Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Evanjil apokrif yo: Èske yo bay verite moun te kache sou Jezi?

Evanjil apokrif yo: Èske yo bay verite moun te kache sou Jezi?

Evanjil apokrif yo: Èske yo bay verite moun te kache sou Jezi?

“SE YON gwo dekouvèt. L ap deranje anpil moun.” “Sa chanje jan nou te konprann krisyanis nan premye syèk la.” Gwo deklarasyon sa yo se pawòl kèk biblis ki te byen kontan aprann yo pibliye yon dokiman yo rele “Evanjil Jida” a, yon tèks yo te panse ki te pèdi depi plis pase 16 syèk (li parèt pi wo a).

Moun vin enterese ankò nan evanjil apokrif sa yo. Gen kèk moun ki fè konprann tèks sa yo devwale kèk bagay estrawòdinè Jezi te fè lè l te sou tè a ak kèk bagay li te anseye men ki te kache pandan anpil tan. Men, ki sa evanjil apokrif yo ye? Èske an reyalite yo kapab aprann nou verite sou Jezi ak sou krisyanis la nou pa ka jwenn nan Bib la?

Evanjil ki fè pati kanon Bib la ak evanjil apokrif yo

Ant ane 41 epòk nou an ak ane 98 epòk nou an, Matye, Mak, Lik ak Jan te ekri sou “lavi Jezi Kris”. (Matye 1:1.) Pafwa, yo rele istwa sa yo evanjil, sa vle di “bon nouvèl” sou Jezi Kris. — Mak 1:1.

Byenke te ka gen tradisyon moun transmèt nan bouch ki pale de Jezi ak lòt bagay yo te ekri sou li, se kat Evanjil sa yo sèlman yo konsidere kòm pawòl Bondye enspire sou lavi Jezi e ki merite fè pati Ekriti sakre yo. Evanjil sa yo bay “asirans bagay yo te anseye” sou lavi Jezi sou tè a ak sa l te anseye yo “se laverite”. (Lik 1:1-4; Travay 1:1, 2; 2 Timote 3:16, 17.) Tout ansyen rejis ki gen lis Liv sakre ki te ekri an grèk yo pale de kat Evanjil sa yo. Pa gen okenn rezon pou n gen dout liv sa yo fè pati kanon Bib la, sètadi pou n gen dout liv sa yo fè pati Pawòl Bondye enspire a.

Men, rive yon lè, gen lòt liv yo te vin rele evanjil tou ki te kòmanse parèt. Yo te rele lòt evanjil sa yo evanjil apokrif *.

Nan fen dezyèm syèk la, Irene ki te moun Lyon te fè konnen aposta ki te nan krisyanis la te gen “yon pakèt liv apokrif ki pa bay laverite”, pami liv sa yo te gen evanjil “yo menm yo te envante, pou yo lage moun ki pa reflechi nan konfizyon”. Se sa k fè yo te vin konsidere evanjil apokrif yo nonsèlman kòm liv ki danjere pou moun li, men tou kòm liv moun pa ta dwe menm genyen.

Men, nan peryòd ki te kòmanse anviwon ane 500 epòk nou an pou rive anviwon ane 1500 epòk nou an, te gen kèk mwàn ak kèk moun ki te konn kopye dokiman ki te kontinye kopye liv sa yo e ki te konsève yo. Nan 19yèm syèk la, anpil moun te vin enterese anpil nan sijè sa a. Nan menm epòk la, yo te dekouvri plizyè nan tèks sa yo ak yon seri lòt tèks apokrif kèk biblis te korije e ki gen plizyè vèsyon. Jodi a, gen nan tèks sa yo yo pibliye nan anpil nan lang moun plis pale nan epòk nou an.

Evanjil apokrif yo se yon seri istwa ki pa reyalis yo rakonte sou Jezi

Souvan, evanjil apokrif yo konsantre sou moun yo pa pale anpil de yo nan Evanjil ki fè pati kanon Bib la oswa moun yo pa pale ditou de yo. Oubyen, yo rakonte yon seri evènman yo fè konprann ki te pase lè Jezi te piti. Ann egzamine kèk egzanp:

▪ Gen yon evanjil yo di Jak te ekri, yo konn rele “Nesans Mari”, ki pale konsènan lè Mari te fèt, lè l te piti ak maryaj li avèk Jozèf. Yo pale de liv sa a kòm yon liv ki rakonte istwa ak lejann nan domèn relijye. Yo gen rezon di sa paske li fè konprann Mari te rete vyèj pandan tout vi l, e li klè yo te ekri liv sa a pou bay Mari glwa. — Matye 1:24, 25; 13:55, 56.

