Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons dis kesyon sou sèks

Repons dis kesyon sou sèks

Repons dis kesyon sou sèks

1 Èske premye peche Adan ak Èv te fè lè yo te nan jaden Edenn nan se fè sèks?

▪ Repons: Gen anpil moun ki panse fwi Bondye te defann Adan ak Èv manje nan jaden Edenn nan te reprezante relasyon seksyèl. Men, se pa sa Labib anseye.

Ann reflechi: Depi anvan Bondye te kreye Èv, li te bay Adan lòd pou Adan pa manje fwi ki nan “pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la”. (Jenèz 2:15-18.) Piske Adan te poukont li lè Bondye te ba l lòd sa a, donk bagay sa a Bondye te defann li fè a se pa ta ka relasyon seksyèl. Epitou, Bondye te bay Adan ak Èv yon lòd klè, li te di yo: “Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a.” ​(Jenèz 1:28). Èske yon Dye ki gen lanmou ta ka fin mande premye mesyedam yo pou yo “fè anpil anpil pitit mete sou tè a”, sa ki vle di yo t ap oblije gen relasyon seksyèl, epi apre sa pou l ta kondane yo amò poutèt yo te obeyi lòd li te ba yo a? — 1 Jan 4:8.

Mete sou sa, se pandan mari Èv pa t la Èv te “keyi kèk fwi [nan fwi Bondye te defann li pran an]. Li manje”. Apre sa, “li pote bay mari l ki manje tou”. — Jenèz 3:6.

Yon dènye bagay, sèke Bondye pa t pini Adan ak Èv lè yo te gen relasyon seksyèl e yo te fè pitit (Jenèz 4:1, 2). Li klè, fwi Adan ak Èv te manje a pa reprezante relasyon seksyèl yo te genyen, men se te yon fwi toutbon ki te pouse nan yon pyebwa.

2 Èske Labib entèdi moun pran plezi nan relasyon seksyèl?

▪ Repons: Premye liv nan Bib la fè konnen se Bondye ki kreye moun, li kreye yo “gason ak fi”. Bondye te deklare kreyasyon l lan “bon nèt”. (Jenèz 1:27, 31.) Byen lontan apre sa, Bondye te enspire youn nan moun ki ekri nan Bib la pou l bay mari yo enstriksyon ki vin annapre a: “Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan. [...] Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan.” ​(Pwovèb 5:18, 19). Dapre pawòl sa yo, èske w santi Labib entèdi moun pran plezi nan relasyon seksyèl?

Dapre sa nou remake, Bondye pa t kreye ògàn seksyèl yo pou moun ka fè pitit sèlman, men tou li te fè yo dekwa pou yon gason ak yon fi ki marye ansanm kapab demontre lanmou ak afeksyon youn gen pou lòt yon fason ki fè yo toule de jwenn plezi. Relasyon seksyèl konsa kapab satisfè bezwen fizik ak bezwen afektif yon gason ak yon fi ki marye ansanm e ki pwòch anpil youn ak lòt.

3 Èske Labib dakò pou yon gason ak yon fi viv ansanm tankou mari ak madanm san yo pa marye legalman youn ak lòt?

▪ Repons: Labib fè konnen yon fason klè “Bondye pral jije [...] fònikatè”. (Ebre 13:4.) Mo grèk pòneya yo mete fònikasyon pou li a fè referans jeneralman ak yon move itilizasyon de moun ki pa marye ansanm fè ak ògàn seksyèl youn lòt *. Se sa k fè, nan je Bondye, li pa t ap bon pou yon gason ak yon fi viv ansanm tankou mari ak madanm, menmsi yo gen entansyon marye yon jou.

Menmsi yon gason ak yon fi damou anpil, Bondye vle pou yo marye youn ak lòt anvan yo gen relasyon seksyèl. Se Bondye ki te kreye nou ak kapasite pou nou renmen. Kalite prensipal Bondye genyen se lanmou. Kidonk, li gen bonjan rezon pou l ensiste pou se moun ki marye youn ak lòt sèlman ki gen relasyon seksyèl, jan atik ki vin apre a pral esplike sa.

