Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anseye pitit ou

Èske w konn santi yo rejte w?

Èske w konn santi yo rejte w?

YON moun yo rejte se yon moun lòt moun pa aksepte antre nan gwoup yo. Koulè moun nan ka diferan oubyen moun nan ka soti nan yon lòt peyi, oubyen ankò li ka pale yon lòt jan oswa li ka aji yon fason ki diferan parapò ak lòt moun. Èske w konn santi yo rejte w?  *

Ann pale konsènan yon mesye ki te santi l konsa. Li te rele Mefibochèt. Annou wè kiyès misye te ye e poukisa li te santi yo rejte l. Si sa ta rive ou santi yo rejte w, ou ka aprann anpil bagay nan istwa Mefibochèt.

Mefibochèt se te pitit Yonatàn, bon zanmi David. Anvan Yonatàn te mouri nan lagè, li te di David: ‘Aji byen ak pitit mwen yo.’ David te vin wa. Kèk ane apre, li te sonje pawòl Yonatàn te di l la, e Mefibochèt te toujou vivan. Lè l te piti, te gen yon gwo malè ki te rive l. Li te vin mache bwete tout rès vi l. Èske w wè poukisa li te ka santi yo rejte l? 

David te vle aji byen ak pitit Yonatàn nan. Se sa k fè li te pran dispozisyon pou Mefibochèt vin abite toupre lakay li nan Jerizalèm, e te gen yon plas ki te rezève pou l manje sou tab ak David. David te bay lòd pou Siba ansanm ak pitit li yo ak moun ki t ap travay avè l yo vin sèvitè Mefibochèt. Vrèmanvre, David te onore pitit Yonatàn nan! Èske w konnen sa k te pase annapre? 

David te vin gen pwoblèm nan fanmi l. Absalòm, youn nan pitit gason l yo, te leve kont li e li t ap chèche vin wa. David te chape poul li pou yo pa touye l. Mefibochèt te vle ale ak David ansanm ak plizyè lòt moun ki t al ak David yo. Moun sa yo ki te zanmi David te konnen se David ki gen dwa dirije antanke wa. Men, Mefibochèt pa t ka ale paske li te bwete.

Apre sa, Siba di David sa k fè Mefibochèt te rete se paske li te vle vin wa. David te kwè nan manti sa a. Se sa k fè li bay Siba tout byen Mefibochèt yo. Yon ti tan apre, David te ranpòte laviktwa sou Absalòm e li retounen Jerizalèm. Kounye a, David tande esplikasyon pa Mefibochèt, li deside pou Mefibochèt ak Siba separe byen yo. Sa w panse Mefibochèt te fè? 

Li pa t plede di desizyon David te pran an pa t jis. Mefibochèt te konnen wa a te bezwen lapè pou l te ka byen fè travay li. Se sa k fè li te di Siba te mèt pran tout byen yo. Sa k te pi enterese Mefibochèt se pou David, sèvitè Jewova a, te retounen Jerizalèm antanke wa.

Mefibochèt te soufri anpil. Souvan, li te santi yo rejte l. Men, Jewova te renmen l e li te pran swen l. Ki sa nou ka aprann nan istwa sa a? — Menm lè nou fè sa ki dwat, gen moun ki ka bay manti sou nou. Jezi te di: “Si monn nan rayi nou, nou konnen li te rayi m anvan li rayi nou.” Yo te menm touye Jezi! Nou mèt sèten si nou fè sa ki dwat, Jewova, vrè Dye a, ap renmen nou e pitit li a, Jezi, ap renmen nou tou.

^ § 3 Si w ap li atik sa a ak timoun, tirè a ap fè w sonje pou w fè yon poz e pou w kite timoun nan di sa l panse.