▪ “Evanjil Toma sou anfans Jezi” a pale konsènan lè Jezi te piti, lè l te gen ant 5 an e 12 an, e li fè konnen Jezi te fè yon seri mirak ki pa reyalis. (Gade Jan 2:11.) Yo prezante Jezi kòm yon timoun ki te mechan, ki te fè kòlè fasil, ki te renmen fè vanjans, ki te konn sèvi ak pouvwa li genyen pou l fè mirak pou l tire revanj sou pwofesè l, sou vwazen l ak sou lòt timoun. Gen nan moun sa yo li te fè vin avèg, genyen li te fè vin enfim e genyen li te menm touye.

▪ Gen kèk evanjil apokrif, tankou “Evanjil Pyè” a, ki plis pale sou evènman ki gen rapò ak jijman Jezi a, lanmò l ak rezirèksyon l. Gen lòt evanjil apokrif, tankou “Travay Pilat yo” ki fè pati “Evanjil Nikodèm” nan, ki pale sitou de moun ki gen rapò ak evènman sa yo. Lefètke tèks sa yo pale de evènman ki pa t fèt vre e yo pale de moun ki pa t egziste, sa fè moun pa ka fè yo konfyans. “Evanjil Pyè” a vle fè konprann Pons Pilat pa t koupab e li pale de rezirèksyon Jezi yon fason ki pa reyalis.

Evanjil apokrif yo ak apostazi nan krisyanis la

An desanm 1945, toupre yon bouk ki rele Nag Hammadi, ann Ejip, gen kèk peyizan ki t al tonbe sou 13 papiris ki gen 52 tèks ladan yo ki te ekri alamen. Gen moun ki panse se moun ki te fè pati yon mouvman yo rele nostik ki gen rapò ak relijyon ansanm ak filozofi ki te ekri yo. Nostik la se yon melanj doktrin payen, filozofi grèk, jidayis ak krisyanis, e moun ki ladan l yo ap chèche gen kontak dirèk ak Bondye. Mouvman sa a te gen move enfliyans sou kèk moun ki te di yo se kretyen. — 1 Timote 6:20, 21.

“Evanjil Toma” a, “Evanjil Filip” la ak “Evanjil Verite” a ki fè pati 13 papiris yo te jwenn toupre bouk Nag Hammadi a pale de divès ide nostik ki mistik yo di se Jezi ki te vin avèk yo. “Evanjil Jida” a yo te dekouvri sa pa gen twò lontan fè pati evanjil nostik yo tou. Li pale an byen de Jida antanke sèl apot ki te vrèman konprann kiyès Jezi te ye. Gen yon moun ki espesyalize nan evanjil sa a ki fè remake evanjil la pale de Jezi kòm “yon anseyan e kòm yon moun k ap fè konn sajès ak konesans, men li pa pale de li kòm yon sovè ki te mouri pou peche monn nan”. Evanjil Bondye te enspire yo anseye Jezi te bay lavi l kòm sakrifis pou peche monn nan (Matye 20:28; 26:28; 1 Jan 2:1, 2). Li klè, yo te ekri evanjil nostik yo pou febli lafwa moun gen nan Bib la olye yo fòtifye lafwa moun yo. — Travay 20:30.

Se Evanjil ki fè pati kanon Bib la ki bon

Lè nou byen egzamine evanjil apokrif yo, nou rann nou kont yo fo. Lè nou konpare yo ak Evanjil ki fè pati kanon Bib la, li klè se pa Bondye ki enspire yo (2 Timote 1:13). Etandone se moun ki pa t janm konnen ni Jezi ni apot li yo ki te ekri yo, yo pa bay okenn verite ki kache ni sou Jezi ni sou krisyanis la. Okontrè, yo gen yon seri istwa moun envante, ki pa egzak e ki pa reyalis, ki pap ede moun konnen ni Jezi ni ansèyman l yo. — 1 Timote 4:1, 2.

Yon lòt bò, Matye ak Jan te pami 12 apot yo. Mak te konn ansanm ak apot Pyè e Lik te konn ansanm ak apot Pòl. Matye, Jan, Mak ak Lik te ekri Evanjil yo a anba direksyon lespri sen Bondye (2 Timote 3:14-17). Pou rezon sa a, kat Evanjil yo gen tout sa ki nesesè pou yon moun kwè “Jezi se Kris la, Pitit Bondye a”. — Jan 20:31.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Mo “apokrif” la soti nan yon mo grèk ki vle di “kache”. Okòmansman, mo sa a te fè referans ak yon tèks ki rezève sèlman pou moun ki fè pati yon gwoup moun ki gen menm pozisyon sou yon seri kesyon e yo te kache pou moun ki pa fè pati gwoup sa a. Men, yo te vin itilize mo sa a pou idantifye liv ki pa t pami liv ki fè pati vrè kanon Bib la.

[Liy kredi pou foto nan paj 18]

Kenneth Garrett/National Geographic Stock