4 Èske l akseptab pou yon gason gen plizyè madan marye?

▪ Repons: Pandan yon tan Bondye te kite yon gason gen plis pase yon sèl madanm (Jenèz 4:19; 16:1-4; 29:18–30:24). Men, se pa Bondye ki te vin ak kesyon pou gason gen plizyè madanm nan. Se yon sèl madanm li te bay Adan.

Bondye te bay Jezi otorite pou l remete premye prensip Li te etabli a sou pye, sètadi yon sèl madanm pou yon gason (Jan 8:28). Lè kèk moun te poze Jezi kesyon sou maryaj, men sa l te reponn: “Sila a ki te kreye yo depi nan kòmansman an te fè yo gason ak fi, e li te di: ‘Se pou rezon sa a, yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè’.” — Matye 19:4, 5.

Apre sa, Bondye te enspire youn nan disip Jezi yo pou l ekri pawòl ki vin annapre yo: “Se pou chak gason gen pwòp madanm li, e se pou chak fi gen pwòp mari l.” ​(1 Korentyen 7:2). Labib di tou kèlkeswa gason y ap bay responsablite espesyal nan kongregasyon an, si l marye, li “dwe gen yon sèl madanm”. — 1 Timote 3:2, 12.

5 Èske se yon mal pou moun ki marye yo fè planing?

▪ Repons: Jezi pa t bay disip li yo lòd pou yo ni fè pitit ni pa fè pitit. Nitou okenn nan disip Jezi yo pa t bay yon enstriksyon konsa. Pa gen okenn kote nan Bib la ki entèdi aklè yon moun fè planing.

Kidonk, moun ki marye yo lib pou yo deside si y ap fè timoun oswa si yo pap fè. Yo ka deside tou ki kantite timoun y ap fè e ki lè y ap fè yo. Si yon mari ak madanm li chwazi fè planing, se desizyon pèsonèl yo e se responsablite pa yo, depi planing yo chwazi a se pa yon planing k ap fè yon timoun ki ta fèk ap fòme nan vant manman an tonbe *. Pèsonn pa gen dwa jije yo. — Women 14:4, 10-13.

6 Èske jete pitit se yon bagay ki mal?

▪ Repons: Lavi se yon bagay ki sakre pou Bondye, e pou li menm yon tibebe ki fèk ap fòme nan vant manman l se yon moun vivan (Sòm 139:16). Bondye te di si yon moun ta lakòz yon tibebe nan vant mouri, moun sa a merite pou yo jije l pou sa. Kidonk, nan je Bondye, se yon krim si yon moun touye yon tibebe nan vant. — Egzòd 20:13; 21:22, 23.

Men, e si nan moman akouchman an lavi ni fi ansent lan ni tibebe nan vant li a an danje e mari ak madanm oblije chwazi si se madanm nan oswa tibebe a pou yo sove? Nan ka sa a, mari ak madanm ap gen pou yo deside kiyès y ap eseye sove *.

7 Èske Labib pèmèt moun divòse?

▪ Repons: Wi, Labib pèmèt moun divòse. Men, Jezi te bay yon sèl rezon ki akseptab pou yon moun divòse. Men sa l te di: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou fònikasyon [relasyon seksyèl san se pa ant de moun ki marye youn ak lòt], e ki al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè.” — Matye 19:9.

Bondye rayi lè yon moun pote moun li marye avè l la yon kou trèt pou l divòse avè l, oswa lè l aji an mètdam. Moun ki kite moun yo marye avèk yo a san rezon, sitou lè yo fè sa pou y al marye ak yon lòt moun, se Bondye pèsonèlman ki pral mande yo kont. — Malaki 2:13-16; Mak 10:9.

