Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske gen yon men ki kache dèyè tout mechanste k ap fèt?

Èske gen yon men ki kache dèyè tout mechanste k ap fèt?

Èske gen yon men ki kache dèyè tout mechanste k ap fèt?

“MWEN te bay Dyab la lanmen.” Se kòmantè sa a kòmandan misyon Nasyonzini nan Wannda a te fè pou l montre yo pa t reyisi bloke jenosid ki t ap fèt nan peyi sa a nan ane 1994. Men kòmantè yon lòt moun ki t ap obsève sitiyasyon an te fè sou zak sovaj moun pa t ap janm imajine ki te fèt nan moman sa a: “Si jiska prezan yon moun ta oze panse Satan pa egziste, se pou l al bò yon fòs komin nan Wannda l a wè.” Èske zak fewòs sa yo se travay Dyab la toutbonvre?

Pifò moun pa kwè vyolans ak mechanste k ap fèt san reflechi se travay yon espri mechan. Gen anpil moun ki panse se mechanste ki nan lòm ki lakòz zak sa yo, e rezon prensipal ki fè gen mechanste se move tandans nou gen nan nou. Gen lòt moun ki vin ak yon teyori kòmkwa gen yon gwoup moun ki rich e ki gen pouvwa, w a di yon rezo mondyal k ap travay anba anba, k ap jwe nan lespri moun yo depi plizyè dizèn ane yon fason pou yo ka dirije monn nan. E natirèlman, gen moun ki blame gouvènman yo ak dirijan yo pou tout enjistis ak soufrans yo wè.

Sa w panse? Poukisa mechanste, zak fewòs ak soufrans ap vale teren nan lemonnantye jodi a malgre efò ki fèt pou frennen yo? Poukisa lèzòm bouche zòrèy yo pou yo pa tande avètisman yo pa sispann jwenn, sa ki lakòz yo antre tèt bese nan yon wout k ap mennen toudwat nan destriksyon? Èske gen yon men ki kache dèyè tout bagay sa yo? Kiyès k ap dirije monn nan toutbonvre? Repons lan ta ka fè w sezi.