèl mouri. Men sa Jòb te di: “W ap rele m, e mwen menm m ap reponn ou. Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè ak men w.” ​(Vèsè 15, NW). Jòb te rekonèt se Bondye ki te fè l. Pa gen dout, Bondye ki bay lavi a, ki te fòme Jòb nan vant manman l lan, te kapab bay Jòb lavi ankò. — Jòb 10:8, 9; 31:15.

Pawòl Jòb yo montre ki jan Jewova gen konpasyon. Jewova atache toutbon ak tout moun ki lage kò yo nan men l e ki pèmèt li fòme yo pou yo tounen moun ki apresyab nan je l menm jan ak Jòb (Izayi [Ezayi] 64:8). Jewova bay moun k ap adore l avèk fidelite anpil valè. “Se pa ti anvi” li anvi resisite moun ki mouri e ki te fidèl yo. Gen yon biblis ki di mo ebre yo itilize la a “san dout se youn nan mo ki pi fò pou eksprime anvi sa a” Bondye genyen an. Wi, Jewova pa sèlman sonje adoratè l yo, men tou, li vrèman anvi ba yo lavi ankò.

Erezman, nan liv Jòb la, youn nan premye liv ekriven Labib yo te ekri, Jewova te wè enpòtans pou l fè konnen objektif li genyen pou l resisite mò yo *. Li vle resisite moun pa w yo ki mouri pou w ka ansanm avèk yo. Esperans sa a ka fè l pi fasil pou yon moun sipòte lapenn li genyen lè yon moun pa l mouri. Poukisa ou pa chèche aprann plis bagay sou Bondye sa a ki plen lanmou e sou fason ou ka kite l fòme w pou w vin fè pati moun ki pral la lè l ap reyalize objektif li genyen pou l resisite mò yo?

^ § 2 Selon yon liv, ekspresyon “kache m” Jòb te itilize a bay sans “mete [m] yon kote an sekirite tankou yon bagay ki gen anpil valè”. Gen yon lòt liv ki di ekspresyon sa a bay sans: “Sere m tankou yon trezò.”

^ § 6 Pou w ka aprann plis toujou sou pwomès Bondye fè pou l resisite mò yo pou yo viv nan yon monn nouvo ki jis, gade chapit 7 liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.