8 Èske Bondye dakò pou gason kouche ak gason oswa pou fi kouche ak fi?

▪ Repons: Labib kondane fònikasyon aklè, e fònikasyon gen ladan l relasyon seksyèl ant moun menm sèks (Women 1:26, 27; Galat 5:19-21). Byenke Labib fè konnen yon fason klè Bondye pa dakò ak mòd relasyon sa yo, nou konnen “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an”. — Jan 3:16.

Byenke vrè kretyen yo pa soutni relasyon seksyèl ant moun menm sèks, yo demontre bonte pou tout moun (Matye 7:12). Bondye vle pou nou “onore tout kalite moun”. Se sa k fè vrè kretyen yo pa gen hèn pou moun ki omoseksyèl yo. — 1 Pyè 2:17.

9 Èske se yon bagay ki mal pou yon moun sèvi ak telefòn oswa Entènèt pou l pale sou sèks oswa pou l voye imaj sou sèks?

▪ Repons: Gen moun ki sèvi ak telefòn pou yo pale sou sèks yon fason ki pa kòrèk oswa pou yo koute mesaj ki fè yo anvi fè sèks. Yo konn voye foto oswa sms bay lòt moun tou pou fè yo anvi fè sèks. Gen moun ki sèvi ak Entènèt pou yo voye foto oswa pou yo pale yon fason pou ni yo menm ni moun y ap kominike avè l la vin anvi fè sèks.

Labib pa pale dirèkteman sou pratik sa yo ki gen nan epòk nou an. Men, li di: “Depi se fònikasyon, salte sou kèlkeswa fòm nan, oswa avaris, nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou, etandone sa pa konvnab pou moun ki sen. Se menm bagay la pou konduit ki fè moun wont, pawòl ki san valè, blag betiz. Bagay sa yo pa konvnab.” ​(Efezyen 5:3, 4). Mòd bagay sa yo, tankou pale sou sèks nan telefòn yon fason ki pa kòrèk, voye mesaj oswa imaj ki gen rapò ak sèks nan telefòn oswa sou Entènèt, fè moun gen yon move pwennvi sou sèks e sa ankouraje moun pran plezi nan domèn seksyèl san youn pa marye ak lòt. Olye bagay sa yo ede moun kontwole anvi seksyèl yo genyen, se ankouraje yo ankouraje moun pran plezi yon fason ki egoyis.

10 Ki pwennvi Labib sou mastibasyon?

▪ Repons: Labib pa pale dirèkteman sou mastibasyon, anpalan de yon moun k ap karese tèt li yon fason pou l anvi fè sèks e pou l rive nan pwen kote li santi bezwen seksyèl li satisfè. Sepandan, men lòd Pawòl Bondye a bay kretyen yo: “Fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak fònikasyon, salte, dezi seksyèl [ki pa konvnab].” — Kolosyen 3:5.

Mastibasyon fè moun gen yon pwennvi ki defòme e ki egoyis sou sèks. Labib bay asirans moun k ap fè efò toutbonvre pou yo kite abitid sa a, Bondye kapab ba yo “pisans ki depase yon pisans nòmal”. — 2 Korentyen 4:7; Filipyen 4:13.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Pòneya fè referans tou ak lòt aksyon ki depaman ak objektif Bondye te genyen okòmansman lè l te kreye ògàn seksyèl lèzòm. Pami aksyon sa yo, gen adiltè, relasyon seksyèl ant moun menm sèks ak relasyon seksyèl ant moun ak bèt.

^ § 19 Pou plis enfòmasyon sou pwennvi Bib la konsènan metòd pou moun pa fè pitit, gade “Questions des lecteurs” nan Toudegad 15 jen 1999, paj 27-28 (fransè).

^ § 22 Pou nou konnen si yon fi ki ansent apre yo fin vyole l gen dwa jete pitit la, gade Réveillez-vous! 22 me 1993 la, paj 10-11. Se Temwen Jewova ki pibliye l.